Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

NASA konfime ke gen yon osean souteren global sou Enceladus

Plis n'ap etidye sistem solè a, plis n'ap dekouvri dlo

Nou te konnen  te  gen dlo sou Enceladus depi  yon ti tan deja, men NASA fek konfime yon teyori tou nèf sou lalin Satin nan ki gen glas ladan : li gen yon oseyan souteren ki nan glòb la tout antye. Nouvèl la vini jis yon ti ponyen mwa apre ajans lan fin dekouvri prèv ki montre chemine idrotèrmik, ki fè yo kwè ke yo dwe entegre nan fòmasyon  lavi isit la sou Latè.

Konfimasyon an te fèt lè yo sèvi avèk rechèch Cassini yo - yon veso spasyal ki te rive nan Satin nan lane 2004 e li te pase dènye dizan yo ap etidye planèt la ak anpil lalin li yo. (Li te lanse nan lane 1997.) Chèchè yo te itilize Cassini ki mezire tranbleman nan òbit Enceladus nan Satin, yon bagay ki "kapab fèt sèlman si kouch glas deyò a pa ka friz solid pa anndan."

Enceladus se youn nan yon ti ponyen kote nan  sistèm solè nou an kote ou ka wè jet likid kap soti nan sifas li , epi li pa t 'pran anpil tan depi Cassini te rive pou NASA te kapab konfime ke  lalin nan ap bay dlo likid. Men, pandan ke etid  anvan yo sou Enceladus te oryante ve  yon lanmè souteren, yo te panse ke yon bon pati nan dlo a te gen fom yon lantiy, e petèt li te okipe  sèlman  yon pòsyon anba vant Enceladus .






"Sa se te yon pwoblèm difisil ki te mande pou pliziè obsèvasyon, ak kalkil ki enplike divès disiplin, men nou  kwè nou jwen verite a," se sa Peter Thomas, yon manm nan ekip Cassini a nan Cornell University, e otè prensipal dokiman an , te di nan yon nouvèl detaye.

Ekip la skrupulezman mezire e swiv mouvman Enceladus, e yo evantyèlman dekouvri ke gravite Satin la te dodine lalin nan nan òbit li tout tan tout tan men yon ti kras. Yo te kapab sèvi ak enfòmasyon sa a pou fe model anndan lalin nan. Si sifas la ak kè Enceladus te konekte solidman, ta gen twòp pwa mo e tranbleman yo ta dwe mwen pwononse. Sèl Bagay  ki ta ka fè yon tranbleman ekzajere konsa se ta egzistans yon kouch global likid ki ta separe sifas la ak nwayo a.

Cassini poko fini ak Enceladus. Veso spasyal la pral fè yon pasaj trè kole nan fen mwa Oktòb - jis 30 mil (49 kilomèt) anwo sifas la - epi li pral Buzz nan youn nan panach materyèl glas yo .


Enceladus pa pou kont li lè se koze  oseyan souteren . Europa - youn nan lalin Jipitè yo - gen yon oseyan souteren tou, epi li se objektif  youn nan pwochen misyon syans NASA. E nan mwa mas ki sot pase a, NASA konfime ke Ganymede, yon lòt lalin Jipitè , genyon lanmè souteren tou. Prèv ke dlo ak dlo glas sou anpil lòt lalin ak planèt egziste  tou. Li sanble kelkeswa kote nou gade, nou wè dlo - menm si li pran yon ti tan pou  jwenn li .

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune