Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Plak tektonik


 Se Tektonik plak yo kap pwovoke pi gwo chanjman sou sifas Latè

Mwen pral eksplike nou kisa ki tektonik plak e koman chanjman sa yo fèt.

Kontinan yo, se yon seri de mas wòch ki leve sot nan fon oseyan yo. Wòch sa fè pati de couch externe planèt Latè, sa nou rele krout oswa ekòs ters, e masse volumique yo pi piti ke lòt konposan planèt la; se sa ki fè lap flote anwo sou lòt kouch yo. Kidonk, se li ki pral emerger a pati de fon oseyan yo pou vin à la surface fòme kontinan yo. Jeològ yo rive etidye wòch sa yo pou konn orijin yo, tankou si yo te anba dlo oswa si lave volcanique te kouvri yo.


Kidonk, sou krout planèt la, gen yon ti pati ki leve anwo pou fòme kontinan yo, men pi fò pati anba dlo. De tout fason, tout ekòs tèrès la nèt gen yon seri de liy frontière ki separe li an plizyè rejyon syantifik yo rele plak. Separasyon sa yo anba dlo, men yo pase sou kontinan yo tou, e se sou liy separasyon plak sa yo nou jwenn plis tranbleman de tè ak vòlkan.

Si nap byen gade mas kontinan yo, w ka remake ke yo an mouvman. Isaac Newton te gentan fè remak sa nan finisman 17e syèk la, men se sitou Alfred Wegener, yon syantifik alman, ki pral devlope vè 1912-1915 tewori deriv kontinan , ki eksplike ke oseyan Atlantik separe 2 kontinan ki te kole ansanm lontan. Dayè , lè wap obsève Amerik di Sid avèk Afrik, w ka remake ke fòm youn antre nan lòt.

Selon tewori Wegener la, gen 200 milyon dane desa tout kontinan yo te fòme yonsèl gwo kontinan ke yo bay non Pangée, yon non ki sòti nan yon mo grèk ki vledi tout Latè. Men, syantifik nan epòk sa pat dakò ak tewori sa, yo te pito pase Wegener nan betiz. Bon, li pat fasil pou admèt ke kontinan yo tap bouje youn parapò ak lòt ak yon gwo vitès konsa: kèk cm/ane.

Menm si jeològ yo te admèt ke kontinan yo se wòch kap flote anle lòt wock ki pi cho e pi dans, yo pat ka rive admèt konsèp deriv kontinan yo, paske tewori deriv kontinan yo pat ka di kote fòs sa te sòti pou fè kontinan yo deplase.

Se nan lane 1950, lè jeològ yo vin dekouvri yon chèn montagne anba oseyan, yo pran tewori deriv kontinan wegener la oserye. Paske nan zon chèn montay anba lanmè sa yo, tankou nan Dorsal Atlantik la, yo dekouvri wòch an fizyon kap pouse sòti ladann, yo sot nan fon zantray planèt la. Kidonk, se sa ki ta lakoz ke kontinan Amerik la ap elwaye li de Afrik ak yon vitès de 3cm/an.


Sou sifas planèt la, yo fini pa dekouvri ke plak tektonik yo ka deplase a yon vitès ki varye ant 1,3 e 7 cm/an. Aprè tout dekouvèt sa yo, aprè anpil deba ak diskisyon syantifik tou, nan lane 1960 kominote syantifik la vin admèt tewori plak tektonik Wegener.

Plak tektonik yo, se tankou yon pakèt gwo bak kannòt kap flote sou lanmè. Gen plis ke yon douzèn gwo bak pwès konsa kap flote sou yon couch planèt la ki anba yo e ki pi pwès tou. Se konsa ke plak tektonik yo fwote youn ak lòt, separe youn ak lòt tou, nan yon mouvman ki lent, ki pran tout ti tan l.

Se konsa tou, selon analyz ke jeològ yo fè, plak sa yo te rasanble yo an yonsèl gwo plak, e aprè sa yo resepare ankò. Ta samble ke plizyè mouvman rasanbleman an yonsèl kontinan ta deja fèt sou Latè, chak 500 milyon dane. Rasanbleman ki te ba supercontinent yo rele Pangée a, se ta pi dènye nan yo.

Se nan frontières ant plak tektonik yo ke pi fò aktivite jeolojik yo fèt, tankou tranbleman de tè ak vòlkan. Arebò plak tektonik yo ka fwote youn ak lòt, yo ka antre an kolizyon, sa ki ka lakoz youn antre anba lòt oswa yo leve pi wo ansan pou yo fòme mòn.

Konsa tou, plak yo ka gen mouvman ki fè yo separe youn ak lòt, e sa kreye yon seri de fay sou sifas Latè; paegzanp, nou jwenn yon fay konsa, fay San Andrea, sou kot wès Etazini. Se yon kolisyon plak tektonik Australo-indo-eurasienne yo ki te bay chèn motay Himalaya, e pwosesis sa ap kontinye jiskaprezan.

Gen youn nan plak tektonik yo ki nan rejyon karayb la, e lil d'Haiti, ke jeneralman nou rele Hispanola, trouve li nan fwontyè nò plak tektonik sa, fwontyè ki separe li ak plak tektonik nord americaine nan. Se konsa, nou vin gen yon fay ki pase nan nò peyi a. Yo rele fay sa fay septentrional; men gen yon lòt fay ki pase nan sid peyi a, li rele fay Enriquillo-Plantain-Garden. Se sa ki pral ekplike plizyè tranbleman de tè nan peyi nou, nan lane 1781, 1770, 1842, 1887, 1904, epi 2010

Dèfwa nou konn poze tèt nou kestyon poukisa sifas Latè pa gen anpil kratè tankou sifas Lalin oswa Mercure, alòske gen anpil gwo météorites ki te touche sifas la kanmenm. Tektonik plak yo ka pèmèt nou konprann poukisa, sitou pou kratè ki te anba oseyan yo. Paske, avèk letan, tras enpak yo, kidonk kratè yo, deplase jous nan limit plak yo kote yo tou antre anndan nan zantray planèt la. Konsa, nou pa wè yo ankò à la surface.

Pou kratè météorite ki te sou sifas kontinan yo dirèkteman, fòk nou pran an konsiderasyon atmosfè a tou, ki kreye erozyon sou sifas la. Gen van, dlo, ak labou rivyè, tout sa yo ap patisipe nan efase kratè enpak yo, men kèk gwo kratè ap rete kanmem.

Gwo fòs ki pèmèt tout mouvman sa yo fèt, se andan planèt la menm li sòti. Pa bliye ke krout planèt la chita sou yon lòt kouch ki pi cho e an mouvman konvectif; kouch sa rele manto Latè. Nou gen pou pale sou li tou.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune