Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Sistèm Solè a


Sistèm Solè
a, se Solèy la ak tout bagay k'ap òbite otou de li, sa vle di 8 planèt majè yo, lalin k'ap obite yo, ak pakèt lòt ti kò nou ka jwenn nan espas enteplanetè a.

Planetoloji konparativ pèmèt nou jisteman konpare pwopriyete divès kategori kò sa yo ki trouve yo nan sistèm solè a, e, yon lòt bò tou, planetoloji konparativ la pèmèt tou nou konprann nan ki kondisyon planèt yo te fòme ak devlope.


Planèt majè yo ap òbite Solèy la , yo tout, nan menm sans: sa vle di nan sans kontrè zegwi mont, si w tap gade l kòmsi w te kanpe nan pol nò Latè. Anplis tou, tout òbit planèt majè yo gen fòm prèske won, e yo tout prèske sou plan ekliptik la. Òbit planèt ki pi sou anndan, Mèki, se li ki pi eksantrik e ki gen pi plis enklinezon òbital. Plis w'ap sòti deyò nan sistèm nan apati de Solèy la, plis distans ant òbit planèt yo ap ogmante. Dyamèt òbit planèt Neptin apeprè 60 UA.


Pou w jwen dansite mwayèn yon planèt, w dwe divize mas total planèt la pa volim li. 4 planèt ki pi anndan nan sistèm solè a – Mèki, Venis, Latè, ak Mas – (yo) gen yon dansite ki konparab ak pa Latè a, e jeneralman yo fèt ak wòch. Yo rele yo planèt terès. Planèt jovyèn yo, ki pi sou deyò, Jipitè, Satin, Iranis ak Neptin, (yo) gen dansite ki pi piti ke planèt terès yo, e yo plis fèt ak idwojèn e elyòm an gaz oswa likid. Si w'ap konpare yo ak planèt terès yo, w'ap remake ke planèt jovyèn yo pi gwo e pi masif, vitès wotasyon yo pi plis, e chan mayetik yo pi fò ke sa w ta jwenn sou planèt terès yo. Pi plis toujou, tout planèt jovyèn yo gen sistèm ano ak anpil lalin k'ap òbite yo.


Astewoyid yo, oswa “planèt minè” yo, se plizyè ti kò, pa gen youn ladan yo ki pi gwo ke Lalin Latè a, e pi fò ladan yo ap òbite nan yon bann laj ki rele Seinti Astewoyid, ki trouve'l ant òbit planèt Mas e Jipitè. Komèt yo, se ti moso glas ki trouve yo nan zòn andeyò ki nan sistèm solè a. Yo empotan anpil nan astwonomi planetè paske astwonom yo panse ke yo se retay materyèl ki te rete aprè fòmasyon sistèm solè a, e se yo ki gen prèv de premyè etap nan fòmasyon sa. Senti Kuiper se yon bann ki gen kò glase k'ap òbite pi lwen òbit Neptin.


Selon tewori nebilè a, yon gwo nyaj pousyè ak gaz te komanse kolapse, ratatite kò'l, gras ak pwòp fòs gravite pa'l. E pandan li tap fè sa, li tap vire pi vit, pou'l konsève moman angilè'l, e pou'l evantyèlman fòme yon disk k'ap vire – nebilez solè a – se nan disk sa a ke planèt yo pral fòme. Se apati de tewori nebilè a ke tewori kondansasyon an pral monte, e li pral ajoue ladann efe pousyè ak chale Solèy la nan fòmasyon planèt yo. Se tanperati nan yon zòn byen lokalize nan nebilez solè a ki pral detèmine konpozisyon planetesimal kap fòme yo. Planèt terès yo gen wòch paske yo te fòme nan rejyon cho ki te anndan nan nebilez solè a, tou prè Solèy la, kote sèlman wòch ak materyèl metalik te ka kondanse. Nan rejyon ki te pi lwen yo, nebilez la pi frèt, kidonk glas te ka fòme.


Grenn pousyè metalik ak wòch te kondanse nan pa anndan sistèm solè a. Planèt terès yo te fòme gras ak akresyon ak rasanbleman planetesimal sa yo pandan 100 premyè milyon ane sistèm solè a. Kèk gwo kò te komanse domine, evantyèlman se yo ki te fòme 4 planèt terès nou wè jodia. Etap final nan pwosesis sa te make pa pakèt kolizyon nan mitan kò sa yo ki te gen gwosè planèt.


Nan rejyon ki andeyò nan sistèm solè a, nebilez la te pi frèt, e glas ki fèt ak dlo e amoniak te kapab fòme tou. Selon tewori enstabilite gravitasyonèl la, planèt jovyèn yo te fòme dirèkteman e trè rapidman gras ak enstabilite ki te nan disk nebilez la. Nan tewori akresyon kè ki pi standa, ke pwotoplanèt an glas yo te vin tèlman gwo ke yo te kapab rale e kapte gaz idwojèn ak elyòm ki nan nebilez la. Avan menm ke gwo van, ki te sòti nan Solèy la ki tap fèt lè sa, te gaye nebilez la, swa kèk milyon dane aprè ke nebilez la te fòme, entèaksyon ant planèt jeant yo ak gaz yo te lakoz planèt jeyant sa yo deplase kite òbit orijinal yo pou yo te antre anndan sistèm solè a.


Senti astewoyid la, se yon koleksyon planetesimal ki fèt ak wòch, ki pat janm te ka rasanble ant yo pou te fòme yon planèt akoz de gwo fòs gravite Jipitè te gen sou yo. Anpil nan planetesimal ki rete nan rejyon andeyò sistèm solè a, se ejekte yo te ejekte vè senti Kuiper ak Nyaj Oort gras ak chan gravitasyonèl planèt jeyant yo. Ekspilsyon planetesimal ki fèt ak glas sa yo te modifye anpil òbit planèt jeyant yo; Iranis ak Neptin te probableman deplase al pi lwen nan peryòd sa. Se planetesimal ki te devye wout yo nan rejyon andeyò nan sistèm solè a ki te pote anpil nan dlo sou Latè.



Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune