Kopènik: Poukisa li te mete Solèy la nan sant sistèm planetè a?
SÈN 1. OUVÈTI : YON KESYON KI CHANJE ASTWONOMI CAPTAIN ASTRO : Bonjou tout moun! Byenvini nan ASTRO-ENGA, espas kote nou pran tan pou nou obsève syèl la, poze kesyon epi chèche konprann Linivè a avèk lasyans. Mwen se Captain Astro, yon astwon ò m pwofesyonel nan Société Haitienne d’Astronomie (SHA), epi tou pwofesè astwonomi nan ENGA : École Nationale de Géologie Appliquée . Jodi a, mwen avek Dadson METHESIER, etidyan 3yèm ane nan ENGA. Nou pral pale de yon lide ki te chanje fason moun konprann plas Latè nan sistèm planetè a. Dadson, si ou leve je w nan syèl la, kisa ou wè Solèy la ap fè pandan jounen an? DADSON : Mwen wè l leve nan lès, li monte nan syèl la, epi li desann nan lwès. Sa fè moun panse se Solèy la k ap deplase toutotou Latè. CAPTAIN ASTRO : Egzakteman! Epi se pa yon konklizyon ki te san sans. Se sa obsèvasyon chak jou te sanble montre. Men, èske sa nou wè toujou reprezante egzakteman sa k ap pase? Di m non ! DADSON : Non. Pa egzanp, lè m chita nan...




