Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Atmosfè Latè



Atmosfè Latè ap evolye depi plizyè milyon dane

San atmosfè patap gen lavi sou Latè. Se li ki banou oksijèn pou nou respire. Li gen tou lòt gaz, men pi fò ladan yo se azòt ak oksijèn. Gen plis azòt dayè ke oksijèn.



Latè pase 3 jenerasyon atmosfè. Actuellement nou sou 3e jerasyon an, kote gen oksijèn. Men pat gen oksijèn nan premyè jenerasyon an, se pito H ak He ki te chape sòt nan Solèy la, nan epòk fòmasyon sistèm solè a. H ak He sa yo pat ka dire lontan, paske depi yo te resevwa chalè Solèy la, molekil sa yo te tèlman bouje ke yo te rive jwen vitès pou yo te kite gavite Latè.


Atmosfè 2e jenerasyon an menm, se gaz kabonik ak vapè dlo ki te fòme li sitou, men li te gen ladanl tou azòt ak kèk lòt gaz. Nou konprann ke azòt ak vapè dlo pi masif ke H ak He, kidonk fòk yo ta jwenn plis chalè ak enèji pou yo ta ka chape poul yo de gravite Latè. Se konsa yo tou rete nèt sou Latè pou yo fòme atmosfè 2e jenerasyon an. E azòt ak vapè dlo toujou la jiska prezan nan atmosfè nou an.

Gaz atmosfè 2e jenerasyon an se nan volkan ak krevas, fant ki sou sifas Latè yo pase sòti, yo sot nan zantray planèt la menm!


Te gen 100 fwa plis gaz nan atmosfè Latè nan epòk sa, dayè atmosfè Latè a te tèlman pi dans ak gaz kabonik ak vapè dlo ke Latè te vin cho anpil gras ak effet de serre ke gaz yo te kreye. Nan epòk sa tou, Solèy la pat kò gen pwisans li genyen kounyea. Erezman. Paske si li te gen luminosité li gen jodia, mete sou effet de serre ke gaz kabonik ak vapeur d'eau te kreye a, sa tap rèd anpil! E, si pat gen effet de serre sa, nan epòk sa kote Solèy la poukont li patap ka bay ase chalè, ebyen Latè tap jele, li tap twò frèt, ak tout konsekans ke sa teka genyen pou lavi.


Vapè dlo ki nan atmosfè a komanse presipite li sou Latè sou fòm lapli. Lapli sa, mele ak dlo ki sòti nan komèt ak astewoyid ki te tonbe sou Latè pral pèmèt fòmasyon oseyan yo à la surface de la planète. Aktyèlman nap konstate ke oseyan kouvri ¾ sifas Latè. Men atansyon: se sifas sèlman ki gen tout dlo sa yo. Pa blye, Latè gen yon dyamèt de 12 756 km, si wap gade profondè lamè ki se anviwon 4.3 km, w ka konprann ke dlo se yon bagay ki piti anpil sou planèt la.


Gras ak lapli ki tap tonbe nan epòk sa, epòk atmosfè 2e jenerasyon an, gaz kabonik ki te nan atmosfè a tonbe nan oseyan yo ki te komanse etabli yo à la surface de la planète. CO2 a gaye kò li nan dlo a trè byen, dayè nou ka konpran byen kijan gaz kabonique ka byen brase kòl lè li nan dlo: nou ka wè sa nan boutey gazez yo, Coca Cola, 7up, lacouronne...etc


CO2 ki nan oseyan yo ap fini pa mele li ak Si, ak Ca ki nan lanmè a, poul fòme ajil, kokiy oswa koray; e se bagay sa yo, lè yo sibi kèk presyon, ki pral bay kèk wòch ki fèt ak kalkè. Se tout pwosesis sa, kap transfere CO2 vè oseyan yo, ki pral retire pi fò CO2 sa nan atmosfè planèt nou an, ki fè nou pral gen jodia yon atmosfè ki pi respirab. Rès gaz kabonik ki rete nan atmosfè 2e jenesyon an, se végétaux yo, kidonk plant yo, ki te parèt dabò nan oseyan epi sou sifas Latè, ki pral fin travay avèk yo. Végétaux yo pral sevi avèk yo pou beswen yo, e se konsa yo pral pwodwi yon dechè yo rele oksijèn. Pwosesis sa ke plant yo itilize pou transfòme CO2 an oksijèn, li rele fotosentèz.

Se konsa ke CO2 ki te pi plis nan atmosfè Latè pral vin pi piti, se azòt ak oksijèn ki pral vinn pi plis kounye a, nan atmosfè 3e jenerasyon nou guen kounye a. Gen tou vapè dlo, ak argon tou.

Pa bliye, oksijèn nan, se apati de fotosentèz plant yo li te parèt, men konsa tou gen kèk ti oksijèn ki sòti nan dekonpozisyon CO2 anwo nan atmosfè a, lè UV frape yo. Konsa tou, gen kèk oksijèn ki al konbine ak lòt eleman tankou fè sou sifas Latè (sa nou rele larouy la). Sa te pase gen anviwon 2 milya ane.


Gaz ki nan atmosfè Latè gen mas, dayè se ka ki fè yo pa tou chape al nan lespas lè Solèy la chofe yo e ogmante moman sinetik yo, jan sa te fèt nan 1e jenerasyon atmosfè a, jan nou te dil talèa; men konsa tou, gaz jenerasyon aprè yo bay plis presyon sou sifas planèt la, yon presyon ki anviwon 10,13 N/m2, sa yo rele teknikman presyon atmosferik. Ebyen, plis wap mote nan atmosfè a, plis presyon an ap diminye, paske gaz la ap vin mwen pwès.


Konsa tou, syantifik yo divize atmosfè a an kouch pou yo sa pi byen konprann karakteristik li yo.

Kouch ki pi anba, kote moun ap evolye tou, e byen se ladann w jwenn nyaj, ak chute de neige. Li rele twoposfè. Menmsi se li ki pi pwès nan tout couch yo, si nap konparel ak gwosè planèt la, li prèske pa reprezante anyen: si Latè te gwosè yon glòb ki konn sou tab, nan yon sal de klas oswa sou yon biwo, e byen twoposfè a patap pi pwès ke yon fey papye. Tanperati a ap diminye tou, plis wap monte pi wo nan twoposfè a, paske sous prensipal chalè li, se sifas Latè.




Pi wo twoposfè a, nap jwen yon lòt kouch ki rele stratosfè. Se nan stratosfè a ke kouch dozòn nan ye, ki fèt ak 3 molekil oksijèn ki lye ansanm. Reyon UV ki antre nan atmosfè a frape kouch sa e separe O2 a an atom ki, yo menm, pral konbine ak lòt molekil O2 pou fòme O3, ki se ozòn. Konsa tou, UV a pral fè stratosfè a pi cho plis wap mote wo nan kouch sa, jouska yon tanperati de 12 degre C. Pa gen anpil anpil ozòn pase sa, men sa ki geyen an kont pou pwoteje nou kont UV ki danjere pou lavi sou planèt nou an, paske UV ka bay kansè, maladi je ak pwoblèm defans iminitè.


Men sèdènyetan, kouch ozòn nan komanse atake pa yon seri de pwodwi ke lèzòm fabrike, tankou chlorofluorocarbure (CFC). Sa yo kreye twou nan kouch ozòn nan. Nou ka jwen twou sa yo sou 4.6% kouvèti planèt la, byenke lèzòm ap fè yon ti efò pou wè si sa ka diminye, paske pwoblèm ozòn nan kontribye sou rechofman klimatik planèt nou an.

Pi wo stratosfè a, wap jwenn you kouch ki rele mezosfè kote tanperati a rekomanse desann jousja -73 C a 80 km altitid, men aprè sa, UV konmanse frape pi rèd, kote li pral kase molekil yo poul bay patikil.

Nou te wè tale a kòman effet de serre te itil pou anpeche planèt la vinn twò frèt nan epòk lontan kote lavi pral devlope. Men twòp effet de serre bay pwoblèm; se sa yo rele anbalman effet de serre, komkwa lè effet de serre la deraye. Se sa kap pase kounye a nan atmosfè nou an

Nòmalman, lè limyè Solèy la antre sou Latè, gen yon pati ki repati nan lespas lè li kontre ak nyaj, sifas lanmè, ak sifas sol la. Men avèk gaz à effet de serre ke lèzòm te komanse lage nan atmosfè a depi nan komansman révolution industrielle la, nan 19e syèk la, kantite limyè ki ta dwe sòti paka sòti ankò menm jan; yo frape nan gaz sa yo e yo reflechi bak sou Latè. Se konsa tanperati Latè ap pede ogmante, e réchauffement climatique enstale li pou fè dega. Se CO2 ki pi mechan nan gaz à effet de serre yo.





Rechofman klimatik la bay anpil pwoblèm, tankou kalòt glasyè yo kap fonn, sa ki ka ogmante nivo lanmè a, e sa pa bon pou tipeyi ki gen lanmè antourel tankou Ayiti. Pral gen plis chalè tou e fenomèn meteyo danjere yo pral vinn pi plis, tankou tanpèt, siklòn, inondasyon. Pral gen plis secheresse ak canicule tou. Men sonje, se yon pwoblèm mondyal e tout nasyon dwe met tèt yo ansanm pou jwen yon solisyon.






Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune