RADYOASTWONOMI
Yon teknik pou wè e konpran menm sa ki pa vizib nan lespas
W tande pale deja de radyoastwonomi? Kisal ye? Kisal pa ye? Ki enpotans li pou sosyete a? Nan ki nivo nou ye an Haiti? Nou pral ede w jwen repons a kestyon sa yo.
RADYOASTWONOMI
Radyoastwonomi se yon branch nan astwonomi kap obsève ak etidye objè astwonomik yo gras a limyè nan gam radyo yo bay. Atansyon, fòk w pa konfonn li ak yon stasyon radyo FM kap pale de astwonomi. Se pa sa, se pa yon stasyon radyo, se yon limyè ke je moun pa ka wè, ke yon seri de teleskòp spesyal sou Latè oswa nan lespas ap kapte e tranfome an enfòmasyon pou nou.
ASTWONOMI
Poun sa byen konpran, ann fè yon ti rale toupiti sou astwonomi an jeneral. Astwonomi se yon syans ki enteresel a obsèvasyon bagay ki nan lespas, kijan yo fòme, evolye e ki dinamism yo genyen. Yo konn di tou se bagay ki padeyò atmosfè Latè, men nan konsèp modèn nan, nou konpran ke Latè se youn nan bagay ki nan lespas tou. Lè w konpran kijan lòt planèt fonksyone, w ka pi byen konprann Latè, e lè w konprann Latè tou, w ka pi byen konprann lòt planèt yo.
Kòm astwonomi jwe yon wòl enpotan poun sa konpran plas nou nan Linivè, li gen yon wòl kiltirèl enpotan pou moun sou Latè. Dayè, se li ki te ede moun nan tan lontanlontan yo konprann e realize kalandriye ak sitèm referans pou kontwole lè. Se sou astwonomi, kidonk obsèvasyon syèl la, ke lòt syans yo pral baze yo, tankou matematik ke nou itilize chak jou, savledi trigonometri, logaritm ak kalkil. Kèk prensip statistik de baz sòti la tou.
LIMYÈ
Bagay ki nan lespas ap bay oswa absòbe limyè, e se limyè sa ki pral konstitiye yon fòm de mesaje pou nou sou Latè , ki pral fèn konnen sa kap pase nan lespas. Se pa limyè sèlman ki mesaje nan lespas, gen reyon kosmik, ond gravitasyonèl, netrino, ak lòt ankò, men jodia nap konsantren sou limyè.
Atmosfè Latè pa pèmèt tout limyè antre vin jwenn nou sou sifas la, dayè gen kèk pati nan limyè a ki te ka menm anpeche lavi parèt sou planèt nou an, tankou reyon gama ki se yon pati nan limyè a. Menm nan limyè ki rive travèse atmosfè nou an, pou rive jwenn nou, se pa tout nou rive wè ak je nou. Sa nou rive wè a, syantifik yo relel simplement “lumière visible” oswa “lumière optique”.
Gen yon lòt kategori limyè ki pami sa ki antre sou planèt nou an, men ke nou pa ka wè ak je nou, syantifik yo relel “lumière radio”, fòk w itilize aparèy pou wèl oswa pou konnen li la. E se poutèt sa aparèy ki itilize kategori limyè sa poul fonksyone, yo konn bal non “radio” tou, tankou station radio FM yo.
Se konsa tou ke astwonòm yo pral itilize teknoloji pou kapte pati radyo nan mesaj limyè pote pou nou sou planèt la. Yo pral devlope yon branch spesyal nan astwonomi ki rele radyoastwonomi. Yo pral kapab wè pi byen, ak plis detay, bagay ki nan lespas. Paske, lè w itilize limyè vizib, w ka wè anpil bagay, se vre, men lè w branche an mode radyoastwonomi, wap wè plis bagay toujou sou objè w tap obsève a! Anplis de sèvis de baz astwonomik ke radyoastwonomi bay, savvledi nan konesans fondamantal sou Linivè, li ede nan devlopman teknologik, paske anpil rechèch ki fèt pou amelyore ekipman radyoastwonomik yo vin sèvi tou nan lòt sektè, tankou jeni mekanik, enfòmatik, telekominikasyon, ak elektronik.
RADYOASTWONOMI ANKÒ...
W ka eksprime limyè an longèdond oswa frekans, e chak pati nan limyè a gen frekans pal. Kidonk gen frekans radyo apa. Nou ka konpran kounyea ke Linivè gen yon bon pati ladann ki an frekans radio. E se radyoastwonomi ki pral pèmèt w etidye pati sa yo. Si w pran Galaksi nou an, Vwa Lakte, akoz de anpil pousyè ki gaye sitou nan disk la ak yon seri de gwo nyaj pwès, limyè vizib pa ka travèse, e w pa ka wè ni jwen okenn enfòmasyon sou rejyon sa yo si w rete ap obsève ak gam vizib la sèlman. Frekans limyè radyo a pèmèt li travèse rejyon sa yo san pwoblèm, e se konsa ke radyoastwonòm yo pral pi byen konprann Vwa Lakte a.
Yo pral detekte idwojèn neutre nan Galaksi a, sa syantifik yo note HI, ki se eleman ki pi abondan nan Linivè. Gen yon frekans pou idwojèn neutre la, se 1420 MHz, e gras ak spektroskopi wap detekte gaz sa ak frekans li. Konsa, radyoastwonòm yo rive fè cartographie Vwa Lakte a, yo rive konprann pi byen strikti an bra spiral li, e yo rive wè tou pozisyon nou nan Galaksi a: nou tou simplement nan youn nan bra spriral yo, nou pa nan mitan Galaksi a. Se idwojèn ki pi plis nan galaksi a, nou dil deja, men se pa sèlman idwojèn ki geyen, gen tou anpil monoxyde de carbone (CO), men se sitou nan zòn ki pi prè mitan galaksi a. Gen plis monoxyde de carbone nan rejyon sa yo paske gen plis zetwal la, zetwal kap konsome idwojèn pa fisyon nikleè pou bay C ak O. Se konsa, gras ak spektroskopi nap rive detekte tou monoxyde de carbone a yon frekans ki 115.271 GHz. Men pa bliye, globalman konsantrasyon monoxyde de carbone a pi piti ke konsantrasyon idwojèn nan e se nan rejyon ki pi andan nan galaksi a w jwenn li pi plis.
Radyoastronomi pral menm ede nan etidye sa ki nan mitan galaksi nou an, tankou twou nwa kap emèt siyal radyo ki pwisan anpil ,ak lòt gam limyè tou tankou reyon X. Atansyon, la... map fè nou konpran ke twou nwa pa bay limyè dirèkteman, men matyè ki padeyòl, ki sou wout pou ta tonbe anndanl, ebyen matyè sa yo tèlman vin cho, yo bay reyon ki nan frekans reyon X e menm radyo tou. Se konsa nou rive menm fè foto two nwa, yon foto endirèk de twou nwa paske se arebòl nou rive wè e fotografye.
Nou konnen ke Linivè trè dinamik: tout bagay ap bouje. Lalin ap vire otou Latè, Latè ap vire otou Solèy, Solèy la, ki nan yon bra spriral Galaksi a, ap vire tou ak tout bra spiral la otou twou nwa santral galaktik la. Vwa Lakte a, li menm, ap vire tou otou pwen gravitasyonèl santral group lokal galaksi a. Nou te ka al pi lwen toujou nan pale sou dinamism Linivè a; an kape la toujou. Sa m vle fèn wè, se mouvman nou nan bra spiral galaksi a, e gras ak radyoastwonomi, nou pral kapab jwenn enfòmasyon sa yo. Paske jan limyè radyo gaz idwojèn ki nan bra galaksi a ap vin jwen nou, nou ka konnen lè yon bra ap deplase vin sou nou oswa al pi lwen. Se gras ak yon prensip fizik yo rele efè Doppler ke nou pral konprann sa.
Pa bliye, m te di nou ke limyè a, w ka eksprimel an frekans oswa longèdond. Selon ke limyè a ap vin jwen w oswa ap elwaye de w, longèdond li ka vin pi kout oswa pi long. Si sete onde sonore, tankou bri sirèn lapolis oswa bri kamyon Okap kap pase bo kotew, w tap remake jan bri a ap chanje lè machin sa yo ap pwoche oswa elwaye yo de w. Se menmjan tou, limyè a ki se yon ond elektwomayetik ap chanje longèdond li lè lap rapwoche oswa elwayel de w. Nan gam limyè vizib la, w tap wè limyè a chanje koule nan kondisyon sa yo, paske koulè yo lye ak longèdond limyè, oswa frekans yo. Men pou limyè non visib tankou radyo, se aparèy spektroskopi pou itilize pou wè sa. Se egzateman sa radyoastwonòm yo pral fè pou konnen lè yon bra spriral Vwa Lakte a ap avanse oswa elwayel parapò ak Latè, kidonk parapò ak Solèy nou an ki se pwen ki pi enpotan nan zafè mas nan sistèm planetè nou an.
AKTIVITE RADYOASTWONOMIK E HAITI
Youn nan aktivite kèk obsèvatwa radyoastwonomik fè, se obsève bra spiral galaksi a pou etidye gaz ki ladan yo e konprann dinamism li, savledi jan lap bouje e jan sistèm solè nou an ap bouje tou. Pa blye, gen anpil gaz ak molekil nan galaksi a, men se sitou idwojèn neutre HI ki pi plis e ki ka bay plis enfòmasyon. Konsa tou, gen obsèvatwa ki tou ouvè yon branch akademik nan obsèvasyon radyoastwonomik sa yo pou pemèt etidyan tou ak tout lòt moun ki enterese, apran e fè obsèvasyon radyoastronomik tou. Youn ladan yo se Observatoire de Paris ki gen yon entefas Internet kote w ka enskri e pwograme yon obsèvasyon, e wap jwen rezilta yo. Pa bliye, se pa obsèvasyon ak limyè vizib non, kidonk rezilta yo se pa foto objè ke wap ka jwen , men yon seri de done, oswa data, ki ka prezante sou fòm grafik ke w ka eksplwate pou pi byen konprann sa kap pase.
Gras ak Biwo Sansibilisasyion pou Astwonomi de Inyon Astwonomik Entènasyonal la (OAO IAU), Société Haïtienne d'Astronomie (SHA) devlope ak lòt patnè (Cameroun, France, Pologne ak Portugal) yon pwojè pou fè kèk ekolye ak pwofesè nan zòn kapital la pran kontak ak radyoastwonomi e menm itilize resous sou Entenèt sa pou pi byen konprann Galaksi nou an. Nap jwenn link yo nan deskripsyon videyo a.
RADYOASTWONOMI ANKÒ...
Radyoastwonomi pèmèt syantifik yo wè pi byen e konprann lòt bagay ki nan lespas tou, se pa sèlman nan Vwa Lalte a, ki se galaksi kote Solèy nou an ye. You seri de gwo obsèvatwa konstwi sou Latè pou gade pi lwen, pi byen ak teknoloji kap dejou an jou vin pi pwisan.
Teknik entèfewometri a menm, se extraordinaire! Se yon konbinezon plizyè gwo antèn radyoastwonomi a distans pou ogmante pwisans rezolizyon imaj yo. Se konsa yo ka rive jwenn plis enfòmasyon sou, paegzanp, sistèm pwotoplanetè kap fòme, disk akresyon otou twou nwa galaktik, oswa disk galksi yo, menm galaksi ki lwen yo nap jwen enfòmasyon sou yo gras ak teknik entèfewometri sa.
Menm gen galaksi kap ejekte matyè cho sòti nan two nwa, se sa astwonòm yo rele jè relativis, e kolòn matyè sa yo, se gras ak teleskòp radyo w ka wè yo. Nan longèdond visib, w ka wè kò galaksi a sèlman, men lè w konbine teknik optik la avèk radyoastwonomi, wap jwen anpil enfòmasyon sou galaksi sa ak jè relativis li ka genyen.
Bon, nou pral pi lwen toujou nan zafè radyo astwonomi a. Nou pral pale de fon diffus kosmolojik mikwo-ond. Mikwo-ond nan, se yon kategori limyè tou, men ki gen frekans pal, men pratikman yo metel nan kategori radyo. Selon tewori ki ta plis raprochel de reyalite a, paske li bay plis prèv pou tewori Big Bang, lè linivè te fèk fèt, li pat ko gen limyè kap gaye toupatou. Se jous 380 000 lane aprè li fèt la, sa vledi lè li kòmanse ouvè kòl plis nan espas-tan ke lap kreye anmenm tan poutèt li, ebyen se lè sa Linivè te kòmanse kite limyè gaye. Biensur, limyè sa te pote anpil enèji, men depi nan dat sa, pou rive nan dat jounenjodia, e sitou avèk ekspansyon Linivè, longèdond limyè orijinal sa pral ogmante, savledi frekans li pral diminye jous pou rive nan frekans mikwo-ond. Sa vledi tou ke tanperatil pral diminye. Linivè nap viv kounyea pa cho menm jan li te ye 380 000 lane aprè Big Bang nan. Men li pa frèt nèt, li pa zewo kelvin, li desann a 3,73 K e se gras ak radyoastronomi w ka wè limyè sa jounenjodia. Yon limyè ke astwonòm yo rele “fon diffus kosmolojik mikwo-ond” paske li gaye kòl toupatou nan Linivè, e li se yon rayonnement fossile ki sòti nan tan lontanlontan.
Si w pran yon aparèy ki kapte ond radyo, tankou yon TV, si w pa branchel sou yon chèn spesyal ki gen yon stasyon TV, wap ka kapte ond orijinal Linivè a sou ekran w, li parèt tankou tigrenn tigrenn. Ebyen, avèk gwo aparèy ki nan lespas, tankou satelit Planck, astwonòm yo rive fè cartographie fond diffus cosmologique micro-onde sa, yon limyè ki gaye kòl tout kote nan Linivè e ki vin kore pi plis tewori Big Bang nan.
Dayè, syantifik ki te dekouvri limyè mikwo-ond sa, yo te resevwa Prix Nobel nan lane 1978, e sete pou la 2e fwa yon radyoastwonòm tap pran Prix Nobel nan epòk sa. Premye fwa radyoastwonòm te jwenn Prix Nobel, sete nan lane 1974, lè syantifik yo te dekouvri pulsar, yon zetwal a netwon kap vire vit anpil, e ki gen yon seri de kolòn ond radyo lap bay.
WÒL RADYOASTWONOMI
An gade wòl radyoastwonomi nan lavi chak jou nou..
Gen anpil avantaj pou sisyete a nan zafè radyoastwonomi sa. Teknoloji kap devlope pou fè radyoastwonomi mache ka sèvi tou pou amelyore telekominikasyon sou Latè, e gen anpil konpayi ki eksplwate konesans fondamantal sa yo pou yo brase pi byen. Nan sektè medikal la, radyoastwonomi an itil anpil, anpil. Lè wap imajine pou fè aparèy kap pèmèt nou wè imaj yon bagay ki pa vizib ak je, w ka konprann anpil kalkil fèt; e w ka itilize menm kalkil sa yo pou fè sa nou rele imagerie medicale ki itil nan sosyete nou an.
An Haiti, c'est sur ke nou itilize teknoloji derive de radyoastwonomi, nan sektè telekominikasyon, ak nan sektè medikal. Men nou poko eksplwate konesans fondamantal yo. Nou poko genyen radyoteleskòp nan peyi a, menm lè nou gen kèk gwo antèn parabolik ki te konn sèvi lontan nan telekominikasyon, nan epòk Teleco. Tankou gwo antèn parabolik Saborin, zòn Arcahaie, ki lontan te Station Terrienne Francois Duvalier, pi gwo station ki te genyen nan rejyon Karayib la nan epòk sa.
Surement yon jou, li ta ka pèmèt nou konstwi yon obsèvatwa radyoastwonomik an Haiti, pou eksplwatasyon akademik, fondamantal, ak ekonomik. E li ka menm pèmèt nou entegre yon rezo entèfewometrik rejyonal pou meyè rezolisyon ak pou etid geodezik kap itil nan konprann mouvman sòl nou an, sitou ke nou sou menas tranblemandetè.
Anatandan, nou ka fè radyoastwonomi a distans gras ak Observatoire de Paris, ak obsèvatwa lòt patnè mwen te pale nou yo. Vizite link ki nan deskripsyon an pou plis detay.
Bon, nou fè yon bon rale sou radyoastwonomi. Nou swete w konprann, oswa poze nou kestyon sou zòn komantè yo.
Commentaires
Enregistrer un commentaire