Kèk detay sou Solèy la
Youn nan zetwal ki nan Galaksi nou an.
Texte also in English: https://haitiastronomie.blogspot.com/2023/05/some-details-about-sun.html
Solèy la, se yon zetwal, savledi yon gwo boul gaz ki kenbe kò'l gras a fòs gravite'l, ak tou gras ak pwisans ki sòti nan reaksyon fusion nikleè ki fèt anndan'l. Pou etidye Solèy la, astwonòm yo divize'l an diferant kouch ki gen pou wè ak kijan strikti'l ye pou chak nivo profondè.
Et bien, jodia, nou pral gad, ansanm ak Captain Astro, sa'k Solèy la an detay...
Rete la pou tande...ak abone w tou a chanèl astwonomi sa ki nan lang lakay!
Mwen t'ap di nou ke pou etidye Solèy la, astwonòm yo divize'l an diferant kouch ki gen pou wè ak kijan strikti'l ye pou chak nivo profondè. Et bien, se konsa, sou deyò'l, tankou'm ta di ou po Solèy la, pati sa rele fotosfè; se kote sou sifas Solèy la ou ka wè limyè vizib k'ap sòti. Li pa pi pwès ke 500 km, alòske tout Solèy la gen yon reyon de 700 000 km.
Anba fotosfè a, gen lòt rejyon tankou zòn konveksyon ki mezire 200 000 km kòm reyon, epi zòn radyasyon ki gen 300 000 km, ak finalman nannan Solèy la ki mezire 200 000 km; Pil sou pil, tout kouch sa yo fè Solèy la mezire, jan nou te di'la, 700 000 km kòm reyon.
Kidonk, Solèy la se yon boul ki gen preske 1 milyon edmi km de dyamèt. Li gwo anpil pase Latè ki mezire sèlman 12 742 km, e li konsantre 99% tout matyè ki nan sistèm solè a, savledi li gen plis mas ke tout ansanm planèt yo ak tout lòt bagay ki fòme sistèm solè a.
Atansyon, n'ap pale de sistèm solè a wi, pa de Galaksi a, ni de Linivè: bagay sa yo pi gwo lontan lontan ke sistèm solè a, e nan tan lontan astwonòm yo te fè konfizyon sa ant sistèm solè ak linivè.
Se nan nannan Solèy la, ke astwonòm yo rele tou nwayo, ke enèji nikleè fèt pou voye bay rejyon ki anlè'l la, zòn radyasyon; se nan zòn radyasyon an ke enèji a travèse sou fòm reyon pou'l rive jwenn yon lòt rejyon ki pi wo toujou ki rele zòn konvektiv. La menm, nan zòn konvektiv sa, anpil matyè bral brase lè enèji radyasyon an rive sou li. Li pral fè yon seri de mouvmam de ba pou ale anwo, epi dewo pou desann anba, tankou labouyi nan chodyè sou dife. An fizik, fenomèn kote matyè cho ap monte pandan matyè ki vin mwen cho ap desann, syantifik yo rele sa konveksyon. Se poutèt sa, rejyon sa k'ap brase anlè tèt zòn radiasyon an, astwonòm yo rele'l zòn konvektiv.
Pa bliye, li gen 200 000 km de profondè, e brasaj k'ap fèt nan li a divize an ti zòn yo rele selil, sòti depi anba pou rive anlè nèt nan tout zòn konvektiv la. Selil ki pi anba yo pi gwo, pi cho ke sa ki anlè nèt yo.
Se konsa, yon pakèt ti selil konveksyon pral parèt tout anba kouch ki kouvri zòn konvektiv la. Kòm kouch ki anlè nèt la tansparan parapò ak zòn sa, astwonòm yo rive obsève denye gwoup selil sa yo. Pou mwen, yo parèt tankou lè w'ap gade yon chodye mayi moulen kap byen bouyi sou dife chabon: ou wè ti kote k'ap leve pi wo e k'ap fè ti bout apa e k'ap pete sòti. Bon... se yon ti conparaison personelle...mwen swete ou konprann lide mwen vle fè pase a...
Pran san ou pou Tande byen...Kantite enèji solè ki rive sou sifas atmosfè Latè, savledi pati ki pi anwo atmosfè a, lè konvansyonelman syantifik yo kantifye'l pou 1 m2, yo rele'l konstant solè. Tout kantite enèji Solèy la bay antou pou 1 segond rele liminosite solè. Se yon kantite enèji ou te ka kalkile si ou pran sa nou te rele konstant solè a, e ou ta miltipliye'l ak yon sphère ki ta vlope tout Solèy la pendan li tap touche anwo atmosfè Latè. Sphère imajinè sa t'ap gen kòm reyon 1 UA, savledi distans ki separe Latè ak Solèy la, 150 milyon km.
Anpil nan sa nou konnen sou kijan anndan Solèy la ye, se gras ak yon seri de medelizasyon matematik...paske, nou konnen, nou pa ka antre anndan vant Solèy la pou'n al' fè eksperyans.
Se konsa ke youn nan modèl astwonòm yo rive devlope, ki koresponn byen ak propiete yo rive obsève vre, yo rele “modèl solè standa”.
Anplis de sa, yo rive etidye tou jan sifas Solèy la konpòte'l avèk yon seri de vibrasyon, tankou'm ta di ou, yon tranbleman sifas li; se poutèt sa, astwonòm yo tou rele kalite etid sa elyosismoloji...bon, yon mo ki ta sanble ak aktivite etid tranbleman de tè sou planèt nou an...
Nan Solèy la, se yon seri de ond presyon ki sòti anndan nèt e ki pral aji sou sifas la e bal tranbleman sa yo, e astwonòm yo pral' itilize yo pou sa konprann pi byen sa k'ap pase anndan nèt, nan structures ki anba yo ke yo paka analize dirèkteman.
Kidonk modelizasyon matematik ak eliosismoloji, se 2 zouti enpotan anpil ki pèmèt astwonòm yo pi byen konprann sa kap pase anndan zetwal nou an.
Ou sonjje m't'ap pale ou te yon zòn anndan Solèy la ki rele zòn konveksyon kote anpil gaz ap brase monte desan selon nivo tanperati yo?! Se konsa yo te fòme yon seri de selil depi anba pou rive anwo...nou sonje!? Ebyen selil ki pi wo yo fòme yon seri te ti grenn...M'sonje tou, nou te konpare sa ak yon chodyè manje k'ap bouyi...bon...Kote m'vle rive la, c'est que, anplis de ti granulation ki parèt an sifas, gen yon seri de granulation ki pi gwo e ki pi anba, yo pral eseye monte pou yo sòti tou a travè fotosfè a. Pa bliye, fotosfè a, se pati nan kò Solèy la ki pi sevi'l kòm po oswa kouvèti dirèk. Li transparan parapò ak kouch ki pi ba yo, kidonk, astwonòm yo ka obsève ti granulasyon yo, e menm kèk gwo granulasyon ki sòti pi ba yo e yo tou rele sa yo supergranulasyon.
Pa bliye, Solèy la se yon boul gaz, e pati nou sot pale la, se zòn gaz ki kenbe kò'l fèm sou presyon gravite a, soti sou nwayo pou rive nan fotosfè.
Men, Zetwal nou an, tankou tout zetwal, ap pwodwi anpil enèji k'ap sòti sou fòm éléctro-magnétique. Se entèaksyon ant enèji k'ap sòti sa ak presyon gravite a ki kenbe Solèy la an vi pandan lontan konsa.]
Bon, ann kite kò Solèy la pou'n antre nan gaz ki antoure Solèy la, kidonk gaz ki konstitye enèji k'ap sòti sa. Astwonòm yo kategorize'l an nivo kouch tou, parapò ak distans li ak fotosfè a. Se konsa nou komanse jwenn kromosfè a, pati ki pi ba nan atmosfè Solèy la. Lè astwonòm yo ap analize pati sa gras ak yon zouti ki rele spektwoskòp, se li ki bay pi fò nan kantite liy spektral ki par èt yo. Nan yon lòt epizòd nou gen pou'n pale plis an detay sou zafè zouti sa ki rele spektwoskòp la. Pi wo kwomosfè a, gen yon lòt rejyon ke astwonòm yo rele “zòn tranzisyon”. La a, tanperati a monte, sòti nan kèk milye degre kelvin pou rive nan milyon degre kelvin.
Pi wo zòn tranzisyon sa, w'ap jwenn kouwòn solè a, zòn ki pi wo e pi cho nan atmosfè Solèy la. Yo rele'l tou kowona, bon... se pa virus la non, souple!
Gaz nan kouwòn nan vin telman cho, lè li komanse rive a yon distans ki evalye a 7.5 fwa dyamèt Solèy la, li vin gen vitès ki pèmèt li chape poul li, retire kò'l nèt anba gwo gravite Solèy la; E se konsa van solè a komanse pran fòm kò'l pou'l al' byen lwen nan sistèm solè a.
Sou kò Solèy la, gen yon seri de ti mak fonse ke astwonòm yon konn obsève. Depi lontan wi y'ap obsève bagay sa, depi lè teleskòp te komanse alamòd kòm zouti nam astwonomi. M'pap janm bliye raple nou pou nou pa janm gade Solèy la ak teleskòp ki pa fèt spesyalman pou sa...ou ka tou pete je ou! Lagè avèti pa touye kokobe!
Bon, ann tounen sou zafè tach nwa sa yo sou Solèy la. Astwonòm yo rele yo tout simplement “tach solè”. “sunspot” an anglè. Se yon seri de zòn sou sifas zetwal nou an ki ka gen gwosè Latè; yo mwen cho ke zòn ki arebò yo sou sifas Solèy la, e gen anpil aktivite mayetik intense kote yo ye a. Kantite ak kote yo parèt sou sifas la varye selon yon peryòd de 11 zan. Astwonòm yo rele jan de varyation sa yo “cycle tach solè”, paske chan mayetik solè a monte desann konsa chak 11 zan. Direksyon chan mayetik la chanje nèt, sòti nan yon cycle tach solè pou rive nan yon lòt cycle tach solè, kidonk chak 11 zan.
Se sa ki pral eksplike li pran 22 zan pou yon dirèksyon chan mayetik tounen nan plas li nèt, se sa astwonòm yo rele “cycle solè”.
Atansyon pou nou pa konfon 2 nosyon de baz sa yo pou'n pi byen konprann Solèy la: “cycle tach solè” vs “cycle solè”. Alòske ke premye a. (cycle tach solè), gen rapò ak chanjman dirèksyon chan mayetik la, dezyèm nan, (cycle solè), gen rapò ak retou konplè chan mayetik la jan'l teye au départ.
Aktivite Solèy la, savledi mouvman Solèy k'ap fèt sou sifas li, parèt pi an rapò ak yon seri de tach solè ki gwoupe yo ansanm. Astwonòm yo rele zòn sa yo “rejyon aktiv” kote gen “pwominans”, “eklatman”, ak “ejeksyon mas kowonal”. Pwominans nan, se lè yon aktivite mayetik ki fò pase rache anpe matyè sou sifas Solèy la e tou voye'l deyò. Eklatman an, ke yo rele “flare” an anglè, se yon eksplozyon ki fèt nan yon zòn sou sifas Solèy la, li vyolan e li voye patikil ak radyasyon jouk nan rejyon entèplanetè yo. Bon, manman koze a nan aktivite sou sifas Solèy la se “ejeksyon mas kowonal” la; se yon bon kantite matyè ke chan mayetik la rive rache sou sifas la pou'l voye nan lespas. Li gwo anpil...li pi gwo ke yon planèt. E li ka bay anpil anpil pwoblèm si li t'a fèt nan dirèksyon Latè, paske lè matyè sa yo rache sot nan Solèy la, yo vwayaje lwen nan sistèm solè a. Anpil danje pou aparèy spasyal ak astronot ki ta gen malè kwaze'l sou wout li nan lespas. E si li ta rive sou Latè, ap gen anpil dega nan materyèl elektwonik ak rezo elektrik. Sa rive kèk fwa deja...
Latè gen yon chan mayetik ak tout yon senti radyasyon spesyal ki rele Senti Van Allen ki ka ede nan pwoteje planèt nou an kont patikil solè yo...men lè se anpil k'ap debake aprè yon gwo aktivite solè, genyen k'ap rive an wo nan atmosfè nan zòn nan pol nò oswa pol sid. Sa kreye yon seri de limyè spesyal ki rele aurore boreale oswa australe. Yo pa danjere paske patikil yo rete anlè nèt nan atmosfè a. Men si yon jou, mande MonDye padon, pandan yon gwo aktivite solè, Latè ta nan yon zòn pou'l ta resevwa anpil anpil patikil, gwo dega ka fèt.
Bon, kote Solèy la jwenn tout enèji sa menm? Se gras a yon pwosesis reaksyon fusion nikleè ant nwayo atòm idwojèn. Se youn nan 4 fòs fondamantal Linivè ki rive fè 2 nwayo idwojèn rankontre pou yo tounen elyòm, e reaksyon sa bay anpil enèji. Kòm Solèy la gen anpil idwojèn, e gras ak gwo presyon gravite anpil mas idwojèn sa gen sou nwayo Solèy la, tout kondisyon yo reyini pou reayksyon sa fèt. Se reaksyon sa ke spesyalist yo rele “chèn pwoton-pwoton”. An gwo, kèk mas pèdi nan reyaksyon sa, men an retour, enèji pwodwi. Gen yon règ an fizik ki rele lwa konsèvasyon mas ak enèji ki pèmèt nou konpran fenomèn sa kote nou pral abouti a pwodiksyon limyè ki rive sou nou tou sou Latè.
Anplis de enèji ak elyòm, reaksyon nikleè sa bay tou positron, ki se yon antimatyè, ak neutrino. Neutrino a se yon patikil ki gen yon mas ki piti piti anpil anpil. Kidonk li pa entèaji anpil ak matyè ki antoure'l, e sa pral pèmèt li chape pou'l li rapid rapid sot nan Solèy la. Konpòtman sa pral bay astwonòm yo anpil pwoblèm pou rive mezire ak gen kontwol patikil sa lè li sot nan Solèy la. Finalman, yo pral sène konpòtman neutrino a, lè yo pral' konprann ke patikil sa, depi'l sòti nan Solèy la, avan menm li rive bò Latè, li gentan chanje, li osiye, jan astwonòm yo konn di'l!.
Gras ak teleskòp ki ekipe pou sa, ak lòt zouti tou tankou spekstwoskòp, astwonòm yo rive konn anpil bagay sou Solèy la, e sa pèmèt yo fè anpil tewori zou zetwal an jeneral. Lòt zetwal yo lwen anpil, anpil, men Solèy nou an a 150 milyon km sèlman.
Konsa tou, gen anpil lòt bagay nou poko fin konnen nèt sou Solèy la...n'ap fè rechèch toujou, e gen yon seri de obsèvatwa gwo ajans spasyal yo mete nan lespas pou ramase bonjan enfòmasyon pou nou sa fè lasyans avanse. Fò nou konnen tou ke yo pa't voye misyon spasyal dirèkteman sou Solèy la, paske chalè'l ak anpil reyonman zetwal nou an genyen t'ap rann misyon sa yo difisil anpil. Sepandan, te gen anpil misyon spasyal ki te rive a yon certaine distance pou etidye Solèy la ak anriwonman'l.
Men kèk pami yo:
Solar Maximum Mission ki te lanse an 1980, Solar and Heliospheric Observatory (SOHO) ki te lanse an 1995, Solar Dynamics Observatory (SDO) lanse an 2010 ak Parker Solar Probe lanse an 2018.
Agence Spatiale Européenne (ESA) te voye misyon spasyal pou etidye Solèy la, tankou Ulysses lanse an 1990 ak Solar Orbiter lanse an 2020.
Japon te lanse misyon Hinode an 2006.
Misyon sa yo te bay anpil enfòmasyon sou Solèy la ak sou kijan li fonksyone, tankou anpil detay sou éruptions solaires yo ak sou tempêtes solaires yo, ak tout detay sou aksyon yo ka genyen sou Latè ak anviwonman spasyal la.
Finalman, fò nou konnen san eneji Solèy la bay, lavi t'ap enposib sou Latè. Solèy la pa la endefiniman, se vre, li gen pou epwize tout stòk idwojèn li nan reaksyon nikleè yo. L'ap fonksyone ankò pou yon lòt 5 milya ane. Men si li pat' la, pa tap gen sistèm solè, planèt yo pa t'ap la, e pa t'ap gen zone habitable nan sistèm nan pou nou t'a la pou vin eksplike ou sa.
Pwofite de Solèy la pandan ou la, pandan li la tou.
Commentaires
Enregistrer un commentaire