Planèt Mars
PlanètMars [Ayisyen] | Planète Mars [Français] | Planet Mars [English]
Planèt Mars se youn nan 8 planèt sistèm solè nou an genyen, li sou zòn anndan nan sistèm solè sa, menmjan ak 3 lòt planèt telirik yo, Mercure, Venus ak Latè.
Planèt telirik yo fèt ak wòch. Savledi tou yo gen sifas ki ka pèmèt ou mache sou yo; lè w'ap obsève planèt Mars nan syèl la apati de sifas Latè, parèt tankou yon zetwal wouj. Se pa ti wouj piti non, bonjan wouj la!: sa te konn pike kiryozite astwonòm yo depi lontan, paske se li sèl ki konsa pami planèt yo te rive obsève yo, e sa te konn fè dèfwa yo panse li ka gen ekstraterès k'ap viv sou li.
Jodia donk, nou pral fè yon ti rezime sou planèt sa. Pwoche pi pre pou tande ak konprann. Poze kestyon tou, paske Captain Astro la pou ede'n ak astwonomi nan lang lakay
é
Gen yon astwonòm ki te rele Christiaan Huygens ki te kalkile peryòd wotasyon planèt la depi nan lane 1659 lè'l te fin byen gade'l nan teleskòp. Se konsa li te rive remake gen yon ti pati nan sifas li ki yon ti jan fonse ki parèt e reparèt chak 24 ed tan, sa ki vledi ke planèt la ta gen yon peryod wotasyon ki ta menmjan ak Latè pa nou an; bon, pi ta, astwonòm yo pral konfime vre ke wotasyon planèt Mars pa twò diferan de tan wotasyon Latè: 23 e 54 mn.
Te gen yon astwonòm italyen nan fin 19e syèk la ki pral fè lide ekstraterès sa gaye kò'l plis, li te rele Giovani Schiaparelli. Li te rapòte, nan lane 1877, nan obsèvasyon'l yo ke li te wè pou pi piti 40 ti kanal sou sifas planèt Mars, nan lang pa'l se “canali; e tradiksyon dirèk an kanal pral atire atansyon anpil moun sou dosye sa, yon dosye ki pral fè yo panse a yon sivilizasyon avanse sou Mars ki ka konstwi kanal pou fè dlo sòti nan pol nò planèt la, kote yo te obsève kalót polè yo, epi fè dlo a rive nan zòn ekwatè planèt la ki parèt arid, sèch anpil.
Se klè ke se te spekilasyon, men sa pa anpeche yon lòt astwonòm, Percival Lowell, ki te gen bon ti lajan, finanse konstriksyon yon obsèvatwa astwonomik nan Arizona, Ozetazini, pou'l te obsève planèt sa. Se konsa li pral obsève, nan fin 19e syèk la, 160 kanal konsa sou planèt Mars. Tout obsèvasyon sa yo pral fè moun yo pi kwè nan lide ki te deja ap sikilie ke martien yo te gen pwoblèm dlo sou planèt yo, sa ki oblije yo konstwi kanal sa yo pou aroze lòt zòn; anplis, lide sa yo te byen devlope nan yon roman SF nan epòk sa, yon woman ki rele “La guerre des mondes” HG Wells te ekri nan lane 1898.
Bon, listwa sa yo pèmèt nou konpran pi byen jan li nesesè pou nou pa kouri pran jan nou wè yon bagay, ni jan nou pèsevwa li, pou verite. Li mande souvan pou plizyè moun ta fè plizyè obsèvasyon de yon fenomèn epi eseye gen plizyè eksplikasyon oswa tewori avan nou ta kouri di men sa ki verite a. Se konsa metòd syantifik fonksyone. Dayè, de nos jours, gen plizyè ti wobo tankou Curiosity, Perseverance, ki sou planèt sa e k'ap voye foto ban nou pa ban e pa pakèt pou'n evalye sifas planèt la e pa gen okenn ekstraterès, ni sivilizasyon avanse sou planèt sa.
Aprè anpil rechèch lavi sou planèt la, menm yon ti sèlil bakteri yo pa jwenn: sifas Mars steril nèt. Men syantifik yo ap kontinye chèche toujou, sitou nan pati sous-sol, anba nèt, kote petèt te ga gen dlo likid toujou...petèt...paske nou tout konnen ki enpotans dlo ka genyen pou konseve lavi, menmsi se ta yon bakteri. Bon, chèchè yo gen espwa, menmsi se ta yon fosil bakteri yon ta jwenn sèlman, se tap yon gwo repons nan kestyon fondamantal sa ke lèzòm toujou ap poze: eske se vre se sou Latè sèlman gen lavi.
Nan planèt telirik yo, aprè Latè, se sèl Mars ki te ka bay chans pou lavi te ka parèt, menmsi se ta nan tan lontan lontan. Aprèsa, se ta petèt sou lalin kèk gwo planèt ki trouve yo sou andeyò òbit senti prensipal astewoyid yo, plus présicément, astwonòm yo gen yo lide sou sa pou kèk lalin tankou Europa (Jupiter), ak Titan, ak Ganymède. Kòm gen misyon spasyal robotik ki pwograme pou al' etidye lalin sa yo pou plis detay toujou, n'ap tann obsèvasyon dirèk ak ekperimantasyon yo pou nou ta konfime oswa revize tewori sou lavi ekstraterès yo nan sistèm solè a. Fò'n konprann byen, lè'n pale de ekstaterès, nou pa fòseman vledi sivilizasyon ekstraterès, nou sitou vle pale de lavi menm sou fòm sèlil, menm sou fòm ansyen fosil bakteri ki pa vivan ankò, paske nan ka sa, sa ta vledi omwen te gen lavi yon lè, kote yo ta jwenn fosil sa. Bon, bagay chèche lavi sa tèlman konplike, menm ak yon fosil bakteri, nou t'ap oblije satisfè...annatadan nou ta jwenn plis.
Ann fè yon ti tounen sou planèt Mars.
Kantite matyè ki fòme planèt sa fè'l gen yon mas ki egal a 6.42 x 1023 kg, savledi six cent quarante-deux sextillions kg; Se pa yon si gwo chif pase sa non: se yon vale ki reprezante sèlman 10% kantite matyè ki fòme Latè; sa se yon nosyon yo rele mas. Kidonk, Latè pi masif ke li, se ta akoz de planèt Jupiter ki, nan tan lontan lontan lè planèt yo t'ap fòme, te rantre rive prèske sou òbit Mars e ta konsa anpeche'l jwenn tout kantite matyè ki pou ta fè'l pi masif ke jan li ye jodia. Bon, mouvman Jupiter nan epòk sa, te bay anpil pwoblèm nan zòn nan, tankou seinti astewoyid yo ki te sipoze fòme yon planèt tou, men gravite Jupiter te gaye yo. Nou te pale de sa nan yon lòt video deja.
Sou sifas planèt Mars, gen plèn, falèz, canyon, kratè ak volkan, tankou ou te ka jwenn sou lòt planèt telirik yo ak kèk lalin planèt jeyant yo. Gen kèk ti bagay ansyen astwonòm yo te komanse wè nan 19e syèk la, men teleskòp yo pat gen anpil presisyon pase sa, sa ki te lakoz yo te fè kèk ti erè jan nou sot wè'l talèa. Men avèk teknoloji k'ap avanse, teleskòp yo te vin pi gwo e pi presi. Bon, avèk sond spasyal ki pral plase yo an òbit oswa menm ateri sou sifas planèt la, katografi ak bonjan analiz chimik e jeolojik pral fèt. Menm gen yon misyon ki prevwa ramase echantiyon pou voye tounen sou Latè...anpil suspens....Bon, sa pa anyen devan misyon k'ap prepare pou voye moun sou Mars. Menmsi jiskaprezan se nan film SF nou wè sa, men li pa emposib nan nivo konesans fondamantal e teknonojik nou genyen kounyea sou astronomi ak astwonotik ki se teknik navigasyon nan lespas.
Deja Program Artemis la, vè Lalin, yo konsedere'l kòm yon etap nan vwajaj vè Mars. Nou gen espwa sa va fèt nan pa twò lontan...si nou rive jere vit pwoblèm psychologique isolement yon moun nan lespas, paske, nan nivo teknolojik fize nou yo ye kounyea, li ka pran yon minimum 6 mwa pou rive sou Mars. Met sou sa, tan pou eksplore planèt la ak tan pou tounen.
Eske astronot yo, izole yo pral ye la, ap ka jere pwoblèm moun ak moun, eske yo pap batay entre yo...comportement humain en isolation, se yon gwo koze wi. Se sa astwonòm yo rele syndrome du pale Blue Dot, selon yon premye ekspresyon yon potorik gason ki te rele Carl Sagan te di.
Bon, ann tounen ankò sou sifas Mars...koze yo anpil, sa fè ke detanzantan nou antre nan kèk lòt dosye ...bon, ki enpotan tou.
Depi nan lane 1970 yo, sond spasyal yo te komanse konfime ke sifas Mars aride vre, epi gen plèn, savledi rejyon ki plat parapò ak lòt ki gen relièf pi wo tankou plato ak mòn; gen tou, m'sonje te siyale sa talèa, kratè ak kèk canyon, e sitou gen yon seri de gwo volkan, menmlè yo inaktif kounyea.
Gen yon gwo plèn nan nò planèt la, li pote non “Vastitas Borealis”, mots latins ki vledi justement “désert du nord” oswa “désolation du nord”. La encore, fò'n konprann byen, lè'n di “plèn”, nou pa vledi kote yo fè jaden, agriculture, mo “plèn” nan sòti nan mo latin “plana” ki vledi plat; kidonk plèn, sou Mars, se de rejwon ki ba parapò ak lòt yo, li plat menmsi ta gen kèk ti ondulation, an gwo li ouvè kò'l atèplat.
Plèn ki nan sud planèt Mars yo sitiye yo pi wo ke sa nan nò yo. Nivo emisfè sud la pi wo de 5 km an mwayèn de nivo emisfè nò a, se poutèt sa, le plus souvent yo pale des hauts plateaux du sud.
Sud la gen plis kratè ak kolin tou.
Lè ou byen kalkile 2 emisfè planèt sa, ou konprann jan yo pa gen menm nivo, yo diferan, e astwonòm yo poko fin klè nèt sou sa ki lakoz diferans sa. Eske te gen yon gwo mouvman plak tektonik ki pou ta kreye gwo denivelasyon sa? Oswa eske kèk gwo enpak meteorit pa ta ka fè sa tou? Diskisyon an ouvè...nou ka voye di'm tou sa nou panse....
Nan limit separasyon 2 emisfè sa yo, astwonòm yo rive dekouvri, sitou gras ak yon sond spasyal LANASA ki te rele Mariner 9, yon kanyon ki mezire 4000 km de longè, savledi 1/5 sikonferans planèt Mars oswa 19.57 fwa distans Port-au-Prince pou Cap Haitien. Canyon sa ki tou pote non sond ki te dekouvri'l la, Valles Marineris, gen an reyalite plizyè ti kanyon anndan'l, e krejyon ki ta pi fon pami yo rive nan 8 km, sepandan lajè global kanyon nan se 200 km. Se yon bèl strikti jeolojik wi, e mwen imajine'm gwo plezi astronot ki pral sou Mars yo ap pran lè yo pral etidye fon gwo kanyon sa, kote yap jwenn tou anpil ti kratè ak lòt surprise; gen kèk gwo kanyon tou wi sou Latè tankou Grand Canyon Ozetazini ke yo itilize kòm modèl tou pou etidye lòt strikti jeolojik yo. Dayè, jeològ yo fini par panse ke Valles Marineris te ka kreye apati de gwo dlo ki ta koule desann ladann sot nan emisfè sud la, yon pwosesis erozyon ke ou ka retrouve natirèlman nan lòt canyon sou Latè tankou Gand Canyon Ozetazini an, mensi li 9 fwa pi piti pase'l. Tout konparezon sa yo ta vle demontre astwonòm yo te gen dlo sou planèt Mars nan tan lontan lontan. Se fòs frap dlo sa yo kap tonbe ki ta fouye kanyonn Valles Marineris fon konsa. Dayè, nan lane 2013, gen yon sond ki rele Curiosity, yon vwati robot kap mache pwomenen fè analyz sou sifas planèt la, ebyen li rive dekouvri nan echantiyon sifas li egzamine yo gen 2% dlo sou fòm glas ladan yo.
Gen yon lòt analiz ki ale nan sans prezans dlo sou Mars lontan lontan: gen plis kratè enpak sou sifas emisfè sud la. Sa ta vledi ke Vastitas Borealis, plèn ki nan emisfè nò a, nou sonje, ebyen sifas plèn sa ta sibi remodelaj ki ta efase kratè ki pi ansyen yo, yon remodlaj kote dlo ki sot nan sud epi poze nan emisfè nò la ta fè sou ansyen kratè enpak yo. Tout bagay sa yo ta ka kore tout sa nou sot di talèa sou zafè dlo nan tan lontan lontan sou Mars e sou zafè diferans ant 2 emisfè sou sifas planèt la.
Sepandan se sou emisfè sud la astwonòm yo retrouve pi fò volkan yo, sitou sa ki pi gwo yo, tankou Mons Olympus, ann rele'l pito Montagne Olympique, ki mezire 26 km d'altitude. Se pi gwo montay nan tout sistèm solè a, e baz li laj anpil, li ka fè 11 fwa Haiti nan laje e li 10 fwa pi wo ke pik Lasèl ki se mòn ki pi wo lakay nou an Ayiti. Li se yon kategori volkan yo rele boukliye, savledi lav li yo koule sou kò li pou rive anba nèt, byen dousman paske pa gen gwo gravite tankou sou Latè ki pou ta rale'l desann pi vit; se konsa tou l'ap fin pa gen, aprè plizyè koule lav, fòm yon boukliye ki depoze atè nèt. Paske planèt Mars pa gen gwo fòs gravite, ni mouvman tektonik plak menmjan ak Latè sa pral favorize lav volkan sa plis koule sou kò'l anpil anpil. Se sa ki pral lakoz tou Montagne Olympique vin grandi nan wote li ye jodi a: pi gwo montay nan tout sistèm solè a, jan nou te di'l talèa. Li 3 fwa pi wo ke pi gro montay ki gen sou Latè: Mont Everest.
Menmsi ou ta eseye fè yon konparezon ak volkan ki pi wo sou Latè, tankou Mauna Loa nan Hawaii, wap remake ke le fait que zile Hawaii yo ap deplase ak plak tektonik yo rann volkan boukliye'l yo pa pi wo ke 17 km.
Sou planèt Mars, sond ki an òbit yo remake toutotou volkan yo, gen yon seri de ti zòn ke leve sòti tankou kon; yo ta samble se de rejyon, ki ka gen gwosè yon stad football konsa, ki te gen anba yo glas dlo, epi lè volkan an lage lav cho sou yo, glas la fin fonn e presyon vapè dlo a pouse sòti deyò e ta tou fòme kon sa yo obsève toutotou gwo kratè sa yo. Sou Latè tou, jeològ yo konn obsève fenomèn sa yo, tankou an Island kote volkan glas sa yo konn fòme tou.
Sou sifas planèt sa, gen kratè meteoritik tou, savledi kratè ki kreye apati de kèk kout meteorit ki rive fèt. Gras ak yon seri de satelit atifisyèl lèzòm mete en orbite otou Mars, nou rive detekte, gras ak enpak sa yo, glas ki te kache anba sifas la.
Anplis, fò'm di nou tou ke gwo aparèy ak anpil rezolisyon pa janm demontre gen kanal ak sivilizasyon ansyen astwonòm yo te konn ap pale: se te yon erè yo te fè a koz teleskòp yo pat ase pwisan. Bon, nan syans konn gen erè tou, e tout syantifik admèt ke lasyans aksepte koreksyon ak idée nouvelle, paske astwonomi pa ni yon relijyon, ni yon secte. Nou adapte'n ak chanjman ki pou fè'n konprann pi byen linivè
Menmsi Sifas Mars pa gen kanal ki pou enpresyone nou, gen kèk lòt bagay, lòt strikti natirèl ki parèt dwòl anpil, sa pike curiosité nou. Paegzanp, nan lane 1976, 1 syèk aprè swasizan kanal Schiaparelli yo t'ap fè aktyalite, te gen yon sond òbite ki te rele Vicking 1 ki te fotografye yon bagay ki sanble ak yon figi moun sou Mars. Bon, m'pa bezwen di'w jan bagay sa fè anpil pale anpil; syantifik ap pale, moun ki pa syantifik ap pale...sa bagay sa ye?? se jous nan lane 1998 lè yon lòt sond ki pi pèfòman nan pran foto ak yon pi bon rezolisyon, e byen se lè sa m'ta di nou ke astwonòm yo rive met otan nan diskisyon yo. Mars Global Surveyor, se konsa sond òbite sa te rele, te montre ke se te yon mòn ki fèt ak wòch byen di men wòch la te kouvri tou sou kèk bò ak teren ki pa di, kidonk ki te sibi erozyon, se konsa yo te degrade e te skilte ak anpil denivelasyon ki te finalman fè'l parèt de lwen tankou yon figi moun. Bon la nou klè, fò'n fè atansyon nan sa sèvo nou ka imajine ak reyalite a. Syantifik yo abitye ak jan pou yo evite jan de erreur de perception sa yo.
Bon, gen lòt ka toujou wi sou Mars kote si ou pa byen gade e fè bon analyz, ou ka kouri di sa ki pa sa. Tankou gen seri de foto ki ta fè'w panse a piramid, oswa ankò ak kran. Men, nou konprann ke se erozyon van yo kreye sou wòch ki pa solid parapò ak wòch ki di; ou ka jwenn jan de fòmasyon relyef sa you tou sou Latè.
Mars pa gen tektonik plak ankò, kontrèman ak Latè ki genyen toujou. Astwonòm yo konkli ke planèt la refwadi, kidonk wòch ki nan fon nèt yo pa ka deplase pou ta kreye yon mouvman global sa ki anle yo. Tout bagay sa yo pèmèt nou konprann tou poukisa Mars pa gen yon bonjan chan mayetik global, menmjan ak planèt nou an, Latè. Pa ka gen bonjan tranblemandetè sou Mars, menmsi aparèy yo rive detekte kèk ti mouvman de sifas toupiti ki ta lye ak kout meteorit oswa ak kèk fòs mare Soley la ta pwodwi sou Mars. Ti mouvman sifas sa yo, detoutfason, pwodwi chalè tou wi, se nòmal, tankou lè'w fwote 2 men'w, wap santi yo cho finalman.
Nou sonje, m'te di nou Mars pa gen bonjan chan mayetik global ankò, sond spasyal Mars Global Suveyor ke la NASA te mete an òbit otou planèt la revele nan lane 1997 tras ansyen chan mayetik planèt la; se nan wòch yo yo jwenn prev Mars te gen lontan lontan yon chan mayetik ki te fini par parèt fije nan wòch yo; kidonk, nan tan lontan lontan, anndan planèt la te cho e te ka gen efè dynamo ki pou ta pwodwi yon bonjan chan mayetik global. Men sa gen 4 milya ane, planèt la vin frèt, aktivite mayetik la kanpe ak tout mouvman plak tektonik li yo.
Aktivite ki te rann anndan planèt Mars la cho anpil konsa pèmèt nou konprann orijin volkan you sou Mars. Bon, nou konnen ke pi gwo volkan sistèm solè a, se sou planèt sa li ye, nou te pale de sa talèa wi, ann fe yon ti rapèl toupiti. Anpil nan volkan ki sou Mars, se nan kategori volkan bouklye jeològ yo klase yo, savledi yo kategori volkan kote lav la, wòch ki fonn nan, ap koule sou arebo'l pito an grande quantité olye'l ta pete sòti ak fòs tankou nan volkan eksplozif yo. Sou Latè gen tip de volkan sa yo tou wi, tankou an Hawaii kote gen vokan boukliye, sof ke akoz de deplasman plak tektonik la k'ap kontinye, lè ekoulman lav la fin kreye yon zile, zile sa deplase parapò ak pwen cho kote volkan an te sòti, e lè gen yon lòt eripsyon volkanik, se yon lòt zile ki pral kreye....ebyen se konsa vin gen plizyè zile ki konstitiye Hawaii. Yon egzanp volkan eksplozif sou Latè, se Mont Fuji au Japon.
Ekòs planèt Mars pwès anpil, pi pwès ke ekòs Latè. Kidonk, lè li gen yon volkan ki fèt apati de yon pwen cho, pa ka gen bonjan mouvman plak tektonik, lav volkan boukliye yo ap koule sou plas pandan plizyè milyon lane. Sa pral antrene volkan yo ap monte monte pi wo, pi wo. Dayè Mont Olympus vin mòn ki pi wo nan tout sistèm solè a akoz de sa, e malgre mas gwo volkan sa sou kwout la, li pa efonfre'l, li kanpe rèd, byen wo sou planèt la. Pa bliye: kwout planèt la pwès.
Tout bagay sa yo fè astwonòm yo panse ka gen dlo ki ka konsève anba nèt anba nan kwout pwès planèt la, sitou nan rejyon Vastitas Borealis la. Nou sonje, mwen te pale'n de Vastistas Borealis, plèn ki nan emisfè nò a.
Syantifik yo rive mezire plizoumwen ak presizyon epesè kwout planèt Mars: 40 km omwen anba Vastitas Borealis e 70 km anba wo plato yo nan emisfè sud la. Men zòn ekòs la nan nivo separasyon ant 2 emisfè yo, pa sanble two byen aliye yo.
Modelizasyon infòmatik montre ke nwayo a ta mezire 3400 km e yon pati ladann ta mòl. Bon, kòm gen sond ateris ètankou Insight k'ap analyze toujou, n'ap tann rezilta toujou pou'n pi byen konprann.
Ann fè yon ti koudèy sou atmosfè planèt Mars pou'n sa pi byen konprann sifas li. Atmosfè sa gen anpil CO2, 95% atmosfè a se gaz kabonik, e ti rès 5% an gen azòt, argon, vapè dlo ak oksijèn. Presyon atmosferik la piti, sèlman 60% atmosfè Latè. Gravite Mars pèmèt kanmenm yon bon ti kantite nan gaz sa yo rete sou planèt la, men vapè dlo a pa rete vre, li chape poul li nan lespas. Se paske atmosfè a pa pwès ki fè dlo pa ka rete sou Mars, tankou ti rès vapè dlo a k'ap kouri kite planèt la. Men ta sanble lontan lontan, gen anviwon 2.5 milya ane, atmosfè a te pi pwès e sa ta pèmèt dlo evapore pi difisilman. Tout sa fè yo konprann ke te gen anpi dlo sou Mars lontan lontan. Anplis de koze presyon atmosferik la, astwonòm yo evalye ke strikti yo dekouvri sou sifas planèt la ki ta fè yo admèt plis toujou te gen dlo sou sifas la;
Kote rès dlo sa yo ta ye jodia? Selon analiz ki fèt gras ak sond ki analize sifas planèt la, ti rès dlo a ta sou fòm glas ki ta gaye ak pousyè regolit ki kouvri planèt la, se sa ki ta anpeche kèk lak glase ta fòme sou sifas la; gen bonjan glas dlo anba pol yo tou. Gen yon ti rès vapè dlo nan atmosfè a tou wi, men li 30 fwa pi piti ke vapè dlo ki nan atmosfè Latè.
Malgre atmosfè Mars la pa pwès, planèt la gen sezon prèske menjan ak Latè. Se ta sitou akoz de inklinezon aks li de 25 degre. N'ap raple'w ke aks Latè enkline de 23.5 degre. Alòske pou Latè, enklinezon aks la ta pi stab gras a Lalin nan ki kenbe'l fèm; pou Mars, bagay yo ontijan diferan; Li ta sanble enklinezon aks planèt la ta varye chak kelke milyon ane, paske 2 ti satelit natirèl li genyen yo two piti pou ta kenbe degre enklinezon li a stab menjan Lalin nou an fè pou nou sou Latè. Li ta sanble se yon gwo kolizyon ki ta lakoz enklinezon 25 degre sa pou planèt Mars, tankou sa te pase pou Latè lè'l te antre an kolozyon ak Lalin nou an. Li ta sanble tou se gwo kolizyon sa ki ta lakoz gwo diferans sa ant emisfè nò ak sid la: nou sonje, m'te di nou emisfè sud la pi wo ke nò a. Sezon yo 3 fwa pi long ke sezon sou Latè, paske Mars pran plis tan pou fè tou Soley la; lè wap obsève Mars nan teleskòp, wap wè chanjman sezon sa yo fasilman paske yon gen enpak sou aparans kap glas ki nan pol yo ak tou sou pousyè ki gaye nan atmosfè a, sa ki rann li pi wouj, wouj anpil janm te di'n nan kòmansman an.
Syèl Mars parèt wouj, nou te komanse konprann sa depi nan obsèvasyon nan teleskòp. Se akoz de pousyè ki gaye nan atmosfè a, pousyè ki gen ladann anpil dioksid fè, sa nou rele larouy la. Lè sezon hiver rive, glas dioksid konn mele ak pousyè sa yo , rann yo pi lou e fè yo tonbe pi fasilman sou sifas la, e se sa ki konn rann syèl la mwen wouj nan epòk sa yo. Men lè ete rive, se envès la ki fèt e planèt la parèt pi wouj, anpil pousyè gaye nèt ale. Sa konn bay kèk aparèy sou sifas la pwoblèm lè pano solè yo kouvri nèt ak pousyè, e yo konn oblije ibène, dòmi pandan peryòd lè gen anpil anpil pousyè konsa, sitou lè gen tanpèt. Epi apresa yo reveye pou kontinye travay. Sa te rive kèk rover tankou Opportunity. LaNASA pra leson tou, se poutèt sa denye vwati yo voye sou Mars tankou Curiosity ak Perseverance sèvi ak enèji nikleè, kidonk pousyè ou pa pousyè, yo gen enèji pou kontinye travay eksplorasyon syantifik la.
Sezon yo fè tanperati a varye sou sifas la, ant -85 e -30 degre C; lè li monte, e si presyon atmosferik la ta desann pi ba nan yon ti zòn, gen toubiyon pousyè ki ka parèt, toubiyon yo konn pote ti non jwèt “dyab an pousyè” oswa “dust devil” an anglè. Toubiyon sa yo konn monte wo wi, jiska 12 km d'altitude, e se pa sèlman rover yo, vwati ki sou Mars yo ki konn wè yo sèlman; menm òbitè yo konn ap obsève yo an dirèk.
Bon, la nou konprann gen bonjan ti van sou Mars, van ki pèmèt erozyon sou sifas la. Y'ap obsève erozyon sa yo depi yon bon titan wi, e astwonòm yo obsève tou kote kèk kratè komanse kouvri ak kèk pousyè. Men kòm atmosfè a pa si pwès pase sa, se pa gwo erozyon ak gwo kouvèti pousyè ki gaye pase sa non, tankou sa te ka ye si se te Latè. Bon, an nou fè yon ti tounen sou dosye dlo sou Mars. Nou sonje ansyen astwonòm nan fin 19e syèk la te panse te gen kanal dlo ki sòti nan pol yo k'ap mennen dlo nan ekwatè dezètik Mars la. Ebyen, yo te fè erè, se vre, sitou nan fason yo entèprete sa teleskòp yo pa tap ka demontre yo vre. Sepandan, gwo aparèy astwonomi modèn nan montre gen wout kote rivyè te koule lontan lontan sou sifas planèt la; yo objektive presans anbouchi, delta ak kote rivyè sa yo te konn tonbe oswa sòti nan kèk lak. Yo jwenn tou sediman ak kèk lòt endis ki konfime dlo te konn dòmi oswa pase nan kèk rejyon. Gen kèk ansyen wout rivyè ki rive menm nan fon kèk kratè. Sou Latè tou, nou jwenn anpil wout rivyè ki fè chemin yo konsa tou, vire tounen sou plizyè bò avan y'al nan lak oswa anbouchi sou lanmè.
Ti vwati ki ap siyone sifas planèt la, ti vwati yo rele rover an anglè, ebyen ti vwati jeològ sa yo detekte plizyè molekil ki konfime dlo te prezan vre sou sifas la: tankou hematite, yon molekil spesyal ki beswen dlo fò fòme'l; syantifik yo jwenn yon seri de sèl tou ki ta sipoze fòme si sèlman yo te nan dlo. Tout bagay sa yo se prèv ke te gen dlo likid sou Mars. Sa fè yo poze kestyon tou pou konnen èske te gen lavi sou planèt sa tou...Sèl sa nou konnen, jodia pagen lavi à la surface; rechèch bakteri pa bay rezilta pozitif. Men nan dlo likid ki ka toujou la anba nèt, lwen anba nan kwout pwès la, èske gen kèk bakteri ki toujou la? Nou poko konnen...e nou pa ka kouri di non pa gen lavi. N'ap tann lè n'ap ka fore lwen anba nan kwout la...yon bagay ki pa fasil ditou...menm sou Latè...alewè sou Mars.
Èske lè lèzòm resi desann dirèkteman sou Mars pou fè travay la dirèkteman nan plas sond spasyal yo....petèt lè sa nou va gen repons definitif sou zafè lavi sou Mars. N'a resi konnen si nou poukont nou vre nan linivè....Èske se sou Latè sèlman lavi te parèt. Anpil kestyon fondamantal nan lasyans.
Pa bliye tou, sifas planèt Mars ap kontinye evolye natirèlmam, tankou gen kèk glisman teren akoz kèk frap meteorit ki ta pwodwi yon ti trnblemandetè; gen kèk avalach tou, sitou nan zòn pol yo; gen kèk pil sanble ak dune ki ka fòme oswa deplase a koz de van, toubiyon; Tout ka sa yo prouve ke gen yon dynamisme de surface kanmenm, menmlè pa ta gen dlo vre. Gen astwonòm ki panse gen dlo likid ki ka parèt nan kèk sezon, men poko gen obsèvasyon dirèk vre sou sa, dayè avèk yon presyon atmosferik ki sèlman 60% presyon atmosferik sou Latè, tout dlo likid ki ta parèt t'ap evapore rapidman pou ale nan lespas. Gen anpil sond spasyal an òbit tankou Mars Reconnaissance Orbiter la NASA ak lòt ankò k'a kontinye ap fè rechèch sou dosye dlo ak jeoloji Mars. Nou te pale de vwati rover yo deja, k'ap fè menm travay eksplorasyon sa.
An fèt, gen anpil lòt bagay pou'n ta diskite la sou rechèch dlo ak tras fosil lavi sou Mars, men pito nou ta rezève sa pou yon epizòd spesyal. Ann fè kounyea yon ti koudèy sou 2 satelit natirèl planèt la genyen. Nan 4 planèt telirik yo, ki sou anndan nan sistèm solè a, se Latè ak Mars ki gen lalin oswa satelit natirèl. Lalin Latè a gwo anpil parapò ak planèt nou an, se sèl li ki gen rapò sa; pou Mars limenm, se 2 ti bout lalin ki sanble ak 2 astewoyid planèt la ta tou kenbe an òbit. Gen diskisyon toujou sou orijin ti lalin Mars yo; gen yon tewori ki parèt nan lane 2021 ki ta fè konpran ke gen done ki pou ta eksplike ke 2 ti lalin sa yo ta moso planèt Mars ki ta monte wo an òbit aprè yon gwo enpak ta fèt sou planèt la. À vrai dire, pa gen youn nan tewori sa yo ki ko verifye, sof ke foto yo montre yo sanble anpil anpil ak astewoyid ki nan Senti Prensipal Astewoyid la, yo sanble ak kèk gwo moso patat ki ta an òbit, ak yon pakèt mak enpak meteorit sou yo.
Lalin ak fòm iregilyè sa yo, astwonòm yo rele yo Deimos ak Phobos, non ki vledi “peur” ak “panik” ...bon fò'n konnen ke Mars, nan mitoloji moun lontan yo, se te yon dye de la guerre...li pa etonan ke lalin yo pot non sa yo. Dayè non sa yo tou se non 2 pitit Mars te fè ak Aphrodite, yon deyès lanmou...tèt chaje...nou konprann. Se nan lane 1877 ke astwonòm dekouvri ti lalin sa yo. Phobos mezire 22.2 kilomèt an mwayèn kòm envergure, e Deimos ki pi piti e ki gen mwens kratè sou li gen yon envergure de 2,4 kilomèt., e tou lè 2 ap vire nan menm sans ke wotasyon planèt la. Phobos pi pre planèt la ke Deimos, e se li kreye yon fòs mare menmjan Lalin nou an fè sou Latè. Finalman, l'ap antre an kolizyon ak planèt la pou'l kreye yon ti ano nan anviwon 50 milyon ane.
Aktyèlman, gen plizyè misyon ki planifye pou ta voye astronot sou planèt Mars. LaNASA, bòkote pa'l, ap travay sou pwogram Artemis la, nou te di'l deja wi talèa. Misyon sa gen dabò kòm objektif pou fè moun retounen sou Lalin nou an nan fen ane 2026 la, e se ta yon etap, yon preparasyon pou moun al' sou planèt Mars aprè sa.
Gen lòt ajans spasyal tou , tankou Space X, ki gen anbisyon tou voye moun sou Mars tou. Elon Musk, ki se fondatè SpaceX, anvizaje voye moun sou Mars nan 10 zan ankò; se poutèt sa l'ap fè enjenyè yo konstwi yon veso spasyal ki rele Starship.
Men, fò'm di nou tou, dat ak delè egzat pou moun ale vre sou planèt Mars ka varye selon pwogrè teknolojik ki fèt nan sektè spasyal la. Gen anpil defi finansye e teknik tou. Anplis, gen nosyon ekilib psikolojik astronot yo lè yap fè yon vwayaj ki long konsa, nou te abòde dosye sa wi deja, paske y'ap poukont yo, e si, mande Bondye padon, yon bagay ta rive pandan yo sou wout pou yo al' sou Mars, y'ap bonjan poukont yo pou yo degaje yo. Se pa sèlman pan non, you ka batay youn ak lòt, ka gen sa yo rele mutinerie abò...pa bliye, se moun nou ye e listwa montre souvan youn pa ka antann ak lòt, e lè yo izole konsa nan lespas...anpil move lide ak bagay ka rive nan sans sa si yo pa gen bonjan ekilib sikolojik.
Detout fason, fò'n al eksplore e nou pral eksplore planèt Mars dirèkteman. Rete swiv, n'ap pote lòt enfòmasyon sou dosye Mars la. Annatadan, Captain Astro te apresye ti moman syans astwonomik nou sot pase ansanm nan, e si ta gen kestyon pa ezite poze yo sou forum yo oswa dirèkteman sou WhatsApp nan 38407775.
Kenbe la e a byento.
Captain Astro ap prezante'w “Planèt Mars”, youn nan 8 planèt sistèm solè nou an genyen, nan lang lakay nou, Ayisyen; yon lang yo konn rele tou Kreyòl. N'ap konpran tout peripesi ki te gen nan obsèvasyon planèt sa nan tan lontan e koman syantifik yo rive, gras ak teknoloji, konprann planèt telirik sa. Gen anpil pwen toujou nou poko klè sou you, tankou prezans dlo anba nèt anba kwout la, ak petèt fosil bakteri anba tou. Li pwograme tou pou astronot al' sou li. Swiv dokimantè sa pou'n byen konprann e pataje ak lòt moun ki konprann Aysyen https://youtu.be/tLwYF0jKxGE . Pa bliye “like” e poze kestyon sou forum yo oswa telefò/WhatsApp/Telegram +50938407775 oswa email rulx.rulxnarcisse.narcisse@gmail.com
Commentaires
Enregistrer un commentaire