Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Vwa Lakte, youn nan galksi yo



Galaksi se yon bagay nan linivè ki rasanble yon pakèt zetwal ak planèt yo, ak pousyè, gaz, ak matyè nwa tou. Se gras ak fòs gravite a ke rasanbleman tout bagay sa yo rive fèt nan kosmòs la. Gen plizyè galaksi ki rasanble konsa, e se plizyè santèn milya zetwal ki nan chak. Li pratikman enposib pou nou ta konnen konbyen galaksi ki gen nan linivè, paske nou pa konnen,,,paske nou pa konnen tay linivè...petèt menm li enfini...

Detoutfason, sa pou nou sonje, Solèy nou an se youn nan 200 milya zetwal ki konstitiye yon galaksi tou. Kòm nounem, lèzòm, nou sou youn nan 8 planèt kap vire otou Solèy la, nou bay galaksi kote nou ye a non: nou rele'l “Vwa Lakte”. Solèy nou an pa nan mitan Vwa Lakte a, li a yon distans de 26 000 ane-limyè de mitan Galaksi a, e sa sa ki fè nou pa ka wè fòm galaksi nou an byen paske nou anndan...Fòk nou ta sòti deyò Vwa Lakte a pou ta ka wè fòm li vrèman, men nou poko gen teknoloji pou sa. Men kòm gen anpil lòt galaksi, nou ka obsève lòt yo pou nou ka konnen ki jan galaksi ye an jeneral.


Nou konnen poukisa se Vwa Lakte nou rele galaksi nou an? E byen, nou konnen ke se kilti grèk ki te domine zafè bay bagay ki nan syèl la non ofisyèl. Se konsa matyè ki fòme galaksi nou an parèt tankou yon gwo mak blanch tankou lèt ki tonbe e travèse syèl la, sòti yon bò pou travèse sou lòt bò. Grèk yo te wè'l a travè mitoloji yo kòm yon tras lèt ki te sòti tombe nan tete déesse Hera ki te sote nan dòmi e rale tete'l nan bouch yon tibebe ki rele Heracles ke'l te jwenn ap tete'l pandan li t'ap dòmi a. Se ta yon matlòt li ki ta voye mete bebe sa tete'l, paske lèt li te ka rann timoun nan imòtèl menmjan avèl'. Bon, tradisyon non an rete nèt pandan lontan, men kounyea pou bay bagay nan lespas non, se pa obligatoirement kilti grèk ke astwonòm yo itikize, men non ki sòti nan kilti oswa istwa tout pèp sou Latè, tankou Zetwal Citadelle ak egzoplanèt li Indépendance, non ki sòti nan listwa Dayiti.


Pa gen twò lontan pasesa, astwonòm yo pat konnen egzistans lòt galaksi ke Vwa Lakte. Yo te panse ke tout linivè te nan Vwa Lakte a. Biensur, tout astwonòm pat dakò ak lide sa, men se syans kap fèt, fòk ou te ka demontre sa ou di. Te gen yon gwo deba piblik e syantifik ki te menm fèt ant 2 gwo astwonòm sou kestyon sa nan lane 1920, paske gen yon seri de tach yon ti jan flou yo te konn wè nan teleskòp epòk sa, yo te panse ke se swa yon nébuleuse, kidonk yon rasanbleman gaz kote zetwal ap fòme nan Vwa Lake a, oswa se yon lòt galaksi, menm jan ak Vwa Lake a. Tou 2 astwonòm ki te fè gwo deba sysntifik piblik sa, Curtis ak Shapley, te pote bonjan argument pou thèse pa yo. Sa vle di youn pat ka konvenk lòt: match nul...Se gras ak yon lòt astwonòm wi , Ameriken ki te rele Edwin Hubble ke nou pral resi demontre ke sou objè yo tap diskite a, ke yo te rele “Nébuleuse Andromede” paske li te nan konstelasyon Andromede, ebyen se te yon lòt galaksi, kidonk li pa anndan Vwa Lakte a.


Se gras ak yon zetwal varyab Cépheïde Ke Edwin Hubble te rive fè démonstation syantifik sa; li te rive fè kalkil distans yon zetwal cépheïde ki te trouve li nan galaksi Andromede la; se yon kalkil ke yon lòt astwonòm ki te rele Henrietta Leavit te rive met sou pye byen avan sa nan lane 1912.


Vwa Lakte nou an prezante'l tankou yon gwo disk ki mezire 100 000 ane-limyè de longè, ak 2 000 ane-limyè pou épaisseur. Nap raple ou ke 1 ane-limyè se yon inite distans ki egal a 10 000 milya km; kidonk galaksi nou an gwo anpil, e li ka kenbe a peu près 200 milya zetwal! Li gen anplis anpil pousyè ladann tou, e sa ap fè nou pa ka wè tout zetwal yo lè ou ap gade apati de sifas Latè. Dayè tout zetwal ou rive wè ak je ou sèlman nan syèl la leswa, yo tout nan vwa Lakte a, e se yon ti kantite tou piti ou rive wè sèlman. Kidonk swa lòt yo twò lwen nan galaksi nou an, sou lòt bò parapò ak Solèy nou an, swa nou pa rive wè yo paske pousyè entèstelè ki gaye nan mitan zetwal yo bouche yo e pa pèmèt nou wè limyè ki nan gamme visible yo. Men si astwonòm pwofesyonèl yo itilize lòt gam limyè tankou radyo, yo ka wè pousyè yo e menm zetwal ki kache dèyè pousyè sa yo. Nap raple ou ke limyè se yon ond elektwo-mayetik ki gen plizyè longè dond ladann, anplis de limyè ke moun ka wè. Detoutfason, gras ak teknik radyoastwonomi, astwonòm yo rive etidye anpil bagay nan galksi yo.


Mitan Vwa Lakte a, astwonòm yo ka rive etidye'l gras ak ond radyo, enfra-wouj, reyon X ak gamma. Gen anpil pousyè ak gaz idwojèn ladann; Gen 2 gwo pwolongasyon oswa bra ki sòti nan pati nan mitan an pou yo al' byen lwen nan disk galaksi a; yo pran yon fòm an spiral otou galaksi a. À vrai dire, fòm spiral Vwa Lakte a, nou pa ka wè'l dirèkteman paske nou anndan'l, Solèy nou an nan youn nan bra spiral galksi a, a 26 000 ane-limyè de mitan'l, tankou m' te di nou deja. Se sitou gras ak obsèvasyon lòt galaksi yo ke astwonòm yo rive konprann ke galaksi yo gen fòm spiral oswa fòm eliptik; e yo rive konprann pwojeksyon bra spiral Vwa Lakte a.


Anndan nèt nan Vwa Lakte a gen yon twou nwa ki masif anpil anpil, mas li se 4 300 000 fwa mas Solèy la. Tout mas sa konsantre nan yon espas ki pa gwo relativement, e sa fè gravite yo fò anpil anpil; savledi ke menm limyè pa ka chape poul li si l' ta rive twò prè twou nwa sa. Fò nou konnen tou ke nan preske chak lòt galaksi ki nan kosmòs la gen yon twou nwa supermassif tou nan mitan'l.


Majorite zetwal galaksi spiral la nan disk galactique la, men gen kèk lòt zetwal ki gaye kò yo tout otou galaksi a tou, swa poukont yo, swa an makòn tou won yo rele ama globilè. Fòk nou konnen tou gen anpil matyè nwa nan Vwa Lakte a, savledi yon seri de matyè astwonòm yo pa fin twò byen konprann men ki fòme yon sòt de halo sou tout galaksi a e ki aji ak fòs gravite yo sou mouvman zetwal yo nan disk la otou pwen santral galaksi a. Anpil rechèch ap fèt pou rive konprann matyè nwa sa ke yo dekouvri tou nan preske tout lòt galaksi yo.


Pa bliye, Solèy la pa nan mitan Vwa Lakte a, men li nan youn nan bra spiral yo, a 26 000 ane-limyè de mitan, e l'ap vire toutotou galaksi a a yon vitès ki se 878 000 km/h. Solèy la rive fè tou Vwa Lakte a an 230 milyon ane. Sa vle di, depi lèzòm te parèt sou Latè, poko janm gen 1 ane galaktik ki pase...nou jèn anpil, anpil, anpil...

Astwonomi modèn, gras ak gwo teleskòp ak lòt aparèy nan lespas, pèmèt nou konprann plis bagay sou galaksi yo tankou distribution ak vitès yo, rasanbleman an makòn yo rele ama galaktik, superamas galactique, filament, e sa pral pèmèt yo konfime expansion linivè. Bon, n'a pale de sa nan yon lòt epizòd. Pa bliye abone a chanel nou an, komante, poze kestyon e pataje ak zanmi ou konnen ki enterese a astwonomi.


Bon, tande: gen plis bagay pou nou ta di sou galaksi toujou, tankou sou zafè quasar yo ak yon lòt seri de galaksi k'ap pwodwi anpil enèji. Men nap resi kanpe la jodia. N'ap kase yon lòt randevou pou nou kontinye.

Mesi dèske ou te rete jouska lafen emisyon jodia kote nou te pale de galaksi. Nou ankouraje ou etidye la syans, e yon jou ou va kontribye a gwo efò ke limanite ap fè pou konnen kiyès yo ye, kote nou sòti e ki bò nou prale. Nou gen poun repale ankò de astwonomi, e si entre-temps ou ta gen kestyon sou galaksi yo oswa sou nenpòt lòt sujet sou astwonomi, ou ka rele'm oswa ekrim nan nimewo sa: 38407775, m'ap repran'l: 38407775. Ou ka jwenn nou tou sou Internet oswa si ou chèche sou Google avèk mo kle sa yo “Haiti astronomie”, “Société Haitienne d'Astronomie” oswa bon non mwen ki se “Rulx Narcisse”.


A bientot.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune