Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Teleskòp: Zouti prensipal astwonòm yo.



[You could read this text in English: https://haitiastronomie.blogspot.com/2023/04/telescopes-astronomers-primary-tools.html ]

Chak metye oswa pwofesyon gen zouti prensipal li. Si ou se doktè, ou sèvi ak sonn, si ou se bòs mason, fò mache ak tiwèl ou, si ou se militè, fòk zanm ou toujou la...konsa tou si ou se astwonòm, w'ap bezwen teleskòp pou etidye zetwal yo. Ann fè yon ti gade ansanm ak Captain Astro sa'k teleskòp la.


[Video “Interview avec Captain Astro” ka enterese w tou, klike...

https://youtu.be/vfRKtjjq02w ]


Tout dabò, fò'n konprann ke mo teleskòp la anglobe an reyalite 2 gran typ de aparèy: youn ki fèt ak lantiy, yo rele'l linèt astwonomik, e yon lòt ki fèt ak miwa, se limenm ki vrèman pote non teleskòp la.


Kiyès ki te envante aparèy sa? Gen kèk ti diskisyon toujou sou vrè orijin teleskòp, men pifò istoryen panse ke se yon Hollandais ki te rele Hans Lippershey ki te envante teleskòp...ann di linèt astwonomik; li te depoze premye brevè pou aparèy sa nan lane 1608; men gen kèk istoryen ki panse pito se ta an Itali nan lane 1586 ke Giambattista della Porta ta envante li; bon, gen lòt moun ki bay lòt non toujou...de tout fason, moun ki pral bay aparèy sa plis renome, se yon lòt italyen ki te rele Galileo Galilei nan lane 1609, sitou lè li ta pral montre linèt astwonomik li a nan sena nan menm lane 1609 la. Kidonk, se pa Galilée ki te envante linèt astwonomik, men se li ki te itilize'l pou la premyè fwa pou obsève zetwal ak lòt bagay ki gen nan syèl la . Li pral fè plizyè dekouvèt avèk linèt astwonomik la tankou 4 lalin k'ap òbite otou planèt Jupiter, yon bagay ki ta sipoze pa posib nan jan yo te konprann astwonomi nan epòk sa.


[Video “A ki distans zetwal yo ye nan syèl la” ka enterese w tou, klike...

https://youtu.be/kpQE6tmscuk ]


Prensip linèt astwonomik la simple: se yon tube ki gen, nan chak bout, yon lantiy; youn pou resevwa limyè ki sòti nan zetwal ou ap obsève a, yon lòt pou mete je'w pou wè. Lantiy kote w'ap obsève a, teknikman li rele lantiy okilè, e lòt k'ap resevwa limyè zetwal la pou'l fòme imaj la rele lantiy objektif.

Imaj k'ap kreye a ap' pi klè si aparèy la resevwa plis limyè, c'est logique. Kidonk, plis lantiy objektif la pi laj, savle plis li gen yon gwo dyamèt, plis imaj w'ap wè à travers occulaire la ap' pi bèl.

Se konsa syantifik nan zafè optik ap travay pi plis toujou pou fè lantiy ki pi gwo toujou.


Nan lane 1668, gen yon gwo potorik gason syantifik ki te rele Isaac Newton, li vini ak yon lòt konsèp ki pral pote non teleskòp la tout bon. Li te itilize yon miwa de preferans kòm objektif prensipal e okilè a te vin plase li sou kote tube la pou astwonòm nan fè obsèvasyon pi byen. Se yon konsèp ki popilè anpil depi lè sa, jusqu'à nos jours kote w'ap jwenn anpil teleskòp astwonòm amatè ki fèt konsa. Gen plizyè varyan teleskòp ki sòti nan modèl sa, tankou Cassegrain, Schmidt-Cassegrain, Nasmyth ak ranvwa koude. Yo chak gen avantaj pay yo ak traka pa yo tou. De toute façon, pou tout, sa ki pi enpotan se diamètre d'ouverture yo, se sa'k pral eksplike ke, gras ak teknoloji, spesyalis optik yo pral' devlope aparèy ak diamètre d'ouverture de plus en plus gros, jan'm te di'l deja!.

Se la, yo pral konprann ke fè gwo linèt astwonomik, kidonk ak lentiy, pi konplike ke fè gwo teleskòp ak miwa. Alòske lentiy la gen 2 fas pou jere, kidonk, se sou arebò'l sèlman ou ka fikse'l, yon miwa gen yon sèl fas pou jere, e lòt fas la, ki nan do miwa, disponib pou fikse'l, ba'l sipò pou ka kore'l.


La a, fò nou konprann byen! Lantiy la itilize tou 2 fas li pou'l, premyèman, resevwa limyè, e dezyèmman transmèt limyè a vè okilè a. Kidonk, pou kenbe lantiy la, se sèlman sou kote'l, kote limyè a pa gen pou'l pase, ou ka fikse'l nan tube linèt astwonomik la. Men pou teleskòp ki fèt ak miwa, zòn k'ap reflechi limyè a sou yon sèl fas, li pa sou tou 2 fas yo. Kidonk ou gen plis libète pou sèvi ak do miwa a pou fixation e pou mèt lòt aparèy anplis tou nan teleskòp la, ...bon..,si ou ta bezwen sa. Ou konprann,...

Ou pa limite ak arebò miwa a sèlman, menjan li tap ye pou yon lantiy!.


Astwonòm yo ak teknisyen optik yo pral konstwi gwo obsèvatwa avèk prensip miwa a. Se konsa, aktyèlman pi gwo teleskòp sou Latè nan obsèvatwa Gran Telescopio Canarias (GTC) ki te konstwi nan lane 2005 nan zile Canaries an Espagne; li gen yon ouvèti ki mezire 10,4 m. Men konsa tou, gen pwojè ki en cours d'execution pou konstwi obsèvatwa ak teleskòp ki pi gran toujou, tankou Extremely Large Telescope, nan dezè Atacama o Chili, ki nan lane 2024 pra vin pi gro je ki brake nan syèl la.

+++++

Pandan nou pale de je, m'ap profite fè nou konnen ke linèt astwonomik itilize menm prensip fondamantal ak je moun, savledi je gen yon lentiy tou, ki rele kristalen, k'ap resevwa limyè ki rive pase a travè yon ouvèti tou li genyèn ki rele pupille.

Se kristalen an ki pral fè limyè a focus sou retin la, exactement kote pou'l focus pou ou ka wè korèkteman.

Avan ke Galilée te komanse itilize linèt astwonomik, sa pat anpeche astwonòm te fè obsèvasyon e menm dekouvèt nan syèl la leswa. Yo te sèvi, évidemment, ak 2 je nan tèt yo. E fòk ou pwoteje je ou, gen yon kantite limyè ou pa dwe gade; kidonk, pa janm eseye gade Solèy la ak yon linèt astwonomik oswa yon teleskòp dirèkteman. Yo di ke se sa'k te fè Galilée te avèg avan li te mouri. Bon, tout moun pa dakò ak tèz sa, pou yo se paske Galilée te komanse granmoun, li te vin malad epi li avèg. Detoutfason, tanprisouple pa janm eseye gade Solèy la dirèkteman ak aparèy sa yo. Sofsi ta gen pwoteksyon spesyal ki fèt pou sa e ki ta enstale nan teleskòp la, e fò ou verifye avan ou ta sèvi avèk li. Konsa ou te ka fè astwonomi solaire...Men veye zo ou!


[Video “Solèy la” ka enterese w tou, klike... https://youtu.be/tfvDTIRsvPg ]


Teleskòp pèmèt nou wè anpil bagay nan syèl la leswa, men pa bliye, se sou Latè nou ye, savledi gen atmosfè tou, you kouch gaz ki kouvri nou, ki brouye limyè zetwal yo avan yo rive nan teleskòp yo. Sa limite tout travay obsèvasyon astwonòm yo te ka fè.

Menmsi astwonòm yo bezwen atmosfè a pou yo respire, li anmède yo anpil nan sans sa tou, traka... anplis de polisyon limyè ke yo ka jwenn plis yo pi prè grande ville yo. Bon, opticiens ak astwonòm yo vini tou ak yon seri de teknik pou yo wè si yo ta rive limite enpak atmosfè a sou obsèvasyon astwonomik yo. Dabò, yo panse ke'l ta pi benefik si yo mete obsèvatwa yo pi wo, nan tèt gwo mòn yo, konsa dansite atmosfè a ap diminye, ap gen mwens fluctuation, e imaj yo va pi klè. Nan mòn yo tou, yo lwen grande ville yo, savledi... gen mwens pollution lumineuse, ak entèferans radyo. Donk li ta pi bon konsa.


[Video “Atmosfè Latè” ka enterese w tou, klike...https://youtu.be/jVwZ2lkM3io ]

Gen yon seri de tecknoloji yo devlope tou pou ameliore randman gwo teleskòp yo parapò ak pwoblèm ke atmosfè a bay nan obsèvasyon yo; teknoloji sa rele optik aktiv kote miwa prensipal la, ki fèt ak plizyè ti miwa, ka fè ti chanjman pozisyon gras ak gwo kontwol enfòmatik. A pati de sa, yo ka kontrekare ak latroublay atmosfè a ta ka bay nan transmèt limyè vè obsèvatwa a. Gen tou yon lòt teknik ki rele optik adaptativ kote obsèvatwa a tire yon reyon lazè nan atmosfè a, e kreye yon sòt de zetwal atifisyèl ki pèmèt yo rekadre e korije latroublay nan imaj yo rive kapte nan obsèvatwa a.


Konsa tou, yon lòt solisyon pou evite latroublay ke atmosfè Latè ka bay nan kite limyè a pase rive sou Latè, se ta sòti nèt nan lespas. Bon la, pwoblèm entèferans ak gaz atmosfè a fini nèt...men sa koute kòb tou, ...anpil kòb, pou mete yon teleskòp nan lespas, e repare'l si'l ta bezwen. Men astwonòm yo fè sa kanmenm: tankou Teleskòp Spatial Hubble, ke la NASA ak ESA te konstwi, ki t'al nan lespas depi nan lane 1990. Li bay anpil bèl foto pandan reigne li, e Telescope Spatial James Web, ki vin aprè'l, pran la relève e ap kontinye fè bon travay nan obsèvasyon astwonomik. Bon, gen plan ki gentan fèt pou lòt teleskòp spasyal, e gwo ajans spasyal yo menm pwojte konstwi obsèvatwa astwonomik sou fas kache Lalin, kote zafè latwoublay pou obsève syèl la pa egziste menm! ...Anfen, preske pa, sof kèk kout meteorit...sonje pa gen atmosfè sou Lalin!


La, fè yon ti respire pou'm antre nan yon lòt dosye nan zafè teleskòp yo.

Teleskòp, se tankou yon machin à remonter le temps, savledi imaj ou rive wè gras ak li se yon bagay ki te fèt nan tan lontan e ki pran tan'l pou'l rive jwenn ou sou Latè, à la vitesse de la lumière.

Se tankou yon mesaje ki te nan wout e ki fini pa rapòte'w sa'k te fèt lè li t'ap derape a, ak mesaj la; sa'k fèt dèyè do'l, lè li te fin derape a, li pa konnen...en fait, Tout imaj ou wè nan syèl la, avèk ou san teleskòp, c'est le passé!


M'ap fè nou sonje ke limyè, kidonk mesaje prensipal nou an astwonomi, se yon ond elektwomayetik ki gen plizyè frekans oswa longèdond. Se pa tout frekans yo ki rive travèse atmosfè Latè, tankou gama, reyon X ak yon bon pati nan UV ak enfra-wouj yo. Nan sa ki rive antre yo, se yon ti pati lèzòm ka wè ak je yo, nan longèdond 400-700 nm (380 nm à 780 nm), se poutèt sa yo rele'l limyè vizib. E byen, tout pale nou tap fè talèa, se te sou teleskòp kap kapte limyè vizib sa. Men plis w'ap monte nan atmosfè a, ou ka gen plis posiblilite pou kapte kèk nan longèdond ki pa rive atè nèt, tankou plis UV ak plis IR; men reyon X ak gama pa antre menm sou Latè. Teleskòp Sofia, ki nan yon avyon stratosferik, ka pèmèt ou obsève plis IR, e Teleskòp Hubble...? oswa Teleskòp James Webb ki nan lespas, yo ka wè plis enfra-wouj toujou ke sa ki sou Latè oswa nan atmosfè a, anplis ke yo alabri de latroublay gaz nan atmosfè a. Gen lòt teleskòp nan lespas ki pèmèt yo gade nan lòt longèdond ki pa rive menm sou Latè, tankou Teleskòp Chandra ki fè obsèvasyon nan reyon X, ak Teleskòp GLAST (GLAST se yon acronyme pour Gamma ray Large Area Space Telescope ou grand télescope spatial du rayonnement gamma), rebaptisé Fermi en l'honneur du célèbre physicien italien.


Nan zafè gen teleskòp de plus en plus grand, pou sa rive wè pi lwen nan le temps, syantifik yo te komanse reflechi anpil anpil sou kijan pou yo ka ogmante dyamèt kote pou resevwa limyè nan teleskòp. Yo rive a yon teknik ki rele entèferometri kote, nan yon rezo teleskòp, se distans ki separe yo ki reprezante dyamèt la. Kidonk, paegzanp nou ka rive a yon dyamèt de plizyè km; e gen menm pwojè pou itilize lespas pou etabli rezo teleskòp pou entèferometri. La, nou ka konpran ke dyamèt douvèti yo ka rive jwenn ka anpil. Sepandan, en terme de résolution, savledi jan imaj yo ta parèt pi klè, teknik sa gen limit li: li plis itil nan radyoastwonomi, savledi obseve nan gam radyo


[Video “Radyoastwonomi” ka enterese w tou, klike...https://youtu.be/-UZBZsfOyHw ]

Teleskòp, se yon zouti ki enpòtan anpil pou astwonòm yo, ke'l te amatè oswa pwofesyonèl: tou 2 kategori sa yo ka fè dekouvèt ki ede nou konprann pi byen kote n'ap viv la, e yon jou n'ap rive konn plis toujou sou kiyès nou ye, kote nou soti e kote nou prale.


Gen lòt zouti wi nan astwonomi. Menmsi teleskòp se prensipal la, gen tou spektroskòpi, gen tou aparèy pou detekte ond gravitasyonèl, netrino, ou menm reyon kosmik, paske limyè se pa sèl mesaje ki gen nan lespas. Annatandan, pwoteje je ou, ...menm si yo pa pwisan menm jan ak aparèy yo, se yo ki pa w vre.




Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune