Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Koman nou fè demontre Latè gen 4 6 milya lane?



Koman nou fè demontre Latè gen 4.6 milya lane ?

https://youtu.be/Lt_igNQT6Do?si=PvDCXdksL_0K5u2N

Planèt Latè gen anviwon 4.6 milya ane. De maniére standard, se chif sa ke astwonòm yo ak lòt syantifik yo itilize pou travay. Men kote chif 4.6 milya ane sa sòti. Kijan nou fè konnen ? Ki prèv ki genyen ? Captain Astro pral abòde sijè sa ansanm avèk ou, e nou espere wap konpran, wap pataje tou ak lòt moun ki ta renmen konprann tou. Pa bliye poze kestyon tou.


Istwa kontwole laj Latè.

Avan nou antre nan fon sije a, ann fè yon ti rale sou istwa mezire laj Latè.


Depi nan tan lontan lontan, depi nan lantikite, gen filosòf tankou Aristote ki te menm panse Latè etenel, kidonk li te toujou la, lap toujou la...anpil deba...Men Labib kretyen yo vin bay yon limit : 6000 an... deba pi rèd...Gen kretyen ki eseye di se 6000 an jeolojik, men tout pa dako. èò


Se apati de 18e syèk ke zafè laj Latè vin komanse gen yon apwòch syantifik. Yo pral komanse analize kouch sedimantè yo. Pral komanse gen plizye metòd syantifik yo pral eseye, tankou paegzanp expériences du comte de Buffon, bon non misye se te Georges-Louis Leclerc , au XV111e siècle.

Mesye sa te obseve kijan sediman te akimile sou planèt la, yon fason ou ka kontwolè kijan yon planèt ki an fusion tankou Latè ka refwadi. Bon, menmsi li pat rive jwenn rezilta egzat, li te jwenn 100 000 an kòm laj, men expérience sa yo te kontribye fè'n konprann ke Latè te gen plis laj ke sa listwa Kreyasyon te bay la.


Diskisyon toujou ap fèt pi rèd sou fason pou kontwole tan ak laj yon objè, jiskaske fenomèn radyoaktivite a vin dekouvri. Nan komansman 20e syèk la, yon pototik gaso ki te rele Ernest Rutherford pral devlope teknik datasyon radimyetrik la ki chita sou prensip dezentegrasyon radyoactiv. Epi nan lane 1950s yo, yon lòt syantifik ki te rele Clair Patterson pral amelyore teknik sa e pral reyisi itilize metòd datasyon uranium-plon pou konn laj yon meteorit. E se konsa, n'a pral kòmanse admèt ke Latè gen ant 4.5 et 4.6 milya ane sou tèt li.


La, apati de istwa nan jan pou kontwole laj Latè, nou konprann gen 2 metòd esansyèl syantifik yo itilize : se datasyon radyometrik ak etid bagay ki sòti nan lespas.


Datasyon radyometrik

Ann gade datasyon radyometrik la.

Ebyen, se yon metòd ki chita sou dezentegrasyon radyoaktiv ki fèt nan wòch ki sou planèt nou an. Se apati de kèk eleman chimik ki enstab nan wòch la e ta transfòme'l an lòt eleman pandan l'ap degaje radyasyon.


Poze...nou pral' retounen sou dosye radyasyon sa pou sa pi konprann. Yo plis itilize uranium nan metòd pou konn laj Latè, yon eleman nou konn etidye depi lekòl, nou sonje, nan tablo peryodik eleman yo,...bon, sa nou konn rele'l tou tablo Mendeleev.


Wòch yo etidye yo ap gen yon kantite uranium ak plon, paske pwosesis dezentegrasyon sa ap pèmèt, pandan yon tan ki long anpil wi, transfòmasyon uranium nan an plon. E, se nan mezire kantite transfòmasyon sa ke syantifik yo rive konn laj Latè.


Etid objè ki sòti nan lespas.

Konsa tou, astwonòm yo ka egzamine wòch ki sot nan lespas tou, savledi meteorit, nou konnen se wòch ki rive travèse tout atmosfè Latè pou ti rès la touche sòl nou an. Tankou meteorite 5 ton Allende ki te tonbe sou planèt nou an nan dat 8 février 1969 nan yon ti vilaj ki rele Allende, o Mexique.


Dayè, se avèk meteorite Allende sa ke yon ekip syantifik pral pote presizyon sou laj Latè gras a yon seri de analyz mineral yo te fè sou li nan lane 2009, e yo jwenn...tande byen...4,55 milliards d’années.


Epi, nou pa bezwen mande'm poukisa yo rele meteorit sa « Allende ».


Bon, nan tan moderne ak teknoloji, nou ka al chèche dirèkteman kèk mòso wòch nan lespas : sou Lalin, nan kèk astewoyid e menm sou kèk komèt. Pwiske Latè se youn nan planèt nan sistèm solè a, li se rezilta menm pwosesis ki te fòme'l la.


Kidonk datasyon radyometrik apati de dezentegrasyon radyoaktiv ki fèt nan wòch spasyal sa yo vin kore rezilta sou laj Latè.


Se konsa astwonòm yo rive jwenn prèv syantifik ke Latè, ak tout sistèm solè a, gen anviwon 4.6 milya ane.


Degradasyon radyoaktiv

Bon, kounyea, ann antre nan profondè zafè degradasyon radyoaktiv sa.


N'ap raple'n, pou yon eleman chimik stab, fòk li gen menm kantite pwoton ak netwon. Lè sa nou di se yon atòm stab. Paegzanp, Carbone stab la gen 6 pwoton ak 6 netwon, se poutèt sa nou rele'l Carbone 12, li stable, men gen Carbone 14 tou, ki gen 6 pwoton ak 8 netwon. Kidonk li pa ka stab e se poutèt sa li bay yon reyon nou rele radyoaktivite.


Diferan fòm yon atòm ki toujou pote menm kantite pwoton ak kantite netwon ki ka diferan, ebyen, yo rele sa izotòp. Nou konprann...se menm eleman an men li prezante'l sou plizyè izotòp ki ka radyoaktif ou pa.


Nou pale de fenomèn radyoaktivite a lè nou an afè avèk yon izotòp instable. Men fò'n konnen gen eleman ki pa gen izotòp ki stab ditou nan lanati. Se ka Uranium nan, paegzanp. Uranium sa ou tande la, li gen plizyè izotòp natirèl e tout instab, savledi radyoaktif. 2 prensipal izotòp yo se uranium-238 (ki gen 92 pwoton ak 146 netwon) ak uranium-235 (ki gen 92 pwoton ak 143 netwon pito).


Demi-vie 

Lòt nosyon pou'n konprann, se tan dezentegrasyon an pran pou'l fèt, yon tan ke spesyalist yo rele « demi-vie » paske li lye ak nosyon statistik, paske nou pa ka prevwa vre ki lè exactement yon dezentegrasyon radyoaktif ap fin fèt.


Kòm nou te toujou estime ke planèt la gen anpil anpil lane sou tèt li, kidonk fò'n itilize yon referans ki ka gen anpil anpil lane tou pou evalye laj Latè. Nou te wè paegzanp izotòp radyoaktif Carbone 14 la.


Li menm, demi-vie'l se 5 730 tan sèlman, savledi tan li ka pran pou mwatye nan yon echantiyon'l dezentegre. Kidonk, li plis itilize pou evalye fosil òganik yo, tankou zo ak kèk lòt tisi ki sòti nan yon être vivant. Demi-vie Uranium nan plis, li pran plis tan pou dezentegrasyon radyoaktif li a, kèk milya ane : 4,5 milliards ane pou Ur-238 e 703,8 millions d'années pou Uranium-235. Kidonk li ka sèvi pi byen pou fè datasyon radyometrik planèt Latè, oswa lòt strikti jeolojik nan lespas.

Kijan jeològ yo fè menm pou Latè ?

Lè jeològ yo jwenn yon mòso wòch yo estime ki ansyen, oswa yo mòso meteorit (oswa yon mòso nenpòt ki lòt objè yon aparèy spasyal ta mennen tounen sou Latè...), yo mezire konsantrasyon uranium, thorium, protactinium ak plon ki ladann. Kòm yo konn kòman e nan konbyen tan kò sa yo dezentegre, yo jis fè yon konparezon ak kantite eleman ki genyen, savledi konsantrasyon yo nan echantiyon wòch la ; e se konsa yo rive estime konbyen tan ki pase depi wòch sa te fòme. Kidonk se konsa yo rive jwenn prèv ke Latè gen 4.6 milya ane.


N'ap konprann tou ke metòd sa baze anpil sou prensip statistik tou ; se yon metòd ki gen kèk varyant ki lye sou sipozisyon ke échantillon yo itilize a plizoumwen konplè, paske si paegzanp yo echantiyon wòch gen yon bon pati ki kraze anpil, ki pa ka kenbe kò'l vre, ou pa gen garanti aplikasyon teknik evalyasyon kantite wòch ki rete ak sa ki sòti nan dezentegrasyon an korèk. Se poutèt sa, rezilta yo konn plis sou fòm estimasyon minimal.


Konklizyon

An rezime, datasyon radyoaktif wòch uranium yo chita sou mezire kijan dezentegrasyon ak transfòmasyon izotòp uranium ak lòt pwodwui wòh sa ka bay ankò. Se nan mezire sa nou tou rive demontre bon laj planèt nou an. Pa bliye, teknik sa ka itilize sou tout kò ki nan sistèm solè nou an.


Pa bliye abone'w e pataje enfòmasyon sa ki konsevwa nan lang Ayisyen pou ede kominote nou an konprann ak fè lasyans.


Si ou gen kestyon oswa komantè sou sijè sa oswa lòt sijè astwonomi, Captain Astro la pou ede'w. Voye yo nan espas komantè yo, oswa nou nimewo +50938407775.


Mèsi anpil, kenbe la, e a byento.


Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune