Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Lavi e lamo yon zetwal

Anpil moun panse ke zetwal nan syel la etenel!
Verite a, se ke zetwal fet, e li gen le pou li mouri tou. Li fet nan yon nebilez, se yon zon nan lespas kote gen ama molekile, kondeanse matye premye pou kreye boul gaz ki pwal fini pa gen reaksyon niklee et tounen zetwal. sa pran anpil molyon ane avan ke youn zetwal fet.

Nan konparezon avek la vi moun, milyon ane se yon paket bagay se anpil tan. Zetwal la pou li fet selman, li pran plizye milyon ane. Kou li fin fet, li ka viv plizye milya ane anko. Li ap transfome idrogen (H) en elyom (He) nan reaksyon niclee nan nwayo li. Se pou sa ke la vi li long kon sa. Soley nou an pa ekzanp ka viv 12 milya ane avan li itilize tout idrojen li an.Aktyelman, li gen tan sou 5 milya ane depi lap' viv.

Kidonk, li ka rete 5-7 milya ane avan li epwize stok idrojen (H) li a. Le yon zetwal fin konsome stok idrojen li a, li viv vyeyi, e kouch siperie li vin dilate et li tounen yon "jean rouj), apre sa, li eksploze: se sa yo rele"sipenova". Nwayo zetwal la ki rete a tounen yon zetwal a netron. Kouch zetwal ki te eksploze a pwal anrichi lot nyaj molekile pou li fome nan kelke milyon ane anko lot zetwal.

 Sa se sikl la vi zetwal yo. Gade video sa ki se yon epizod nan prjet "Astronomie en Equilibre" sou "Equilibre FM", youn emisyon sou astwonomi. Nan epizod sa a, nou tap pale de lavi e la mo zetwal:

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune