Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Pwofesyon astwonomi

 

(POU DETAY SOU RUBRIK SA NAN RCH200, AK POU WE TOU LOT EPIZOD AN PODCAST, CLIKE LA...)

Bonjou oditè RCH2000, bonjou tout moun.

Bienvenu nan rubrik "Astwonomi Lakay ak Captain Astro".

Mwen rele “Captain Astro”. Mwen pral pale'w jodia de yon branch lasyans ki rele astwonomi.

Pwoche pi pre pou tande e konprann.


Mwen pral eksplike'w kisa ki pwofesyon astwonomi a, a kisa li sèvi, eske li ka itil nou an Ayiti.


Astwonomi se yon syans ki pèmèt ou obsève, analize ak konprann objè ki nan syèl la ak metodoloji syantifik. Li enpòtan pou'w konprann ke se ak metodoloji syantifik li sèvi, paske se sa ki pral fè diferans ak astwoloji. Souvan moun yo konfonn 2 aktivite sa yo: astwonomi ak astwoloji.


Li enpòtan pou nou fè diferans ant astwòloji ak astwonomi, 2 domèn ki, byen ke yo gen rapò ak kosmòs la, swiv objektif fondalnatalman diferan. Astwonomi se yon syans ki ap etidye kò yo nan syèl la ak fenomèn kosmik yo, baze sou metòd syantifik ak obsèvasyon rigoureuse. L'ap chèche konprann konpozisyon, orijin, ak evolisyon de Linivè̀. Alòske, astwòloji se yon kwayans ki sipoze pozisyon ak mouvman zetwal yo ka enfliyanse lavi moun ak desen yo, oswa avenir. Li repoze sou tradisyon ak entèpretasyon simbolik, men li pa gen baz syantifik. Kidonk, astwonomi ap eksplike bagay ki nan Linivè̀ de manière objektiv, pandanke astwòloji konsantre sou entèpretasyon subjektiv, tankou owoskòp, ki gen rapò ak desen endividyèl. Li enpòtan pou'n fè diferans sa pou n'apresye nati syantifik astwonomi mwen pral eksplike'n la.


Astwològ yo, moun ki fè pseudo-science ki rele astwoloji a, pa ka pwouve'w vre sa ki di nan owoskòp yo, men astwonòm yo, moun ki fè syans ki rele astwonomi a, ka ekplike'w ak demontre'w sa l'ap di oswa fè'w wè dirèkteman nan syèl la, gras ak matematik, fizik, chimi, jeoloji. Astwonòm yo sèvi ak zouti teknolojik tou pou yo fè travay yo, tankou tekeskòp, sond spasyal ki al sou lòt planèt yo pou kolekte anpil done voye tounen sou Latè, konpitè ki pou analize tout done sa yo epi fè similasyon enfomatik pou'n pi byen konprann sa kap fèt nan lespas.


M'ap pwofite pale de yon lòt mo ki konn bay konfizyon tou: “astwonot”. Depi ou tande ti bout mo “not” la, savledi navigateur, voyageur. Donk, astwonot, se yon moun k'ap vwayaje nan lespas tankou mesye Misyon Apollo yo ki t'al sou Lalin, tankou Youri Gagarin ki te al nan lespas. Men gen lòt peyi ki pito bay yo lòt non, tankou: Cosmonautes (Russes), Taïkonautes (Chinois), Spationautes (Europeens).

Chaque pays a souvent son propre terme pour désigner ses astronautes en fonction de sa langue et de sa tradition. Bon, wè pa wè, Ayiti gen pou'l ka ale nan lespas tou, yon lè, lè nou fin rezoud pwoblèm fondamantal nou nan peyi a. Nou pa dekouraje, jou va, jou vyen


Mwen tap di nou, astwonomi pèmèt nou konpran lespas pi byen paske nou ka demontre syantifikman yon fenomèn, nou pa ka fè voye monte konsa. Se pa sèlman obsèvasyon syèl la non, astwonomi etidye zetwal yo, planèt, galaksi, ak anpil lòt fenomèn kosmik ki fèt nan Linivè.


Lè'n plonje nan mond astwonomi a, n'ap dekouvri li gen plizyè branch, tankou astwofizik ki okipe'l sitou de aspè syans fizik nan Linivè, li okipe'l de particules elemantè ki anndan atòm yo, paske nou konnen Linivè fèt ak atòm. Bon, gen lòt bagay ki pa atòm, tankou enèji nwa ak matyè nwa, men sa se yon lòt dosye...


Nan branch astwonomi yo, gen tou kosmoloji, yon syans ki pèmèt nou etidye fizik tout Linivè komsi li te reprezante'l kòm yon objè poukont pa'l, dans son ensemble.


Gen lòt branch toujou wi nan astwonomi, tankou:

Astronomie Observationnelle, Astrodynamique, Planétologie, Astrochimie, Radioastronomie, Astrobiologie, Météorologie spatiale, Astro-informatique, Astrométrie, Télescope spatial, etc




Men poukisa astwonomi enpòtan konsa? Souvan yo poze'm kestyon sa...paske fò'n konnen ke an reyalite, astwonomi a al pi lwen ke obsèvasyon zetwal yo. Kòm syans, li pèmèt ou konpran orijin Linivè: kote nou sòti, kote nou prale, antan ke moun, li enpòtan pou'n eseye jwenn repons a seri de kestyon fondamantal sa yo. Koman galaksi yo, oswa sistèm planetè yo te fòme. Kestyon sa yo konn fè nou plonje lwen dans le passé, apati de sa nou obsève dans le prezan. Sa pèmèt nou fè yon apwòch lojik, diskitab de kisa pase planèt nou an oswa Linivè te ye.


Sou Latè menm, astwonomi se youn nan metye ki pèmèt ou kolabore pi byen ak lòt peyi, paske n'ap pale de planèt, de Linivè, tout sa ki pèmèt nou konprann ke nou tout se moun, menm moun nan, menm planèt, menm sistèm solè, menm galaksi, menm Linivè. Nou tout sou Latè gen menm plas nan Linivè,


Tout bagay sa yo fè de astwonomi yon aktivite entèlektyèl ki enpòtan pou tout limanite, se poutèt sa Ayisyen dwe enterese a li tou.


Ann gad kounyea kòman astwonomi ka gen yon enpak pozitif sou devlopman yon peyi.

Bon, se yon syans ki fascinant, se vre, men li ka reyèlman enpakte pozitivement devlopman kèk peyi an devlopman tankou Ayiti.

Astwonomi, se pa sèlman gade zetwal ki lwen non, Li louvri fenèt tou sou inovasyon, éducation ak développement scientifique. Nan peyi an devlopman yo, li sèvi kòm katalizè pou enspire jenès la, pou stimile kiryozite yo e ankouraje yo pou yo travay pi byen lekòl...sa nou rele “excellence académique.”


Fò'm di nou tou ke pratik syans sa depann anpil de ki kote wap viv sou Latè, savledi nan ki peyi ou ye, e li depann tou de ki epòk oswa ki syèk wap viv. Menmsi se menm prensip de baz la ki se metòd syantifik.


Nan tan lontan, astwonomi te sibi anpil enfliyans gwo relijyon ki te ka fè yo touye astwonòm, tankou Giordano Bruno nan lane 1600, ou byen fè mete yo nan prizon avi, tankou Galilée nan lane 1633.

Jodia, pratik la diferan e pi aksepte par legliz, men aktivite yo pa gen menm nivo technologique selon peyi kote astwonòm yo ye; paegzanp en Russie ou aux USA, gen gwo gwo teleskòp sou Latè, nan lespas, ak pakèt sond sou lòt planèt yo, men an Ayiti pour l'instant se teleskòp ti tay e individyèl ou ka jwenn ak kèk gwo liv.


??

Linivèsite poko pran sa oserye vre, sof nan ENGA, kote yo fòme jeològ, ki gen kou astwonomi ofisyèlman, paske lè ou konprann lòt planèt yo, ou ka pi byen konprann Latè ki dayè se youn pami 8 planèt sistèm solè a. An Ayiti tou, astwonòm yo ap evolye nan yon branch spesyal academik ki rele sensibilisation publique à l'astronomie, savledi fè popilasyon an konpran ki enpòtans lasyans an jeneral e astwonomi gen an patikilye pou nou an Ayiti. Se nan kad sa sitou rubrique sa fèt.


Gen yon lòt aspè popilè ki gen an astwonomi an Ayiti pou fè'n konprann tou ki sa ki yon fenomèn natirèl selès. Pa konprann ke tout bagay ki nan syèl la se mistik oswa relijyon, paske chèf relijye yo konn manipile'n anpil tou sou dosye fenomèn natirèl nou poko konprann, e sa fè'n parèt pi lèd nan je lòt pèp. Kidonk astwonomi pèmèt peyi a gen yon lòt imaj, yon imaj ki pi bèl, annatandan lòt sektè yo sekwe ko yo pou retire'n kote nou ye a, nan koripsyon ak move jestyon peyi.


Sa nou fè deja an Ayiti?

Dabò nou eseye kreye yon ti kominote kote tout moun ki enterese ak syans astwonomi ka kominike e pataje lide ak enfòmasyon. Kominote sa rele “Société Haitienne d'Astronomie”, men se yon rezo ki gen lòt club ki branche sou li. N'ap swiv filizofi Union Astronomique Internationale la pou'n fè sensibilisation à l'astronomie e reflechi sou enseignement formel syans sa an Ayiti.


Nan lane 2019, pandan peyi a te lòk, move moman, nou sonje?, ebyen nan moman sa menm, nou tap fè reynyon sou reynyon ak Fondation Dr Daniel Mathurin, ak UAI, pou'n te bay yon zetwal ak tout egzoplanèt li yon non ki nan listwa ak kilti Ayisyen. Te gen plizyè non ki te pwopoze, men aprè eleksyon anliy ak mobilizasyon ki te fèt nan kominote nou an ak sou rezo sosyo yo, non ki lorea a se “Citadelle” pou zetwal ki gen nimewo HD1502 e “Indépendance” pou planèt la HD1502b. Se te yon adolesan Ayisyen ki te gen 15 ans, Dimitri Pierre, ki te pwopoze non sa. Nou mèt fè rechèch entènasyonal sou egzoplanèt sa oswa sou zetwal sa, n'ap wè kominote entènasyonal la aksepte non sa yo nan lonè premye repiblik noire du monde, Haiti.


Bon, nou fè yon bon ti rale sou zafè astwonomi an jeneral e kòman sa ye bò lakay nou.


Mwen se Captain Astro, e mwen envite'n swiv rubrique sa "Astwonomi Lakay ak Captain Astro" kap pase chak semèn sou RCH 2000. E mwen disponib tou pou tout kestyon nou ta gen sou syans astwonomi nan nimewo sa: 38407775. Oswa chèche Société Haitienne d'Astronomie sou Google obyen rezo sosio yo.


Mèsi e a byento.





Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune