Venis
(Sè planèt Latè)
Lè wap gade l depi Latè, pa rapò a zòn ki anndan òbit li, Venis pa janm detache'l pou'l ale lwen Solèy la nan syèl la. Paske li gen yon nyaj ki kouvri l nèt e ki reflechi limyè anpil, Venis pi briye ke nenpòt zetwal nan syèl la, lè w ap gade'l a pati de Latè.Mas planèt la, ak reyon li, menm ak pa Latè. Wotasyon planèt la fèt dousman e alanvè, sa ta sanble se paske te gen yon kolizyon ant Venis ak yon lòt kò nan sistèm solè a pandan denyè faz nan fòmasyon planèt la.
Atmosfè pwès anpil Venis genyen an rann li opak a limyè vizib, se sa ki fè sifas planèt la envizib si w ta gade l ak longèdond optik yo apati de deyò planèt la. Atmosfè Venis 100 fwa pi pwès ke pa Latè a e se sitou dyoksid kabòn ki ladann. Tanperati ki anwo atmosfè a tankou anwo atmosfè Latè, men tanperati sifas Venis se 730 K. Van ki sou anwo planèt la sikile rapidman otou planèt la, e gen toubiyon polè ki gen fòm patikilye ki fòme nan pòl yo sou planèt la.
Sifas Venis te toujou ap kontinye katografye gras ak radyoteleskòp ki baze sou Latè, e gras ak satelit tou kap òbite'l. Sifas planèt la sanble li plis (smooth), li sanble ak yon (rolling plains) ki gen kolin ak platon. Gen 2 rejyon ki wo e ki gen gwosè kontinan, yo rele yo Ishtar Terra ak Aphrodite Terra. Pa gen prèv ke gen aktivite plak tektonik tankou sou Latè. Stikti ki rele coronae yo, yo panse se materyo ki sòti nan manto planèt la ki monte anlè. Pou rezon nou poko konprann, materyo kap pouse monte sa yo, yo pa janm devlope nan yon mouvman konvektif konplè nèt. Sifas planèt la parèt relativman jèn, li rekouvri gras ak aktivite volkan yo pandan kèk santèn milyon lane ki sot pase yo. Òbitè Magellan te dekouvri anpil dom ki fèt ak lav ak volkan bouklye sou sifas Venis, men pa gen youn ladan yo pou ki yo te jwenn prèv aktivite aktyèl li.
Gen kratè sou Venis enpak meteorit te kreye, men pou pi fò ladan yo, ta sanble yo gen orijin volkanik. Pami prèv volkan aktif sou Venis, nou jwenn bagay sou sifas li ki sanble ak sak fè flash limyè fèt lè gen eripsyon volkan sou Latè. Detoutfason, nou pa wè aktyèlman eripsyon volkan. Veso spasyal Sovyetik ki te poze sou Venis te fè foto wòch sou sifas li avèk bò byen taye (and slablab character). Gen wòch ki parèt pi bazaltik nan nati yo, sa ki vle di te gen yon pase volkanik; gen lòt wòch ki sanble granit ki sou Latè e yo fè pati ansyen kwout planèt la.
Menmsi Venis ak Latè ta sanble te derape ak menm kondisyon sou sifas yo, kounyea atmosfè yo trè diferan youn de lòt. Mas total atmosfè Venis 90 fwa pi plis ke pa Latè a. Se efèdesè gwo kantite dyoksid kabòn ki nan atmosfè Venis la koze ki lakoz an retou gwo tanperati ki gen kounyea sou planèt la. Preske tout vapè dlo ak dyoksid kabòn ki te la okòmansman nan premyè atmosfè Latè, yo te rapidman mele ak oseyan oswa wòch ki sou sifas la. Paske Venis ap òbite pi prè Solèy la ke Latè, tanperati sifas Venis te wo depi nan kòmansman, e gaz a efèdesè ki te sou planèt la pa janm kite atmosfè a. Efèdesè deraye lakoz tout gaz a efèdesè planèt la – dyoksid kabòn ak vapè dlo - (en up in) atmosfè a, e se sa ki lakoz tou kondisyon ekstrèm nou jwenn jodia.
Venis pa gen chan mayetik ke nou ka detekte, prèske sètènman paske wotasyon planèt la twò piti pou efè dinamo ta ka devlope. Pou kèk jeològ planetè, strikti ki anndan Venis ta sanble ak jan anndan Latè te ye avan konveksyon te etabli nan manto'l.
Tradiksyon ak adaptasyon teks de “Astronomy Today' 8e ed., p 233-234
Commentaires
Enregistrer un commentaire