Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Eklips solè


YON TI REZIME SOU EKLIPS SOLE NAN OKAZYON EKLIP SOLE ANILE 21 JEN 2020 AN KAP VIZIB SELMAN AN AFRID DELES AK AZI. tèks sa koresponn ak odyo ak videyo ki parèt sou paj sa.

Eklips solè, ke astwonòm yo rele tou occultation solaire, se yon evenman ki fèt lè Lalin nan mete li devan Solèy la, yon konfogirasyon konsa pèmèt Lalin nan bouche tout Solèy la oswa yon pati nan Solèy la, jan pou ta wè li sou Latè. Se sèl lè gen nouvèl Lune ke eklips solè ka fèt, lè Solèy la ak Lalin nan an konjonksyon pa rapò ak Latè.

Nan tan lontan anpil, e menm kounye a nan tan pa nou, nan kèk kilti, yo te konn panse ke eklips yo te bagay mistik. Ekips solè yo ka fè moun pe anpil, sitou si yo pa konprann ke se yon fenomèn natirèl astronomik ki paka fè moun anyen. Se Solèy la ki disparèt brip sou kou pandan jounen an e syèl la vinn tou nwa pandan kèk minit.


Eklips solè total nan yon zòn sou Latè, se yon evenman ki rare e li pa dire lontan (li pa dire plis ke 8 mn). Kèlkeswa kote li ta fèt sou Latè, Lè eklips solè a vin total, se yon ti bout tou piti nan lonbraj Lalin nan ki pase sou sifas Latè. Eklips solè total se yon fenomèn spektakilè e gen anpil moun ki pito vwayaje pou yo al sou ti bout tè kote lonbraj Lalin nan ap pase, pou yo ka wè evenman sa yo. Yo konn rele voyajè sa yo “chasseurs d'eclipses”.

Tout eklips Solè, se Lalin nan kap pase devan Solèy la, men gen kèk diferans nan kijan pasaj sa yo fèt. Konsa, astwonòm yo distenge 4 kategori eklips solè : Eklips total, Eklips anilè , Eklps Solè pasyèl, ak eklips ibrid



1-Eklips total la, se lè Solèy la bouche Lalin nan nèt. Ronn Solèy la ki klere anpil chak jou a, e byen, li vin tou nwa paske se kò Lalin nan ki vinn pran plas li ; men majorite kouròn Solè a, yon zòn ki an deyò ronn Solèy la, rete vizib. Pandan tout eklips la, lè li vin total, se sèlman yon ti pati sou sifas Latè, kote lonbraj Lali nan ap pase, ke ou ka wè totalite eklips la.

2-Eklips anilè a, se lè Solèy la byen aliye avek Lalin nan, Lalin nan santre Solèy la, men Lalin nan parèt yon tijan pi piti ke Solèy la. Savledi ke Solèy la vin parèt tankou yon zanno kreyòl deyè Lalin. Ou vin gen yon ronn klere anpil ki entoure ronn Lalin nan. Eklips anile 2020 an, gen anpil koodonate nasyonal UAI, ki nan zon kote ou ka wè eklip sa, ki mobilize pou retransmèt sou entènet fenomèn sa pou moun ki poko wè li e ki paka deplase nonplis pou al wè li, sitou nan kad pandemi kovid-19 sa.

3-Eklips Solè pasyèl, se lè Solèy ak Lali nan aliye men Lalin nan bouche sèlman yon pati nan Solèy la. Ou ka obsève fenomèn sa sou yon bann pati nan sifas Latè, menmsi ou pata nan zòn kote lonbraj Lalin nan ap pase, mensi ou pa ta nan zòn pou ou ta wè eklips total oswa eklips anilè a.
Yo rele eklips pasyèl yon eklips ki prezante faz pasyèl. Li fèt lè aliyman Solèy la ak Lalin nan pase o nò pol nò a oswa o sid pol sid la. Eklips solè 2017 la, alò ke li te parèt total o Zetazini, li te parèt pasyèl an Ayiti e Societe Haitiene d'Astronomie te oganize obsèvasyon eklip solè sa ak materyèl proteksyon pou zye nan zòn Lathan (Nan Port-au-Prince), Deschapelle nan Latibomit ak Aquin nan Sud.

4-Gen yon 4e kategori de eklips solè, yo rele li eklips ibrid, yo rele li tou eklips anilè-total oswa eklips mixte ; se yon eta entèmedyè ant eklips total ak eklips anilè ; se yon melanj oswa yon tranzisyon ant ant eklips total ak eklips anilè.

Distans ant Solèy la ak Lalin nan 390 fwa pi gran ke distans ant Lalin nan ak Latè. Dyamèt Solèy la 400 fwa pi gran ke pa Lalin nan. Kidonk, pwiske rapò sa yo preske menm, Latè ak Solèy la parèt geyen preske menm gwosè, lè ou ap gade yo, lè ou sou Latè. Astwonòm yo rele gwosè yo parèt yo dyamèt angilè ; e dyamèt angilè Lalin ak Solèy la, yo men bagay : 0.5 degre.

Men kòm òbit Lalin otou Latè se yon elips, tankou òbit Latè otou Solèy la, tay aparant Solèy la ak Lalin an varye.
An mwayen, gen plis eklips anilè ke eklips total.

Òbit Latè otou Solèy la se yon elips tou, kidonk distans ant Latè ak Solèy la varye pandan ane a. Sa gen ti enfliyans li sou ki gwosè Solèy la parèt nan syèl la, men varyasyon distans Latè ak Lalin aji plis sou jan gwosè Lalin nan parèt. Lè Latè rive nan zòn òbit li kote li pi lwen Solèy la (yo rele sa aphelie), sa konn fèt nan mwa jiyè, se plis eklips total ki fèt. Lè Latè rive nan perihelie, sètadi zòn sou òbit li ki pi prè Solèy la, se plis eclips anilè ki fèt.

Astwonòm yo ka fè prediksyon eklips yo gras ak zouti teworik e matematik ki te komanse elabore depi nan 2e syèk avan JC pa Hypparque. Lòt astwonòm aprè sa te amelyore zouti ak teknik pou fè prediksyon astwonomik e menm prepare kalandrye eklips yo.

Poun nou sa byen konprann eklips solè yo, fòk nou byen konpran geometrie eklip yo tou. Òbit Lalin otou Latè enkline de 5 degre pa rapò ak òbit Latè otou Solèy la. Se sa ki fè ke, lè faz nouvèl Lune nan rive, Lalin nan pase an wo oswa anba Solèy la. Eklips solè rive sèlman lè nouvèl Lune nan rive nan pozizyon kote li kwaze ekliptik la.

Fòk nou di ou tou ke, a koz de elwayman tou dousman de Lalin nan (3.8 cm/an), yon lè ap rive, pap gen eklips solè total ankò. Dayè, Solèy la ap fè ti gwosi tou pa rapò ak pwisans li kap ogmante piti piti tou pandan li sou sa astwonòm yo rele sekans prensipal li. Astwonòm yo kalkile ke nan 600 milyon dane, Lalin nan ap trouve li a 23 500 km an plis de pozisyon ke li ye kounye a ; sa vle di, ronn Lalin nan ap parèt pi piti e li pap ka kouvri tout Solèy la pou li fè eklips solè total ankò

Eklips solè se yon fenomèn ki ta enpotan pou nou ta obsève, men fok nou ta pwoteje je nou. Nou pa ka gade li direkteman konsa. Men nou ka mobilize sou rezo socio yo, sou entène ak TV pou nou gade, pou nou aprann.



Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune