Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Jodia nou pral pale de Senti Prisipal Astewoyid la


Se yon disk gaz ak pousyè kap vire sou limenm ki fini pa transfòme li an sistèm solè nou an. Se konsa ke matyè ki te gen twòp moman sinetik pat rive tombe anndan nan mitan disk pousyè ak gaz sa pou yo tal jwen Solèy la ki tap fòme. Matyè ki te rete pa deyò pito, nan disk pousyè ak gaz sa, te fini pa efrondre yo pou yo te fòme sa astwonòm yo rele planetesimal yo, ki fèt ak ròch ak bout metal.



Ebyen, se planetesimal sa yo ki pral antre an kolisyon yon ak lòt pou yo bay planèt, planèt nèn, ak pi gwo lalin ki gen nan sistèm solè nou an; men konsa tou, yo bay yon bann ak yon pakèt mòso ròch, debri ròch ak pousyè. Geyen nan planetesimal yo ke gravite kèk planèt tou rale sou yo e mete yo an òbit otou de yo, planetesemal sa yo tou tounen lalin planèt sa yo, tankou sa te fèt probablement pou Deimos ak Phobos, 2 lalin planèt Mars.

Jiskanojou, rès planetesimal yo la toujou, men astwonòm yo pa rele yo planetesimal ankò, yo rele yo pito astewoyid, oswa planèt minè; men atansyon: fò w pa konfonn yo ak planèt nèn.

Se nan lane 1801 ke yo te dekouvri Cérès ke astwonòm yo pral dabò klase kòm astewoyid, epi an 2006 yap reklasel kòm planèt nèn. Nap gen poun pale sou planèt nèn yon lòt jou.

Nan lane 1802, astwonòm yo te vin dekouvri yon lòt astwoyid yo rele Pallas, ki gen yon dyamèt de 600 km. Li pipiti ke Cérès ki mezire 1000 km anviwon. Pral gen lòt astwoyid yo pral dekouvri nan menm zòn nan, tankou Junon, Vesta, ak lòt ankò, toujou nan menm zòn nan, entre òbit planèt Mars ak planèt Jupiter, a yon distans ki anviwon ant 2 e 2.5 Inite Astwonomik. 1 Inite Astwonomik = 150 milyon km. Rejyon nan sistèm solè a, kote nou jwenn pi plis astewoyid yo, rele Seinti Astewoyid.

Nan lane 2007, te gen yon sond spasyal la NASA te voye vè 2 astwoyid ki pi masif yo, Vesta ak Cerès. Sond nan te rele Dawn.

Se konsa nou te rive jwenn yon seri de bèl foto de astewoyid Vesta nan lane 2012 ki revele ke emisfè nò li chaje ak kratè.

Emisfè sid la parèt pi jèn ke nò a, paske sifas li swa, li pa gen tout kratè ke emisfè nò a genyen. Nan pol sid Vesta, nou jwen tou yon mòn ki monte jouska 20 km daltitid, pi wo menm ke mòn yo rele Mauna Kea an Hawaii, sou Latè.

Dawn te menm voye enfòmasyon sou Vesta ki fè nou konprann ke astewoyid sa te gentan sibi diferansyasyon. Savledi, nan epòk pase yo, le li tap fòme, eleman ki pi lou yo, tankou fè, te gentan rasanble e plonje desann nan nwayo li, e ròch ki pi lejè yo te rete an wo, yo tap flote sou sifas li pito.

Aprè lòt foto ak analiz ke Dawn te fè sou Vesta, li te finaleman kite òbit li otou astewoyid sa pou li te rive bò kote Cérès nan lane 2015 kote li te fè menm travay yo.Nan 19 e syèk la, astwonòm yo te gentan dekouvri anpil astewoyid. Tou dabò, yo te kon dekouvri yo ak teleskòp dirèkteman, pandan yo tap swiv de prè syèl la pou tout zetwal ki pata parèt trò klere e ki pa ta nan okenn katalòg. Yo te rive dekouvri pou pipiti 300 astewoyid konsa.Men, nan lane 1891, kidonk nan menm 19e syèk la, nan epòk teknik fotografi fèk parèt, gen yon astwonòm yo te rele Max Wolf ki tou profite itilize teknik foto sa nan obsèvasyon syèl la. Se konsa yo kontinye ap dekouvri plis astewoyid toujou. Wolf poukont pa li, te dekouvri 228 astewoyid ak teknik sa yo vin rele astwofotografi.Dekouvèt sou dekouvèt, plis astewoyid ap dekouvri. Gen yon katalòg ki kenbe tout referans a ti kò sa yo ki pipiti ke planèt, yon katalòg spesyal ki nan Minor Planet Center nan Massachusetts. Selon katalòg sa, nan mwatye lane 2014, 644 000 astewoyid te konfime. Bon, denojou, plis toujou konfime. E gras ak tout obsèvasyon sa yo, astwonòm yo vin konprann ke Cérès, astewoyid ki pi gwo pami yo, reprezante 30% nan mas tout astewoyid yo. Sèlman 3 pami yo, Cérès, Vesta ak Pallas, gen yon dyamèt ki plis ke 300 km.An reyalite, fò nou konprann ke plis gwosè yo ap diminye, plis kantite yo ogmante. Pa egzanp, sèlman 41 gen yon gwosè ki ant 200 e 300 km, gen 250 ki pi gwo ke 100 km de dyamèt, e ka gen plizyè dizen milyon ki mezire omwen 1 km.Lè nap analize modèl ki pi resan nan fòmasyon planèt nan sistèm solè a, sa vle di Modele de Nice la, nou wè ke nan epòk fòmasyon sa, jèn planèt Jupiter te gen yon trajectoire ki te menen li jous nan zòn kote senti astewoyid la ye a. Sa te kreye latroublay nan zòn nan paske planèt Jupiter masif anpil e enfliyans gravitasyonèl li te pwovoke ejeksyon anpil nan planetesimal ki te nan zòn nan, sa ki te anpeche yo vrèman rasanble efikasman pou yo te fòme yon kò ki pi gwo. Men modelizasyon enfòmatik la fè nou konpran tou ke menmsi tout planetesimal sa yo te rive rasanble, yo tap gen sèlman yon dyamèt de 1500 km, soit anviwon 12% sa Latè, oswa 2/3 Pluton, ou menm mwatye Lalin nou an. Kidonk, kò sa ki tap kreye a, pa tap jan yon planèt.. Bon, planèt Jupiter pa nan zòn Senti Astewoyid la ankò, kidonk gwo latroublay gravitasyonèl li te bay la pa la ankò. Men li toujou gen enfliyans gravitasyonèl sou rejyon an, paske, pa blye, apre Solèy la se Jupiter ki gen pi gwo mass nan sistèm solè nou an. E pi fò nan astewoyid yo ap òbite otou Solèy la, ant Mars e Jupiter. Gen astewoyid ki an deyò Senti Astewoid la wi, men, map repetel, pi fò nan astewoyid yo ap òbite otou Solèy la, ant Mars e Jupiter, e nou gen pou nou pale sou astewoyid ki pa nan Senti Prensipal la nan yon lòt videyo. Mèsi dèske ou te swiv ti pale sa sou astewoyid yo, prensipalman sou Senti Prensipal Astewoyid la.

Pa bliye abone ou sou chèn nou an, e klike sou ti klòch notifikasyon an pou pa rate lòt epizòd yo.

Non pam se Captain Astro.

A bientot.

Mèsi.


Captain Astro (Dr Rulx Narcisse), Société Haïtienne d'Astronomie (SHA), 30 JUIN 2021, https://haitiastronomie.blogspot.com/p/home.html +50938407775


https://youtu.be/o-HvTFcFkY4




Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune