Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Kijan pou konn tamperati zetwal yo gras ak koulè yo?

 

Zetwal yo cho, yo cho anpil.

Zetwal sistèm solè nou an, Solèy la, cho anpil tou, nou konn sa deja.

Men kòman nou fè gen prèv de kantite chalè ke lot zetwal bay alòske yo lwen anpil?



Konnen tanperati sifas zetwal yo itil anpil anpil.

Astwonòm yo te dekouvri yon dyagram kote chak zetwal te gen liminozite parapò ak tanperati li ki reprezante. Se konsa donk, astwonòm yo rive jwenn modèl pou yo dekri aktivite ak evolisyon zetwal yo.

Ann pale yon ti kras sou tanperati sifas zetwal yo, jan astwonòm yo rive konn tanperati, ke yo konn mete tou sou dyagram mwen fèk pale nou an.

Bon, an antre nan kèk detay pou nou ka pi byen konprann:

Koulè yon zetwal ka baw enfòmasyon sou tanperati ki an wo li, kidonk sou sifas li. Pou pi byen konprann, fòk ou konnen ke zetwal yo nan syèl la pa gen menm koulè. Menm lè w ap gade yo san teleskòp ou ka remake sa, memsi je moun pas ase pwisan pou wè tout detay. Kidonk avèk yon ti teleskòp ou ka wè tout bon varyete koulè yo genyen, tankou wouj, oranj, jon, blan, ble pal.

Koulè yo bannou enfòmasyon sou tanperati sifas yo, e se gras ak yon konsèp fizik yo rele koub kò nwa astwonòm yo fè raprochman koulè ak tanperati. Solèy nou an tou respekte prensip kò nwa sa tou, e nou konprann tanperati sifas li konsa tou. Nan koub kò nwa sa yo nou ka jwen enfòmasyon sou entansite limyè zetwal yo e tou sou kibo koub la pi wo nan grafik kò nwa a, sa vle di nan ki zòn nan longèdond nan limyè a pi plis.

Pa egzanp, si se yon zetwal ki cho anpil, koub kò nwa ki reprezante l gen pati ki pi wo a nan zòn longedond ki kout yo, kidonk zetwal la parèt ble. Konsa tou, si zetwal pa cho anpil, pati ki pi wo nan koub kò nwa li parèt nan rejyon gwo longedond yo, kidonk zetwal la wouj. Finalman, yon zetwal ki pa ni twò cho, ni twò frèt, tankou Solèy nou an, maximum wotè nan koub kò nwa li trouve li nan mitan pati vizib spectre elektwomayetik la.

Kidonk, pou yon astwonòm ka konn tanperati yon zetwal, fòk li jwenn koub kò nwa ki koresponn ak zetwal sa. Pou fè sa, yo itilize yon teknik ki rele fotometri kote yo sèvi ak yon seri de filtre ki gen, yo chak, yon koulè diferan. Koulè filtre ki bay limyè ki gen plis entansite a koresponn ak tanperati sifas zetwal la. Se konsa yo fè, avan menm limyè a ta rive nan kamera CCD pou yo stoke ak analize zetwal la ak tout enfòmasyon li pote.

Pa egzanp, si yon zetwal ta gen sifas li ki cho anpil, ann di 10000 k konsa, entansite li tap parèt pi fò si nou gade li ak yon filtre UV, Zetwal Regulus nan konstelasyon Lyon, se konsa li ye. Alòske si zetwal la te pi frèt, tankou 3000 k konsa, entansite limyè ki pi fò a tap parèt nan yon filtre wouj, e menm IR. Zetwal Betelgeuse ak Aldebaran, se nan kategori sa yo ye.

Prensip koub kò nwa pèmèt nou konpran tanperati sifas zetwal. Pa bliye, se sifas nou di wi, se pa anndan zetwal la kote se reyaksyon nikleè ki nesesite dè milyon de degre k.

Mtap blye di nou: tout kò, kel te vivan ou pa, emet reyon elektromayetik, kidik gen yon koub ko nwa. Ko moun tou se yon ko nwa e maximum tanperati li nan IR, 300 K.

Pou etidye tanperati sifas zetwal gen lòt teknik tou, tankou spektroskopi, ki itil tou pou etabli grafik evolisyon stelè, jan nou te di l okòmansman.

Men na pale de sa yon lòt lè. Na pale de spektroskopi yon lòt lè.

An atandan, abone ou a chèn nou an e pa bliye klike sou ti klòch la pou konnen alè lè yon lòt nimewo sòti.

Mwen se Capitain Astro. A bientot.


Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune