Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Kijan astwonòm yo te fè pou yo dekouvri planèt kap òbite otou lòt zetwal yo ?


Kijan astwonòm yo te fè pou yo dekouvri planèt kap òbite otou lòt zetwal yo ?
Se sa pou pral wè jodi a...
Nou pral analyze 7 metòd pou dekouvri egzoplanèt

Pandan ou lakay ou, pandan ou paka sòti a koz de kowonavirus la pou ka pwoteje tèt ou ak fanmi ou, nou pote pou ou epizòd Astwonomi Lakay Vodcasting sa [http://www.youtube.com/c/HaitiastronomieOrg ] pou ou konnen kijan astwonòm yo fè pou yo dekouvi egzoplanèt. Tande oswa gade byen...



Se pa sèlman Solèy nou an ki gen planèt kap tourner autour de li sèlman non ! [Sistem solè - https://youtu.be/pGQWD--eqxc ]
Preske chak zetwal ou wè nan syèl la gen omwen yon planèt. Yo rele planèt sa yo egzoplanèt oswa planèt ekstrasolè. E dipi lontan te gen gwo save astwonòm ki te pale de sa, tankou Giordano Bruno ak Isaac Newton. Men se jous nan lane 1992 yo ke yo te komanse konfime egzistans egzoplanèt yo.

E se nan obsève jan ke egzoplanèt yo ap fòme ak zetwal yo ke astwonòm yo vin pi byen konprann fòmasyon pwòp sistèm sòle nou an [Sistem solè - https://youtu.be/pGQWD--eqxc ], konsa tou yo tou amelyore tewori ki te gen deja sou koze fòmasyon Solèy a, jan metòd syantifik la mande li. Gras ak similasyon enfòmatik, yo devlope yon modèl modèn yo rele “Modèle de Nice”.

An nou fè yon gade kijan yon sistèm planetè fòme :

Ou konnen jiska nos jours, nan moman menm kote ou ap gade oswa tande emisyon sa, gen zetwal kap fèt, ak tout planèt li yo. Gen zòn fòmasyon zetwal ke ou ka wè ak je ou dirèkteman, san teleskòp : tankou nebilez Orion, ki parèt tankou yon zetwal nan mitan épée Orion an ; an fèt, se yon gwo zòn kote gen anpil molekil ki rasanble an gwo nyaj kote zetwal ak planèt ap fòme.

Ak gwo teleskòp optik, ou ka wè plis detay sou nebilez Orion oswa lòt nebilez kote zetwal ap fòme ; men sa ou ka wè, se plis pati sipèfisyèl nyaj la ; pou ou sa wè plis detay sou sa kap pase anndan gwo rasanbleman molekilè sa yo, fòk ou itilize teleskòp IR, UV oswa menm teleskòp ki kapte ond radyo. Gam IR ak UV yo pèmèt ou wè distibisyon matyè anndan nyaj sa ki gen anpil pousyè ak gaz. Gam radyo a, bòkote pa li, pèmèt ou wè distribisyon chan mayetik nan gwo rasanbleman sa, ki dayè opak pou ta wè anndan'l nan gam limyè nòmal la sèlman

Se konsa ke astwonòm yo te dekouvri sistèm planetè an fòmasyon, sa vle di ki gen yon disk pwotoplanetè an fòmasyon, kote planèt yo pral parèt. Se konsa tou, gen 4.5 milya dane, ke nebilez solè nou an te fè pou li te ka fòme sistèm solè nou an.[Sistem solè - https://youtu.be/pGQWD--eqxc ] Nan fòmasyon systèm egzoplanetè sa yo, astwonòm yo obsève komèt ak astewoyid tou, sitou kote yo jwen yon seri de pousyè cho ki ta sòti nan kolizyon astewoyid nan sistèm an fòmasyon sa yo.

Kidonk nan sistèm egzoplanetè sa yo, yo dekouvri astwoyid tou. Pa egzanp zetwal Epsilon Eridani gen menm 2 seinti astewoyid.

*Bon, kijan pou nou rive detekte egzoplanèt yo menm ?*

Se nan lane 1992 ke astwonòm yo te rive pou la premyè fwa detekte yon planèt kap tourner autour de yon lòt zetwal ki pa Solèy nou an. Gen plizyè teknik ou ka itilize pou fè sa, men tou, fòk mwen di nou ke teknik sa yo, yo ka bay yo chak yon enfomasyon differente e youn konplete lòt.

Nou pral eseye analyze 7 ladan yo, byen ke gen lòt kap devlope toujou.
1-Youn nan premyè metòd yo se distorsion disque protoplanetaire : lè disk pwotoplanetè a ap tòde oswa ta vle gaye ;
Dayè se premyè metòd ki te komanse fè astwonòm yo sispèk ke ta gen yon planèt nan zòn nan, paske pasaj yon planèt nan disk pousyè ki ouvè kò li otou zetwal la favorize ke pousyè a gaye e ke disk la defòme, avèk fòmasyon ti boul pousyè pasi pala. Youn nan egzanp konsa se zetwal Beta Pictoris, ke astwonòm yo rive wè de profil par rapport ak pozisyon e distans nou sou Latè.

Yo dekouvri nan lane 2006 ke zetwal sa gen 2 disk ki ta enkline youn par rapport ak lòt. Ta gen planèt nan disk sa yo ki ta menm antre an kolizyon ak komèt [Komèt yo - https://youtu.be/Gnx8K1U2ZHs ] ak astewoyid yo. [Asteroid Day Haiti 2020 - https://youtu.be/a0HSN3AiqMM ] Nan etid jan de kolizyon sa yo nan fòmasyon egzoplanèt yo, ou tou jwenn kèk eleman de repons sou zafè prezans dlo sou Latè, paske jisteman, tewori aktyèl la di ke se komèt ki te antre an kolizyon avèk Latè nan peryòd fòmasyon li ki te pote pi fò pati nan dlo ki gen sou Latè.

Donk, se ta prezans planèt yo nan disque protoplanetaire en distorsion sa ki ta favorize rasanbleman gaz nan yo au fur et a mesure

2e metòd ke nap pale de li se Metòd transit la, ki se yon metòd fotometrik.
Nan mo fotometrik la, ou wè kontrol kantite de foton, sa vle di mezire kantite limyè kap vin jwenn ou sou Latè [Planèt Latè - https://youtu.be/1cbKnkcwPi4 ] a pati de zetwal yo. Se sitou zetwal ki gen plis laj yo, (m tadi zetwal ki pi granmoun yo), ki pa gen disque protoplanetaire en distorsion ankò.

Kidonk, lè yon planèt ap pase devan zetwal li, si Latè nan bon pozisyon pou ta obsève sa, sa kreye yon transit, sa vle di kantite limyè pou ta resevwa de zetwal sa diminye bripsoukou, tankou lè gen eklips solè [Eklips solè - https://youtu.be/4QUqL5rWAY8 ]. Aprè planèt la fin pase devan zetwal la, limyè a retounen nòmalman.
Astwonòm yo itilize yon seri te aparèy pou mezire varyasyon luminosite zetwal la e sa pèmèt ke yon konnen si gen yon egzoplanèt oswa menm plizyè egzoplanèt kap òbite zetwal la.

Se yon teknik ke astwonòm yo itilize anpil anpil, e menm gwo ajans spasyal yo rive voye robo nan lespas pou dekouvri egzoplanèt avèk teknik sa ; tankou la NASA te voye yon sond spasyal ki te rele Kepler, li te pote non yon gwo potorik astwonòm nan tan lontan ; sond sa, ki te operasyonèl depi nan lan 2009 jous nan lane 2013, te egzamine 100 000 zetwal avèk metòd transit la, se konsa li te dekouvri preske 1000 egzoplanèt e gen anpil lòt nan sa ke li te analize yo ki ap tann konfimasyon...

Bon, ann pran 3e-Metòd pou dekouvri egzoplanèt : se Metòd vitès radyal la
Metòd vitès radyal la gen anpil enpotans pou nou Ayisyen, mwen pral di nou poukisa talè. Ann pale dabò de kisa ki Metòd vitès radyal la ye !

Globalman, nou konpran ke yon planèt ap tourner autour de zetwal li, tankou Latè k'ap tounen auour du Soleil. [Sistem solè - https://youtu.be/pGQWD--eqxc ] Men nan realite a, ni zetwal la, ni planèt la, yo ap vire otou yon sèl pwen komen, e paske pwen komen sa pi près kò ki pi masif la, ou gen tandans panse ke kò sa yo, kidonk planèt yo, ap vire otou kò ki pi masif nan sistenm nan, kidonk planèt yo ap vire otou zetwal la.

Donk, si yon sistèm egzoplanetè nan bon pizisyon par rapport ak jan pou ta obsève li sou Latè, nan mouvman sistèm nan autour de pwen komen sa, wap rive analize yon mouvman va et vient de zetwal la autour point central commun sa. Se gras ak teknik èfè Doppler a ke ou ap rive fè analiz sa : e se konsa ou ap detèmine ke si zetwal la konpòte li konsa, kidonk ak yon èfè Doppler ki demontre va et vient li autour de yon pwen komen, sa vle di gen yon egzoplanèt kap gravite otou zetwal la.

Metòd velosite radyal sa gen anpil enpotans pou Ayiti, jan mwen te di nou talè a, paske se konsa ke yo te dekouvri ke zetwal HD1502 gen yon planèt tankou Jupiter kap òbite otou de li, e se egzoplanèt sa ak tou zetwal li, ki pral pote ofisyèlman non ke Ayiti te bali, sa vle di Citadelle ak Independance, non ke UAI te ofisyalise depi desanm 2019 [Zetwal Citadelle ak planet li Indépendance - https://youtu.be/mT6Y8-kxgko ].

4e Metòd ke nap prezante ou pou dekouvri egzoplanèt, se metòd astrometrik
Metòd velosite radyal nou sòt wè talè a fèt a pati de oscillement zetwal la ke nou te ka wè nan sans ale vini vè nou menm sou Latè, men zetwal yo gen mouvman pèpandikilè tou nan syèl la, sou sfè selès la, lè yo gen egzoplanèt kap tounen otou de yo.

Metòd astrometrik la pèmèt ou egzamine yon lòt tip de mouvman, yon va et vient toujou, men a dwat a goch ; pa blye nou te pale ou de mouvman ale vini de manière radyal, sa vle di vers nou menm, ou byen kont nou menm, a partir de metòd Doppler la, men la se yon mouvman a dwat a goch, alò se yon mouvman pèpandikilè. E se atwometri ki pral pèmèt ou examine mouvman sa yo a travè obsèvasyon dirèk syèl la avèk gwo teleskòp. Mouvman sa, mouvman pèpandikilè sa, se tankou lè ou ap analize men ou, lè ou lonje bra ou devan nèt, ou fèmen yon zye ou, apre sa ou ouvè lòt zye a. Ou wè men an gen tandans ap deplase a dwat a goch.
Se konsa mouvman sa fèt. Donk metòd sa, ki se metòd astwometrik la, nan analize mouvman pèpandikilè sa, pèmèt ou dekouvri egzoplanèt tou.

Se konsa mouvman zetwal ki gen egzoplanèt la parèt, nan analiz astrometrik ke astwonòm yo fè. Kidonk, jisteman, yo vinn konnen ke zetwal sa gen egzoplanèt.

Nan lane 2009, HST te dekouvri yon egzoplanèt konsa gras ak metòd astwometrik la. Byenke yo te gentan dekouvri egzoplanèt otou zetwal sa ki se Gliese 876 la, gras ak metòd vitès radyal la, metòd astrometrik la te pèmèt yo dekouvri yon egzoplanèt en plus autour de li.

5-Ann pale de imajri dirèk, yon 5e metòd pou dekouvri egzoplanèt.
Bon, daprè ou, poukisa ou pa ta kareman pran foto egzoplanèt la dirèkteman ? Se ta yon prèv dirèk de egzistans li otou zetwal la !
Se vre wi, men...li pa fasil pou pran foto yon egzoplanèt bò kote zetwal li paske zetwal la briye anpil anpil, kidonk teknikman li pap pèmèt ou wè oswa pran foto dirèk egzoplanèt la ki bò kote'l la ! Menm si se ta yon planèt tankou Jupiter ke nou konnen ki se yon planèt ki briye anpil anpil nan syèl la, lè ou ap gade yon planèt konsa de lwen, bò kot zetwal li, brillance zetwal la depase brillance planèt la, e konsa ou pap wè planèt la e ou pap ka fè foto li dirèkteman.

Bon, sa difisil anpil anpil, men sa pa vle di ke li enposib !

Nap raple ou ke pou ou konsidere yon objè kòm yon zetwal fòk li ta omwen de 0.08 mas solè oswa fòk li ta 75 fwa pi masif ke Jupiter nou an. Se konsa li ka komanse fè reaksyon nikleè pou li brye tankou yon vrè zetwal. Konsa nou ka konprann ke li pa etonan ke premye egzoplanèt ke astwonòm yo rive fè foto dirèkteman, se youn kap gravite otou deyon zetwal ki pa vrèman yon zetwal paske li pat gen kont mas pou li te komanse reaksyon nikleè, kidonk zetwal sa pat briye anpil anpil e sa ki ta pèmèt astwonòm yo fè foto egzoplanèt la dirèkteman.

Sa te pase nan lane 2004, yon zetwal naine brune ki gen nimewo katalog 2M1207, ki gen 0.025 masse solaire. Konvansyonèlman, yo bay egzoplanèt la nimewo katalog 2M1207b, men yo pa twò konsidere'l vre tankou yon planèt paske zetwal li ap òbite otou a pa vrèman yon zetwal selon definisyon ofisyèl yon zetwal.
Men astwonòm yo konn konbine lòt teknik avèk teknik fè foto a pou yo sa dekouvri egzoplanèt. Tankou jan yo te fè pou sistèm egzoplanetè Formalhaut a, ki a 25 ane-limyè de Latè ; nan lane 2004, astwonòm yo te rive dekouvri, ak fotografye egzoplanèt Formalhautb ki gen yon òbit ki eksantrik anpil. Ebyen kijan yo te fè ? Astwonòm yo okilte zetwal la, sa vle di yo bouche artificiellement zetwal la nan teleskòp la, e konsa yo rive wè disk planetè otou zetwal la. Lè yap egzamine gaz ak pousyè ki nan disk otou zetwal la, yo rive wè ak fotografye egzoplanèt la sou òbit eksantrik li, sa vle di yon òbit ki trè alonje, trè elliptique.

Teknik foto dirèk egzoplanèt yo ap amelyore de jou an jou. Konsa, yo te rive fè foto yon lòt egzoplanèt ki ap òbite yon zetwal ki pote nimewo katalòg 1RXS 1609. Egzoplanèt sa 8 fwa pi masif ke Jipiter pa nou an.

6- Ann pale de mikwo-lantiy gravitasyonèl, yon lòt metòd ankò pou dekouvri egzoplanèt. Sa fe 6e metod de dekouvet egzoplanet ke nap we.
Se yon metòd ki baze sou yon pwopriete espace-temps, jan Albert Einstein te fè nou konprann li nan tewori relativite jeneral li a ki te parèt nan lane 1915.

Selon tewowi sa, yon objè ki gen anpil matyè ka defòme espas-tan an, kidonk li tou devye limyè a nan direksyon defòmasyon espas-tan sa ki kreye a. Se tankou yon lantiy ki devye yon limyè. Kidonk, yo rele fenomèn sa lantiy gravitasyonèl.

Donk, lè yon sistèm egzoplanetè ap pase devan yon zetwal ki pi lwen, nan jan ou wè yo sou Latè, defòmasyon espas-tan an ke sistèm egzoplanetè sa kreye pèmèt ke limyè zetwal ki pi lwen an fokalize e donk parèt pi briyan jan ou ta obsève li sou Latè, nan yon obsèvatwa.

E briyans zetwal la ka menm prezante plizyè varyasyon selon ke se ta zetwal sistèm egzoplanetè a ki ta pase nan defòmasyon espas-tan an ou oswa ansanm zetwal-egzoplanèt la ki ta pase nan defòmasyon espas-tan an. Depi nan lane 2004, astwonòm yo te komanse itilize teknik sa pou yo dekouvri egzoplanèt.

7-Ann pale de metòd pulsar la kounye a. Se 7e metod pou dekouvri egzoplanèt ke nap prezante ou jodi a,
Ou sonje, nan komansmam emisyon sa, mwen te di nou ke se depi nan lane 1992 ke yo te komanse konfime egzistans egzoplanèt. E byen, se gras ak metòd pulsar la ke yo te fè premye dekouvèt sa.

Yon pulsar, se rès yon zetwal masif ki te eksploze an supernova, kidonk yon pulsar se yon kadav stelè, jan astwonòm yo konn rele li. M'ap pwofite raple nou ke se zetwal ki masif anpil pase Solèy nou an ki fini par bay yon supernova, e rès li fini par yon zetwal a neutron oswa yon pulsar. Pulsar la ap vire anpil sou li menm, anpil anpil pandan ke lap emèt limyè ki nan gam visib e ki nan gam radyo ak lòt ankò.

Lè limyè sa yo rive sou Latè, a koz de rotasyon rapid rapid pulsar la, astwonòm yo konstate ke limyè a ritme. Kidonk, gras a ritm sa, ou ka creye yon sòt de òlòj ki pi ekzat ke meyè mont ou ka genyen sou Latè. Konsa tou, astwonòm yo konn remake ke gen ti varyasyon ki kon fèt nan ritm sa, e se yon egzoplanèt kap tounen autour de pulsar la ki ta va kreye cassure nan ritm ke astwonòm yo ta sipoze resevwa limyè pulsa sa sou Latè.

Se konsa ke nan lane 1992, astwonòm yo te dekouvri 2 egzoplanèt kap òbite otou pulsar ki gen nimewo katalog PSR B1257+12, e yo ta va menm dekouvri yon 3e egzoplanèt otou pulsar sa nan lane 1994.

Donk nou sòt wè 7 metòd ki pèmèt astwonòm yo dekouvri egzoplanèt. Fòk mwen di nou tou ke gen lòt metòd kap devlope toujou, oswa ki ka menm gentan parèt e astwonòm yo ap eksperimante yo. An plis, fòk nou konpran ke metòd yo, youn konplete lòt ; yo pa vrèman mache en cavalier solitaire.

Lè ou ta sispèk prezans yon egzoplanèt par youn nan metòd yo, fòk ou ta itilize yon lòt metòd tou pou ta konfime sa ke ou te sispèk avan an.

Abone ou sou chanèl nou an [http://www.youtube.com/c/HaitiastronomieOrg ] pou pa rate lòt epizòd kap sòti an kreyòl sou astwonomi. Se fason pou nou ede ou meble lespri ou santifikman pandan ou nan konfinman kowonaviris sa.
Non pa mwen se Dr Rulx Narcisse...yo relem tou Captain Astro. Nap tann like ou you ak komantè ou yo.

Poze nou kestyon sou komantè yo oswa sou telefòn oswa WhatsApp nan +50938407775.

A byento e pwoteje tèt ou kont kovid-19 sa.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune