Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Komèt yo





Komèt


Bonjou,
bonswa
Mwen
se Dr Rulx Narcisse, yon astwonom pwofesyonel nan Societe Haitienne
d'Astronomie et Coordonateur National Sensibilisation UAI.
Jodi
a, nou pral pale de komet yo. Nap pale senp, pou tout moun sa
konpran, timoun kou gran moun.
Pwoche
pi pre pou tande, pa soti, rete laka ou pou pwoteje tet ou kon
kovid-19 la. E pa blye abone sou chen nou an pou pa rate lot epizod
yo


Yon komèt se yon kò ki fèt ak glas
mele ak pousyè kap òbite otou Solèy la. Obit sa gen fòm alonje,
kidonk li se yon elips ki plat anpil. Se sa ki pral pèmèt ke li
sòti trè lwen e li vin tou prè Solèy la. Se konsa tou komèt la
vin ekspoze'l a van ak presyon radyasyon ki sòti nan Solèy la.
Komèt la sibi gwo efè gravite Solèy la tou.


Komèt la gen tou yon couch gaz ki
antoure li, yon sòt de
atmosfè ki klere e ki fèt ak pousyè ak gaz ; se yon sòt de
chevelure ki kouvri komèt la e ki longe kò li an 2 pati ;
2 pati sa yo, se tankou 2 ke long komèt la genyen, youn fèt ak gaz
ionisé, lòt la fèt ak pousyè ;
e yo ka etann kò yo sou plizyè dizèn milyon km.


Lè komèt yo sou wout pou vin pi prè
Solèy la, yo rapwoche yo de Latè ; konsa yo vin pi klere e ou
ka wè yo pi fasilman nan syèl la ; geyen ki tèlman klere ke
ou ka wè yo pandan lajounen.
Sof kèk ti eksepsyon ki konn bay la
troublay nan klasifikasyon, komèt ak astwoyid pa menm bagay.


Komèt yo gen yon nwayo ki aktif. Yo
sitiye tou nan 2 zon nan sistèm solè a : Senti Kuiper ak Nyaj
Oort la. Konsa tou, astwonòm yo komanse dekouvri komèt entèstelè,
kidonk komèt ki sòti an deyò
nèt nan sistèm solè a, tankou komèt 2I/Borissov
ke yo te dekouvri nan fen mwa daout 2019.


Komèt yo parèt tankou yon bagay nan
lespas ki gen yon chevelure, dayè se poutèt sa yo rele li
komèt, de yon mo grèk
komêtês
astêr
ki vle di astre avec
cheveulure
. Se avèk patikil gaz mele ak pousyè ki sòt sou
nwayo komèt la ke chevelure komèt
la fòme.


Pandan ke komèt la ap vin pi prè
Solèy la, glas ki sou li komanse transfome an gaz sou efè chalè
Solèy la ; transfòmasyon
sa fèt dirèktemant de glas a gaz, san ke li pa pase nan faz likid ;
se yon fenomèn fisik yo rele siblimasyon.


Atmosfè ki antoure nwayo komèt la ak
ke li yo, yo fèt ak plizyè atòm
ak molekil tankou idrojèn, dlo, monoxyde de carbone, dioxyde de
carbone, méthane, ammoniac
ak acide cyanhydrique.


Jeneralman, astwonòm yo pale de 2 ke
ke komèt yo genyen.
ki jan ke sa yo fè parèt ?
-Gen youn nan ke yo ki fèt ak plasma,
li toujou a lopoze Solèy la, tankou m ta di ou yon lonbraj. Li
rectiligne, tou dwat, e se van Solèy la kap pouse li a gwo
vitès : 500 km/s.
-2e ke a, se pousyè ke radyasyon Solèy
la ap pouse. Ke sa pi laj e li pa dwat, li pito fè yon ti koube nan
sans òbit komèt la.


Donk komèt yo ap òbite otou Solèy
la, men fòm òbit yo trè
eliptik, kidonk òbit yo
parèt alonje anpil anpil pa rapò
ak òbit planèt yo. Teknikman, astwonòm yo rele sa excentricité.
Konsa astwonòm yo distenge 2 kategori
komèt :


-1 : komèt ki pran mwens
ke 200 zan pou konplete òbit yo otou Solèy la. Nou jwen komèt sa
yo nan yon zòn nan sistèm
solè a yo rele Senti Kuiper.
-2:Genyen yon 2e kategori ki pran plis
ke 200 zan pou fè tou Solèy la, sa vledi pou konplete 1 òbit.
Komèt sa yo trouve yo nan yon couch ki antoure tout sistèm sole a,
li lwen anpil ; you rele kouch sa Nyaj d'Oort.


Nenpòt
ti sakad gravitasyonèl youn nan kò sa yo ta sibi, yo kite kote yo
ye a e yo pran direksyon pou yo antre pi fon nan sistèm Solè a,
kidonk nan direksyon Solèy la. Genyen ki tèlman rapwoche yo de
Solèy la, yo tou kraze nèt.


Depi nan tan lontan, lèzòm
tap obsève komèt, men yo
pat panse ke yon komèt ka regilyè.
Donk nan tan lontan, yo te plis kwè
ke komèt yo se mesaj malè yo
te pote, selon kontèks istorik yo.


Se yon potorik gason yo te rele Edmund
Halley ki, nan lane 1695, pral fè
prediksyon e demontre ke komèt se yon objè
nan lespas ki gen trajectoire régulière
li otou Solèy la, menmsi sa va pran tan. Li te demontre nan ki dat
egzateman ke youn nan komèt yo gen pou l tounen. Lè
komèt la te tounen vre nan lane 1759, yo te tou bal non komèt
Halley, menm lè Edmund Halley te gentan mouri.


Nan tan pa nou an, gras ak sond spasial
yo, depi nan lane 1986, nou komanse gen plis detay sou komèt yo,
depi sou komèt Halley ki te tounen tou nan lane 1986 la. Yo menm
rive ateri sou yon komèt nan lane 2014, komète sa
releTchourioumov-Guérassimenko.


Astwonòm
yo itilize yon sistèm spesyal nomenclature pou bay komèt yo
nimewo ak lettre pou klase yo ; konsa tou, komèt yo ka
pran non moun ki ta dekouvri yo, aprè ke UAI ta fin dakò.
Pa egzanp komèt 67P, se li yo rele Tchourioumov-Guérassimenko a
. Yon lòt egzanp : D/1993 F2 ki rele tou Shoemaker-Levy 9 .


Astwonòm
yo enterese anpil a komèt yo, paske yo ta pèmèt nou konprann
orijin dlo sou Latè ak plizyè
lòt molecule biologik. E sitou ke yon enpak ka posib, tankou
sa ki te fèt sou Jipitè
nan lane 1994 la, li enpotant pou nou swiv trajektwa komèt yo.


Cheve komèt 17P-Holmes- pwolonje a
dwat pa ke yonik li (kredi imaj : Wikipedia)






Mesi dèske ou te pran tan ou pou te
tande nou.
Nou espere ke ou konpran kisa ki yon
komèt. Si ou ta gen
kestyon sou komet oswa sou lot sije astwonomi, ekri yon ti komante
sou paj sa oswa sou whatsapp nan nimewo 38407775.
Pa bliye, abone ou sou chen nou an e
active ti cloch la pou pa rate lot epizod yo.
Rete lakay ou pou pwoteje tet ou kont
kowonavirus sa.
Se te Dr Rulx Narcisse, yon astwonom
pwofesyonèl de Société
Haïtienne d'Astronomie.
A byento.


CREDIT :


ASTWONOMI LAKAY VODCASTING....


Komèt


DR RULX NARCISSE




SOCIETE HAITIENNE D'ASTRONOMIE




Aprann
astwonomi de baz pandan nou lakay nou an konfinman a koz covid-19 la.
Nan
epiz
òd
sa, nou pale de Kom
èt
yo.


Rete
lakay nou, n'ap akonpaye nou pou nou pa santi nou anbete...

Poze
kestyon nan komant
è
yo, oswa email haitianastronomicalsociety@rocketmail.com
, oubyen telef
òn/Whatsapp
+509 38 40 7775. Swiv tout epiz
òd
yo sou channel Société

Haïtienne d'Astronomie

sa: ASTWONOMI LAKAY VODCASTING... https://tinyurl.com/yc8yoowr

Oswa
sou paj ent
ènet
li :
#IAUoutreach
#AstroAtHome #IAUoutreachHaiti #NOC #NOCHAITI #Haiti


Credit
Photo et Video :
Wikipedia
VIKIPEDIAASA
ESA
HST


MUSIQUE :
Prelude
No. 7 par Chris Zabriskie est distribué sous la licence Creative
Commons Attribution (https://creativecommons.org/licenses/by/4.0/
)




We
want to thank IAU OAD for their help.




JUILLET 2020

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune