Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Yon enpak komèt (komèt Shoemaker-Levy 9)



An jiyè 1994, astwonòm yo te benefisye de yon nouvo mwayen pou yo etidye atmosfè ak anndan planèt Jipitè – kolizyon komèt Shoemaker-Levy 9 avèk planèt la, yo te bay komèt sa non sa a koz se astwonòm sa yo ki te dekouvri yo.

Lè yo te dekouvri li an Mas 1993, komèt Shoemaker-Levy 9 te parèt tankou yon bagay etranj ki “kraze “. Imaj ki gen pi gwo rezolisyyon, tankou imaj nou we an ba a, revele ke komèt la fèt ak plizyè ti mòso, pi gwo mòso a pa pi gwo ke 1 km. Tout ti mòso yo tap swiv yon menm òbit, men tou yo tout te sou yon menm trajektwa ak komèt la, tankou m ta di ou yon fil kolye madyok ki gen longè 1 milyon km.


Kote yon objè etranj konsa soti ? Lè chechè yo retrase òbit li an aryè nan tan an, kidonk lè yo eseye kalkile sa ki te pase avan, yo kalkile ke an jiyè 1992 komèt la te vin tou prè planèt Jipitè a anviron 100 000 km de planèt la. Yo konpran donk ke objè tankou sa nou wè nan imaj yo se lè gwo fòs gravitasyonèl planèt Jipitè te kaptire yon komèt “nòmal” e li te tou dechire li an ti mòso. Enfomasyon astwonòm yo jwen yo revele yon lòt bagay ki pi remakab ankò : lè komèt la ta gen pou li vinn pi prè anpil, li va antre an kolizyon avèk planèt Jipitè !


Nan mya jiyè 1994, ant 16 e 22 jiyè, mòso komèt Shoemaker-Levy 9 yo frape ak pati an wo atmosfè planèt la e yo tou antre andann ak yon vitès ki plis ke 60 km/s pandan yap koze yon seri de gwo eksplozyon. Tout gwo teleskòp ki te la yo tap gade evenman sa, takou HST, Galileo (ki te lè sa a sèlman 1.5 IA de Latè) ; e menm Voyager 2 tap swiv evenman an. Chak enpak te krye, pandan kelke minit, yon boule dife klere anpil ki mezire plizyè santèn km ak yon tanperati de plizyè milye kelvin. Pi gwo boul dife a te pi gwo ke planèt Latè. Enèji chak ekplozyon sa yo, te tankou eksplozyon yon milya bonb ki konn sou Latè, ou te ka konpare vyolans yo ak sa ki te pase nan tan lontan pre-istorik, lè yon gwo enpak te lakoz disparisyon dinozò yo, sa gen 65 milyon dane.


Se youn nan pi gwo mòso yo, mose G, ki bay boul dife ekstraodine sa ke nou wè sou imaj sa.


Pandan plizyè jou aprè enpak yo, astwonòm yo te kontinye ap obsève efè yo sou atmosfè planèt la ak tou vibrasyon ki te pwodwi andan planèt la. Materio kap tonbe a pati de enpak yo te gaye ko yo dousman nan bann yo ki nan atmosfè Jipitè a e yo te vlope planèt la net sou 5 mwa.


Nan sa nou ka detèmine, pa gen youn nan mòso komèt yo ki penetre konplètman nyaj Jipitè yo. Se sèlman sonn spasya Galileo ki te tap gade direkteman enpak yo nan do Jipitè, donk sou lòt bò fas Jipitè, e nan chak ka eksplozyon, sa te pase nan pati ki pi wo nan nyaj yo. Nan mak nwa nou ka wè sou imaj yo se plis mòso komèt ke yo ta ye o lye se ta mòso Jipitè. Yo te detekte vapè dlo tou gras ak enstriman spektroskopi ; se ta na matero komèt la ki ta fonn e tounen vapè ke vapè dlo sa yo ta soti – pa blye ke komèt yo se boul glas sal ke astwonòm yo te toujou panse yo ye.


Lè yo te fek dekouvri enpak komèt Shoemaker-Levy 9 an 1994, se te yon konfimasyon de sa syantifik yo (tankou Shoemaker) tap di depi dèzane ke kolizyon yo se de evenman enpotan nan evolisyon sistèm solè a. Detoutfason, yo te panse tou ke evenman sa yo rare. Obsevasyon resan yo montre ke yo pa rare. Erezman, gras ak teknoloji astwonomik kap avanse e ki nan men menm astwonòm amatè yo, gras donk ak teknoloji sa yo Jipitè plis sou kontwol, plis pae jan li te konn ye avan sa. E li vin klè ke enpak komèt se yon bagay ki ka fèt de tanzantan.


Imaj HST yo montre yon enpak ki te fèt an 2009. Depi lè sa, yo te obseve 3 lòt enpak : 2 an 2010 e 1 an 2012. Syantifik yo menm spekile pou you di ke kolizyon konsa yo ka enpòtan pou nou sa konnen anndan planèt yo nan le futur.

Tradiksyon e adaptasyon Astronomy Today 8e ed. (Chaisson & McMillan), chap 11, paj 274


Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune