Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Planètoloji konparativ

Jodia, nou pral pale de Planetoloji konparativ


Medam, mesye, bonjour, bonsoir. Mwen kontan la avèk nou jodia pou nou fè yon ti pale sous syans astwonomi. Si ou pat ko fèl, abonew kounyea a chanèl nou an pou pa rate lòt epizòd yo, pa bliye liker ak pataje ak lòt moun ou konnen ki ka enterese a astwonomi an Haiti. Pwoche pi pre pou tande ak wè sa nou pote pou ou jodia.


Lè wap analize yon bagay ki konplèks, pito ou komanse pran'l an gwo avan ou antre nan ti detay. Se menmjan astwonòm yo fè pou planèt ki nan sistèm solè nou an: avan yo al nan detay chak planèt, yo gad dabò sa ki fè yo sanble ou pa sanble youn ak lòt. Se sa yo rele planètoloji konparativ.

Nou pral egzamine 7 pwopryete ke nou ka retrouve anprensip nan chak nan 8 planèt yo, e se sa ki pral pèmèt nou klase yo, oswa gwoupe yo selon pwopryete yo.


1e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se Òbit

Òbit planèt yo se premye bagay, classiquement, astwonòm yo evalye. Se konsa ke yo konfime tout 8 planèt yo, san eksepsyon, ap òbite otou Solèy la nan yon sèl sans: sans anti-horaire, savledi nan sans kontrè ak zegwi mont. Solèy la tou ap vire nan sans anti-horaire sa tou.


Atansyon, fò no pa konfonn mouvman òbital la, otou Solèy la, ak mouvman wotasyon ke planèt yo ap fè lè yap vire sou aks yo; paske, menmsi wotasyon an fèt tou nan sans anti-horaire, menjan ak Solèy la, gen eksepsyon pou 2 planèt: Venus ak Uranus ki fè wotasyon yo nan sans horaire.


Toujou nan konpare òbit 8 planèt sistèm solè a, astwonòm yo remake tou ke toutes les 8 nan preske menm plan òbital: inclinaison òbital yo piti anpil, pa gen youn ki depase 7 degre. Astwonòm yo eksplike sa par le fait ke tout planèt yo te fòme nan yon menm disk pwotoplanetè.


Yo remake tou ke, sof pou Mercure, eccentricité òbit yo piti, savle di menmsi òbit yo pa gen fòm won nèt, yo pa two detire pase sa. ...Bon, òbit planèt Mercure preske won nèt, limenm!


2e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se gwosè planèt ki nan sistèm solè nou an. Astwonòm yo itilize lwa fizik pou yo etidye plizye grandè yo pa ka mezire dirèkteman. Gwosè yon planèt se youn ladan yo, youn nan 7 pwopryete ke nou ka retrouve anprensip nan chak nan 8 planèt yo. Se gras ak yon teknik mezi angilè e ak konesans sou distans yo ke yo ka mezire tay reyèl yon planèt.


Tout planèt yo pa gen menm gwosè! Nan mezire dyamèt reyèl yo, astwonòm yo rive klase yo an 3 gwoup: planèt telirik, planèt ki fèt ak gaz e planèt ki fèt ak glas. Telirik yo, se planèt ki pi anndan nan sistèm solè a: Mercure, Venus, Terre ak Mars. Planèt ki fèt ak gaz yo se Jupiter ak Saturne. E sa ki fèt ak glas yo se Uranus ak Neptune. Planèt telirik yo pi piti lontan devan lòt yo. Pa egzan, Jupiter fè 11x Latè, alòske Mercure fè 1/3 Latè sèlman.


3e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se mas planèt yo, savledi kantite matyè ki te rasanble pou fòme'l. Atansyon, fò'n pa konfonn gwosè, nou fèk sot wè la, ak mass. Astwonòm yo rive mezire mas yon planèt gras ak analiz peryòd oswa tan yon satelit natirèl li pran pou òbite'l. Konsa tou, si planèt la pa gen lalin, nan tan moderne nan, nou ka analize efè gravitasyonèl planèt sa sou yon sond spasyal kap pase bòkote'l. Tout sa, se gras a 3e lwa Kepler, yon potorik gason ki te patisipe nan bay astwonòmi bonjan jarèt nan 16e syèk la.


Se konsa nou pral konprann ke planèt ki sou anndan nan sistèm solè a, se yo ki gen pi piti mas, an plis ke yo pi piti tou, jan nou te dil talèa.

Se planèt Jupiter ki gen plis mass pami tout planèt yo: li gen 318 fwa mas Latè. Kanta pou Uranus ak Neptune, yo klase yo kòm planèt ak mas entèmedyè.


4e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se mas volimik. Se yon bagay ki lye ak konpozisyon planèt la, e yo konsidere masse volumique moyenne nan pito, yon pwopryete ke kèk moun ta vle pran, par abus de langage, pou dansite. Men se pa egzateman menm bagay: dansite a, se ta plis yon konparezon mas volimik la ak mas volumik dlo likid.


An gwo, mas volimik mwayèn nan, se yo rapò masse sou volum planèt la.

Planèt telirik yo gen mas volimik mwayèn ki wo pa rapò ak dlo likid. Latè, paegzanp, gen yon mas volimik de 5520 kg/m3, paske sitou anndann gen fè (Fe) ak nikèl (Ni), eleman chimik ki lou.

Mas volimik mwayèn Saturne pi piti ke pa dlo likid, kidonk jeneralman yo konn di ke si ou ta mete planèt sa nan yon pisin ki ta ase gwo pou resevwa'l, planèt la tap flote sou dlo pisin nan tankou yon blad ki glonfle ak van.


Detoutfason, Jupiter ak Saturne gen menm konpozisyon: H ak He. Uranus ak Neptune, bòkote pa yo, yo gen anpil dlo ak amonyak an plis de H ak He. E, 4 planèt sa yo, yo klase yo tou kòm planèt jovyèn, yo gwo anpil pa rapò ak Latè.


5e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se spectroscopie

Avèk liy Fraunhoffèr ki parèt nan analize yon limyè ke yon kò bay oswa reflechi, sa syantifik yo rele spectre, ou ka konn exactement ki eleman chimik oswa molekil ki nan yon objè. Se yon teknik ki ka pèmèt astwonòm yo konn konpozisyon chimik surface ak atmosfè yon bagay ki nan lespas, tankou planèt, egzoplanèt, zetwal oswa nebilez yo.


Kidonk, gras ak spektroskopi a, nou ka analize e konpare planèt jeyant sistèm solè nou an. Nou ka egzamine e konnen sa'k sou sifas planèt telirik yo tou, tankou nou konfime gen fè sou Mars. Konsa nou ka gen yon vue globale sou tout planèt yo.


6e pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se albedo

Nou konnen tout kò, swa bay limyè, swa reflechi limyè li resevwa. Exception pou kò nwa nou konnen ki pa kite limyè sòti ditou. Men nan kò ki reflechi limyè a, li gen yon kantite li absòbe, e se rès la li reflechi nan lespas. Selon kantite li reflechia, parapò a kantite li te resevwa, astwonòm yo exprime sa an yon ratio ki rele albedo. Li ka rive a 100% si kò a reflechi tout limyè Solèy la ki rive sou li.


Konsa tou, li ka reflechi yon pati sèlman. Par exemple, Latè gen yon albedo = 30%, Lalin nan 12% e Venus 65%. Déjà la, konparezon sa pral fè nou konprann ke Venus gen yon ti diferans ak lòt telirik yo: li gen yon atmosfè ki pwès anpil k'ap reflechi pi fò nan limyè Solèy la ki rive sou li.


7e e dènye pwopryete nap wè nan kad planètoloji konparativ sa, se lalin yon planèt genyen.

Planèt jeyant yo gen pi plis lalin ke planèt telirik yo. Se pa dizèn ou konte lalin pou jeyant yo, ke'l gazez oswa glase. Bòkote telirik yo, se sèl Latè, ki gen youn, ak Mars ki gen 2. Mercure ak Venus pa genyen. An tou, astwonòm yo rive konfime 205 lalin otou planèt yo. Se Saturne ki gen pi plis: 82. Jupiter gen 79, Uranus 27 e Neptune 14.


Astwonòm yo ka klase lalin yo tou an regilyè oswa iregilyè, selon ke yap òbite planèt la nan sans pwograd sou plan ekwatoryal la ou pa. Lalin ki iregilyè yo konn tou yon astewoyid ke planèt la te kapte byen avan sa.


Nou sot wè ansanm 7 pwopryete nan kad planètoloji konparativ.

Lè wap konsidere 7 pwopryete sa yo, ou ka konprann sa ki nan sistèm solè a an gwo, e aprè, ou ka al nan chèche detay pou chak.


Mèsi dèske ou te rete tandem jiskalafen. Nom pam, se Captain Astro, yon astwonòm pwofesyonèl nan Société Haitienne d'Astronomie. Depi ou gen kestyon sou sa ou sòt tande la, oswa sou lòt sijè astwonomi, pa ezite kite kòmantè, ekrim sou rezo sosio yo oswa email. Ou ka telefonem tou nan 50938407775. Wap jwen detay nan deskripsyon epozòd sa, anba. Si ou apresye epizòd sa e ou ta vle ede nou, ou ka fèl pa MonCash sou menm nimewo a: 50938407775. Nenpòt sal ye a, li mèt piti, nap kontan, e nou remesyew deja. Pa bliye abone, liker ak pataje pou nou fè astwonomi an kreyòl jwenn plis moun lakay. A byento.




Licence Creative Commons
Ce(tte) œuvre est mise à disposition selon les termes de la Licence Creative Commons Attribution - Partage dans les Mêmes Conditions 4.0 International.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune