Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Ann gade kijan syèl la ye leswa




1-Syèl la chaje ak motif




Syèl la chaje ak bagay ou ka wè ak je'w dirèkteman, li chaje ak motif, desen oswa konstelasyon. Ann gad ansanm...


Mwen mande'n pou'n pran tan'n pou'n leve tèt nou anlè pou'n admire syèl la leswa...si pa gen nyaj ki pou ta anpeche'n wè zetwal yo, n'ap obsève jan syèl la bèl...bèl anpil anpil ak pakèt zetwal. Zetwal sa yo, ki fikse nan syèl la youn parapò ak lòt, fòme yon seri de desen, yo parèt fòme yon seri de motif ke lèzòm entèprete selon kilti kote yo ye sou Latè.


Leswa, nou ka obsève jouska 3000 zetwal ak je nou dirèkteman. Gen plis zetwal ke sa wi, men fò'n ta gen aparèy pou ta wè lòt yo ki pa briye ase pou je moun ta wè yo. Nan pozizyon n'ap gade syèl la, nou tankou yon moun ki kouvri anba yon gwo bòl transparan, tankou yon mwatye balon. Se poutèt sa astwonòm pwofesyonèl yo pale de emisfè. Kidonk, nan yon pozisyon done nou ka wè yon sèl emisfè, e nou ka rive wè ladann jiska 3000 zetwal ak je'n dirèkteman, jan'm te di'l talèa. Men, nou konnen Latè won, kidonk gen 2 emisfè, kidonk nou ka di antou lèzòm sou tout planèt la ka rive wè jiska 6000 zetwal nan syèl la leswa, ak je nou sèlman, si M. Meteo vle.


Se pa meteo sèlman non. Gen tou sa ki rele polisyon limyè. « Pollution lumineuse » se lè limyè atifisyèl lèzòm kreye anvayi tout syèl la leswa e twouble obsèvasyon astwonomik yo. Paske je moun, lè li jwenn twòp limyè, diminye kapasite'l pou'l adapte'l ak ti limyè zetwal yo ;

se konsa nou pa rive wè sa ki pa briye anpil yo. Bon, nou ka rive wè sa ki parèt pi briye yo...sitou nan gwo vil yo, nan peyi ki pa konn gen black-out tankou bò lakay nou an Ayiti.


Zetwal yo, ki parèt fix youn parapò ak lòt, fòme motif ki pote non ke kilti lèzòm bayo. Te gen anpil non de plizyè kilti. Sa te kreye yon sòt de ti kakofoni dezòd, men UAI te mete lòd nan sa lè, nan lane 1922, Russel te chwazi definitivman non pou 88 konstelasyon ofisyèl. Se konsa astwonòm yo te konn rele gwoupman zetwal yo ; konstellasyon. Kounyea, yo gen non ofisyèl pou tout astwonòm pataje enfòmasyon entre yo. Anplis, yon lòt astwonòm ki te rele Delporte, toujou nan UAI, te ajoute plis presizyon toujou lè, nan lane 1930, li mete nosyon rejyon limite nan syèl la pou chak konstelasyon. Konsa, chak konstelasyon se yon rejyon ki gen yon asterism ofisyèl ladann, e konstelasyon an pote non asterism la. Chak rejyon yo limite gras ak liy koòdone selès yo. Yon egzanp selèb konstelasyon, se Orion ki gen ladann asterism oswa imaj yon chasè nan mitoloji grèk ; men konstelasyon Orion, se pa sèlman chasè a, men tou tout zetwal oswa lòt objè astwonomik ki anndan rejyon ke liy koòdone selès nan zòn nan limite.


2-Konstelasyon yo pèmèt nou fasilman konnen kibò yon zetwal ye nan syèl la.


Konstelasyon yo pèmèt nou fasilman konnen kibò yon zetwal ye nan syèl la.

Ou ka ap chèche yon konstellasyon spesyal, epi ou pa ka retrouve'w nan syèl la,,,ou pèdi anlè a ! lè ou kon fòm yon asterism, ou ka retrouve'w. Paegzanp ou te ka ap chèche la Grand'Ourse.

Men gras ak asterism Grande Casserole, ou ka wè'l, ou ka rive wè yon gwoup zetwal ki aliye pou yo fòme imaj yon kasròl. Anplis, lè ou rive jwenn yon asterism, ou ka itilise'l kòm « pointeur » pou ou oryante'w vè yon lòt konstelasyon. Konsa, ou rive oryante'w. Se yon bagay ke depi lèzòm te parèt sou Latè, sa gen plizyè dizèn milye lane, yo te konn fè pou oryante yo tou sou sifas planèt la. Syèl la te tèlman klè nan epòk sa, yo te konn itilize'l anpil pou yo wè wout yo lè al lachas oswa lè yo sou dlo byen lwen e yo bezwen tounen lakay yo byen vivan.


Le matin, konstelasyon yo la toujou wi, men ou pap ka wè yo paske Solèy la klere syèl la anpil anpil.

Latè ap tounen otou Solèy la, yon mouvman nou konnen ki rele revolisyon. Mouvman revolisyon sa lakoz perspective konstelasyon yo ap chanje tikras pa tikras, progressivement. Kidonk lè ou ap gade syèl la leswa, wap remake l'ap chanje de mwa an mwa.

Gen de peryòd nan ane a, ou ap wè yon gwoup asterism, epi nan yon lòt epòk ou ap obsève yon lòt gwoup kontelasyon. Se konsa astwonòm yo rive konstwi yon seri de asterism ki gen rapò ak yon gwoup zetwal ki lye ak yon epòk oswa yon sezon sèlman ; kou seson an ale, asterism spesyal la pa vizib ankò.


Gen paegzanp yon asterism ki rele « Triangle d'Hiver »; li fòme avèk 3 zetwal kote yo chak soti nan yon konstelasyon diferan : Orion, Grand Chien & Petit Chien. Asterism sa vizib nan sezon Hiver.


Yon lot egzanp ; Triangle d’Été ki fòme nan sezon ete ak 3 zetwal ki, yo menm, sot nan 3 lòt konstelasyon: Lyre, Cygne et Aigle.


3-Sphère céleste la, vout syèl ki anlè tèt nou an, ede'n repere'n nan syèl la.


Sphère céleste la, vout syèl ki anlè tèt nou an, ede'n repere'n nan syèl la.

Konsidere syèl la tankou yon kat, menmjan ak yon kat jeografik nou konn itilize sou Latè pou bann dirèksyon. Sfè selès la ka ede'n dirije'n nan syèl la menmjan.


Menmjan sou Latè nou gen sistèm koòdone lonjitid/latitid ki pèmèt nou oryante'n, sou sfè selès la, nou gen prèske menm kalite koòdone sa yo pou'n fè katografi selès, pou'n oryante'n nan syèl la.


Gen 3 sistèm koòdone astwonòm pwofesyonèl yo itilise nan syèl la : koòdone ekwatoryal, koòdone orizontal, ak koòdone galaktik. Bon, nou pap pale la a de koòdone galaktik yo. Men fò'n byen konprann 2 lòt yo.


Yo konn dès fois parèt etranj menm pou astwonòm pwofesyonèl ki pa ta gen bonjan lojisyèl infòmatik oswa bonjan eksperyans.


Pou sistèm koòdone ekwatoryal la, se yon pwojeksyon de sistèm koòdone jeografik la vè syèl la ; kidonk, menmjan sou Latè ou gen lonjitid ak latitid, ekwatè ak pol yo, ou vin gen asansyon dwat, deklinezon, ekwatè selès ak pol nò e pol sid selès. Deklinezon an, ki kontwole an degre depi nan ekwatè selès la pou rive sou pol nò ak pol sid selès la, gen mezi soti de 0 degre pou rive 90 degre, anwo ak anba ekwatè selès la.


Sistèm koòdone selès ekwatoryal sa fix parapò ak zetwal yo e li swiv mouvman wotasyon planèt la, li deplase ak tout zetwal yo. Konsa, lè yon astwonòm itilize yon koòdone pou yon zetwal, koòdone sa toujou rete menmjan, e li ka pataje'l ak lòt astwonòm, menm nan lòt peyi, pou lokalize zetwal la.



4-Lòt sistèm koòdone pou'n konprann, se sistèm koòdone orizontal la. Yo rele'l tou sistèm koòdone alternatif.

Lòt sistèm koòdone pou'n konprann, se sistèm koòdone orizontal la. Yo rele'l tou sistèm koòdone alternatif.

Sistèm koòdone sa depann dirèkteman de pozisyon obsèvatè a, de orizon obsèvatè a. Kidonk, 2 obsèvatè ki pa nan menm rejyon, ki pa nan menm peyi, pa ka itilize menm koòdone orizontal, paske yo pa gen menm orizon.


Sistèm sa itilize liy orizontal ak vètikal tou, men astwonòm yo rele yo altitid (ki varye de 0 a 90 degre) ak azimut (ki varye de 0 degre soti nan orizon nò pou rive nan 360 degre).


Astwonòm yo pale de zenit lè yo fè refersans a pwen ki pi wo nan syèl la, anlè tèt yo dirèkteman. Sistèm koòdone sa itil pou yon gwoup moun ki menm kote, nan menm obsèvasyon, anba menm vout syèl la, paske koòdone zetwal yo ap chanje a chak segond pandan ke liy koòdone yo rete fix (nou wè, se lekontrò ki fèt parapò ak sistèm koòdone ekwatoryal selès la !)


An pratik, li pi entersan lè'n itilize kèk lojisyèl astronomik tankou Stellarium ki ka ede nou jere sistèm koòdone sa yo efficacement, sitou ke yo ka pèmèt nou lokalize'n gras ak GPS yo. Lojisyèl yo ka ede nou pase rapidman de yon sistèm koòdone a yon lòt, san nou pa twouble.


5-Latè ap fè tou Solèy la, e wout li pran pou fè sa, astwonòm yo rele'l ekliptik.

Latè ap fè tou Solèy la, e wout li pran pou fè sa, astwonòm yo rele'l ekliptik.

Gen 2 fason ou ka wè konsèp ekliptik la.

Premyèman, ou ka konsidere'l apati de Latè ; la a, se tras wout Solèy la nan syèl la, depi lè'l leve pou rive lè'l kouche. Leswa, se menm wout sa tout lòt 7 planèt yo swiv nan syèl la.


Dezyèmman, ou ka konsidere ekliptik la apati de Solèy la ki se sant sistèm solè a, Konsa ou ka konsidere yon plan global pou tout planèt yo suiv, yon plan ki sitiye'l nan senti Solèy la menm.


Gen yon lòt bagay pou'n konsidere : aks wotasyon Latè enkline de 23,5° ;

nou sonje, mwen te prezante nou sistèm de koòdone selès la kòm yon pwojeksyon de sistèm de koòdone terès la, kòmkwa ekwatè terès la projete tèt li pou'l bay ekwatè selès la. Pa gen pwoblèm !

Men, akoz enklineson Latè jan nou sòt wè'l la, liy ekliptik la pa ale dirèkteman sou ekwatè selès la :


2 liy sa yo prezante de preferans yon angilasyon de 23,5° ; savledi tou, pandan ane a ap pase, Solèy la ap pwogrese sou ekliptik la, e gen moman li anlè liy ekwatoryal, gen lè li sou li dirèkteman, e lòt lè li anba liy ekwatoryal la. 2 zòn, kote 2 liy yo rankontre yo, rele point vernal oswa équinoxe vernal, ak équinoxe d’automne kote l'ap rive 6 mwa aprè.


Se pwen vernal la ke astwonòm yo chwazi kòm referans pou liy asansyon dwat la, menmjan sou Latè nou chwazi Meridien de Greenwich kòm referans pou longitude.


Nan kad eksplorasyon syèl nocturne, li enpotan pou'n konprann konsèp mezi angilè, yon teknik pou mezire gwosè yon objè parèt nan syèl la, sou vout selès la ; depi nan Lantikite matematisyen yo te dekouvri teknik sa. Ann gad ansanm sa'k mezi angilè a ?


Si ou konsidere vout syèl la, ou ap wè orizon an an cercle de 360 degre. Kidonk ou ka redwi orizon an otan de degre ou vle jouska menm 1 degre ou mwens. Kidonk kèlkeswa imaj ki a lorizon sou vout selès la, ou ka itilize nosyon mezi an degre sa pou konn gwosè'l ou dyamèt li. Bon, sa pa koresponn a dyamèt reyèl yon objè, men a lorizon, parapò ak distans reyèl li, ou ka gen yon ide de distans oswa gwosè objè ki a lorizon.


Paegzanp, Lalin nan ki sou vout selès la parèt gen yon gwosè, yon dyamèt angilè ki koresponn a 0,5 degre. Solèy la tou gen 0.5 degre kòm dyamet angilè. Poutan, nou konnen ke Lalin nan ak Solèy la pa gen menm gwosè. Se distans yo parapò ak Latè ki tèlman diferan ki fè yo parèt, pou nou ki sou Latè, gen menm dyamèt angilè. Antouka, se yon konsèp ki trè itil nan obsèvasyon konstelasyon oswa asterism yo, pou'n konnen paegzanp distans yon zetwal parapò ak yon lòt sou vout syèl la.



Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune