Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Komèt Halley

 


Halley's Comet | Komèt Halley

Entwodiksyon RCH2000

Bonjou oditè RCH2000, bonjou tout moun.

Bienvenu nan rubrik "Astwonomi Lakay ak Captain Astro".

Mwen rele “Captain Astro”. Oswa Dr Rulx Narcisse, men m'pito nou rele'm Captain Astro.

Mwen se yon astwonom pwofesyonel nan Société Haïtienne d'Astronomie.

Pwoche pi pre pou tande e konprann.


Entwodiksyon

Mwen pral pale nou jodia de komèt ki pi connu nan listwa, komèt Halley. Li pi sèlèb, se pa paske li te fè yon dega non, men paske se li ke astwonòm te rive konprann an premye nan kategori objè spasyal ki rele komèt yo. Kòm astwonòm ki te rive fè travay sa an premye te rele Edmond Halley, li tou pote non sa tou. Men pou mwen tou, se yon komèt ki enpòtan, paske se gras ak obsèvasyon komèt sa nan lane 1986, ak papa'm, alòske'm te yon ti adolesan 13 zan, ke mwen te vin enterese a astwonomi pou'm vin jodia yon astwonòm pwofesyonèl. Ebyen, komèt sa pote tou nimewo katalòg 1P, paske li te tou premye kategori komèt peryodik ke syantifik yo klase.


Kisa ki komèt la ?

Komèt yo, se yon kategori objè ki nan sistèm solè nou an tou, anplis de planèt yo, men yo pi piti, yo fèt ak glas dlo mele ak wòch, e sitou, yo pap vire fòseman nan menm plan ak planèt yo, yo ka pran nenpòt ki plan parapò ak ekliptik la, selon kote yo sòti. E yo sot lwen anpil, swa nan zòn seinti de Kuiper nan zòn sou andeyò Neptune, swa pi lwen toujou nan bout sistèm solè a, nan yon rejyon ki vlope tout sistèm solè a astwonòm yo rele Nuage d'Oort ; e si se nan Nuaj d'Oort la yo sòti, yo ka abòde anndan sistèm solè a nan nenpòt ki plan, sou nenpòt ki angle. Se sa ki fè astwonòm yo klase komèt yo an 2 kategori ; yon premye kategori yo rele komèt ak peryòd kout, savledi ki pap pran plis ke 200 zan pou fè tou Solèy la pou tounen bò Latè, ak yon dezyèm kategori yo rele komèt a long peryòd ki bien entendu, pran plis ke 200 zan. Dènye kategori komèt sa yo sòti nan Nuaj d'Oort la.

Komèt Halley m'pral pale nou la pran 76 zan pou tounen bò Latè. Savledi li nan premye kategori kout peryòd la, e yo menm mete'l kòm you sou kategori oswa fanmi yon gwoup komèt ki fè òbit yo tou nan anviwon 76 zan tou.


Komèt Halley

Si nou zwiv mwen byen, n'ap konpran ke dènye pasaj la, sete an 1986, nan epòk Duvalier te kite pouvwa a, e nou ka kalkile l'ap repase nan lane 2061.


Men listwa komèt sa bèl anpil...bon ou pa ka sezi pou sa...janm te di'l talèa, se premye objè ke yo pral rive byen konprann nan kategori'l. Paske nan tan lontan lontan, yo te tèlman pat ka konprann fenomèn natirèl glas dlo kap fonn nan lespas pou fè yon ke men longè gaz parèt dèyè'l, yo te konn pè e panse depi komèt parèt nan syèl la, gen yon move bagay ki pral rive.


Nou pral rive sou dosye sa talè. Pa prese.


Ann fè yon ti tounen sou òbit komèt yo. Anplis de direksyon ak angulation yo ki ka diferan de plan ekliptik la ki se plan planèt yo, fòm òbit yo pa menm ak yo non plis. Komèt yo gen òbit ki eksantrik anpil anpil, savledi òbit yo pa won ditou, ditou, men pito lonje lonje sòti depi kote yo sòti a pou rive jous bò Solèy la. Se poutèt sa tou, yo konn pran tan yo pou yo tounen, tankou komèt Halley ki pran 76 zan an. Ebyen, se konsa komèt sa ka rive jous nan 0.59 UA, savledi 88 262 743,7 km de Solèy la, yo rele sa perieli ; epi lè'n nan lòt bout òbit li, sa ki rele afeli a, pi lwen posib de Solèy la, li a yon distans de 35.5 UA, savledi 5 310 724 409,53 km.


Bon tout paramèt sa yo pèmèt astwonòm yo kalkile vitès òbital li lè'l pi prè Solèy la, kote li ka deplase a 54.5 km/s alòske lè'l lwen Solèy la, pa bliye yo rele sa afeli, li ka deplase sou òbit li a 910 m/s. Wap remake, komèt Halley, tankou tout objè nan sistèm solè nou an dayè, deplase pi vit lè'l pi prè Solèy la, an perieli. Dènye fwa li te an perieli, se te lè 9 fevriye 1986, e pwochèn fwa, se ap le 28 juillet 2061. Premye fwa yo te kalkile e konfime dat perieli'l, se te nan lane 1758 gras ak Edmond Halley, nou sonje, astwonòm ki te tou ba'l non'l, menm lè li te gentan mouri kèk ane avan, nan lane 1742.


Listwa lontan lontan

Listwa te rapòte astwonòm yo te toujou konn wè komèt, savledi yon objè nan syèl la ki gen yon ke l'ap trenen dèyè'l tankou yon pakèt cheve. Se poutèt sa dayè yo te rele'l komèt, yon mo ki sòti nan cometa, yon mo latin ki vledi jisteman anpil cheve. Te gen astwonòm nan tan lontan ki te dokimante obsèvasyon yo sou fenomèn sa, nan plizyè sivilizasyon. Paegzanp, nan kèk anal chinwa nan lane 611 av JC, nan obsèvasyon kèk astwològ babylonyen e Chinwa nan lane 164 av JC, nan dokiman Romain sou Neron nan lane 66. Bon, gen tras komèt sa nan anpil dokiman archives chinoises nan tan lontan lontan. Li difisil pou'm ta di'w tout...ou konprann... men m'pa ka pa site yo te mansyone'l nan epòk lè Attila te bat Hun yo nan lane 451.


Bon, nan Archive Angletè menm, gen yon istwa ki te make moun ki te kwè anpil nan malè ki ka rive lè yon komèt parèt nan syèl la, e devenn pou yo, lè komèt la te parèt nan lane 1066, yo te sibi yon atak de Guillaume le Conqurant, yon rwa Fransè ki sòti nan Normandie ki pral reye pandan plizyè deseni an Angletè. Gwo koze...Komèt Halley te parèt nan syèl la menm pandan yon gwo batay sèlèb tap fèt, Batay de Hastings la.... Gen objè ki jiskaprezan egziste ki gen desen komèt Halley sou li e ki raple yo defèt sa, tankou tapisserie Bayeux a.


Tout rapò ak dokiman archiv istwa sa yo pral sevi Edmond Halley pou'l fè analyz sou peryodisite kèk komèt, selon jan'l te vle komanse konprann fenomèn sa. Se konsa li pral reyalize ke fenomèn komèt 1531, 1607 ak 1682 ta sipoze enplike yon sèl menm komèt la. Se konsa li te vin ak tewori ke komèt ta tap vwayaje sou yon òbit eliptik, eksantrik, ki pran 76 zan. Kidonk se konsa li te bay dat 1758 la, jan mwen te di'n talèa. Nan lane 1705, li pibliye yon atik ki pote tit "Synopsis Astronomia Cometicae" nan "Philosophical Transactions of the Royal Society". Listwa pral montre li te byen kalkile bagay yo, lè komèt la te parèt vre nan lane 1758, jan li te kalkile'l la.


Listwa astwonomi rapòte tou te gen kèk lòt astwonòm ki te travay sou dosye sa tou wi, paske se yon fenomèn ki baze'l tou sou zafè syans fòs gravite ke yon potorik gason ki te rele Isaac Newton te pote nan epòk sa. Te gen kèk syantifik ki te fè kèk estimasyon dat retou komèt Halley ki pa twò diferan, lè yo ajoute kèk lòt paramèt òbital tankou infliyans planèt Jupiter ak Saturne. Men komèt la te parèt egzakteman nan lane 1758. Retou komèt Halley la nan dat li te bay la, se te yon gwo viktwa pou 2 gwo potorik gason sa yo nan astwonomi : Newton ak Halley.


Obsèvasyon modèn

Fò'm di'n avèk lè tan, teknoloji ap avanse, astwonòm yo pral obsève komèt Halley, ak lòt komèt yo tou, ak plis presizyon toujou, e yo pral jwenn plis detay pou konprann e konfime konpozisyon yo, pozisyon yo ak lòt detay toujou.


Pral komanse gen gwo obsèvatwa astwonomik pou siveye syèl la, lajounen kou nannwit, pral gen sond spasyal pou rapwoche yo de komèt yo. E byen, se konsa, nan pasaj komèt sa, komèt Halley, nan lane 1986 sa mwen te komanse pale'n nan, gen plizyè aparèy ki te branche yo sou komèt la.


Anpil mobilizasyon syantifik te fèt, tankou sond Giotto ESA te voye, sond Vega 1 & 2 URSS te voye. Antou, te gen 7 sond spasyal ki t'al vizite'l, de prè ou de lwen pou yo etidye'l. Men kèk detay sou yo :


Giotto sa m'te komanse di'n nan, ESA te voye'l depi nan lane 1985 e li te rive jous a yon distans de 596 km bò komèt Halley nan jou ki te 15 mars 1986. Li te voye ban nou sou Latè anpil foto ak anpil done sou konpozisyon ak strikti nwayo komèt la. Bon, menm Giotto sa te menm rive fè yon dezyèm pasaj bò komèt la an juillet 1991.


La NASA, limenm, te voye 2 sond spasyal ; tou lè 2 te pati depi nan lane 1978, men yo te rive a kèk milyon de km de komèt la sèlman ; sond sa yo te rele ICE ak ISEE-3. ICE te etidye environnement komèt Halley a yon distans de 28 milyon km le 24 mars 1986. li te mezire chan mayetik ak patikil chaje ki te antoure komèt la.

ISEE-3, bò kote pa'l, te etidye entèaksyon van Solèy la ak komèt Halley pandan'l te a yon distans de 10 milyon km nan jou ki te 11 mars 1986.


Peyi Japon te nan dosye voye 2 sond spasyal tou wi : Suisei ak Sakigake.

Sond ki te rele Sakigake a te pozisyone'l a 6,9 milyon km le 11 mars 1986 pou'l te etidye entèaksyon van Solèy la ak komèt la tou.

Sond ki te rele Suisei a te pozisyone'l a 150 000 km le 18 mars 1986, kidonk li vin pi prè komèt la, e sa te pèmèt li etidye kompozisyon gaz ki antoure komèt la e ki nan ke'l tou.


Bon, nou konnen, la Russie pa ta ka pa la, nou te site misyon Vega 1 ak Vega 2 yo talèa. Ebyen, nan epòk sa, se atravè URSS ke 2 sond sa yo te rive fèt e dekole pou lespas depi nan lane 1984. Yo te pase bò komèt Halley nan dat 6 ak 9 mars 1986 a yon distans de 8 890 km pou Vega 1 e 4000 km pou Vega 2. 2 sond sa yo te menm resi fè kèk aparèy ateri sou komèt la pou analize sifas li. Gwo koze...


Pays-Bas te voye yon sond sou komèt la tou wi : Astron, se konsa yo te rele sond pa yo a. Yo te lanse'l depi nan lane 1983 e li te rive a kèk milyon km de komèt la an Mars 1986 pou'l te obsève reyon UV kò sa tap bay.


Nou wè, anpil mobilizasyon wobotik te fèt pou'n obsève komèt Halley. E pou moun, savledi astronot. Koman sa te ye pou kòmet sa ?


Te gen navèt spasyal, ki te rele Challenger, ki te prevwa al fè yon ti gade de pi prè tou, ak 5 astronot abò, men domaj, li te eksploze nan dat 28 janvye 1986, tout astronot mouri.


Lòt sond spasyal wobotik yo te voye bonjan enfòmasyon, foto, video vin jwenn nou sou Latè. Sa te pèmèt kominote syantifik la pi byen konprann komèt yo toujou. Sa pa pral anpeche yo voye lòt misyon sou lòt komèt sepandan ; paegzanp misyon Stardust ki tal poze sou komèt Wild 2, nan lane 2004, pou'l te pran yon ti echantiyon pou'l te pote tounen sou Latè. Nou pap bliye komèt 67P/Churyumov-Gerasimenko nan lane 2014-2016 yo, kote sond Rosetta te poze, toujou pou fè analyz syantifik pou nou.


Komèt ak orijin dlo sou Latè

Komèt, se yon dosye ki enteresan anpil. Menmsi nou fokis la plis sou komèt Halley, n'ap konprann an gwo tout dosye komèt enpòtan sitou lè'n nou komanse konprann nan tan lontan lontan te gen anpil anpil komèt ki te antre an kolizyon ak Latè, e se ta kolizyon sa yo ki ta patisipe pou anpil nan fè gen dlo likid sou Latè. Pa bliye, komèt yo fèt ak glas dlo, e li ta sanble kote Latè posisyone'l la, menmsi ka gen dlo likid, men Solèy la te pase yon peryòd kote'l te bay twòp van ki ta voye tout glas ak dlo byen lwen nan Sistèm Solè a. Kidonk gras ak komèt yo, dlo tounen sou Latè.


Konklizyon

Bon, la, nou pral fòse kanpe, menmlè gen anpil lòt bagay pou'n ta di toujou wi sou komèt Halley oswa sou tout komèt yo. Pa bliye, Rubrique « Astwonomi lakay ak Captain Astro » la pou ede'w konprann astwonomi an Ayisyen, yon lang yo konn rele kreyol tou. Rele'm oswa ekri'm pou poze'm kestyon sou 38407775 ; oswa tou cheche « Société Haitienne d'Astronomie » sou Google oswa ak « Intelligence Artificielle » yo pou jwenn nou. N'ap tann komantè ak kestyon.


Mesi, e abyento

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune