KOTE LALIN NAN SOTI? (orijin Lalin nan)
Èske Lalin nan se sè Latè? Pitit fi li? Madanm li? Oswa èske yon kolizyon cosmic ki te fòme li? https://youtu.be/gXLV22heo5g Nan epizòd sa a, Captain Astro (Dr Rulx Narcisse) ap mennen Marie Sulfise Elisma ak Kenold Hyppolite, etidyan ENGA, nan yon ti ankèt syantifik sou youn nan pi gwo kesyon astwonomi yo: Kijan Lalin nan te vin la? Ansamm, yo eksplore 4 gwo senaryo ki te pwopoze pou eksplike orijin Lalin nan: 🔭 Lalin kòm sè Latè : hypothèse de la co-accrétion 🌍 Lalin kòm pitit fi Latè : hypothèse de la fission 💫 Lalin kòm “madanm” Latè : capture gravitationnelle 💥 Theia ak l’impact géant : senaryo ki domine rechèch syantifik aktyèl la Men videyo a pa sèlman rakonte istwa Lalin nan. Li montre kijan syans fonksyone. Kijan syantifik yo teste yon ipotèz? Ki sa wòch Lalin yo revele nou? Poukisa misyon Apollo ak Luna te enpòtan? Epi, èske nou ka vrèman di nou konnen egzakteman sa ki te pase plis pase 4.5 milya ane de sa? Avèk Marie ak Kenold, Captain Astro ap montre nou yon...









