Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Zetwal Citadelle ak planet li Indépendance ...ASTWONOMI LAKAY VODCASTING...


Jou ki te 17 desanm 2019, UAI te deside ofisyèlman bay zetwal ki te gen nimewo katalòg 1502 nan katalòg Henry Draper a non Citadelle e sèl planet ke yo te dekouvri jiskaprezan kap òbite otou de li, ofisyèlman Indepandance. Se yon jèn adolesan Ayisyen ki rele Dimitri Daanly Pierre ki te chwazi non sa yo nan kad yon konkou ke UAI te lanse nan fen ane 2019 la.

SHA te jere konkou sa an Ayiti gras ak koud men Fondation Dr Daniel Mathurin ak lòt potorik gason ak fanm ki te fòme yon komite pou sa.


Se te pou la 2e fwa ke UAI te oganize yon bagay konsa, kidonk pou li bay egzoplanèt yo non pa yo an plis de nimewo katalòg yo. Men se premyè fwa ke Ayiti te patisipe pami 109 lòt nasyon kap bay non. E fwa sa, gwo aktivite sa te fèt tou nan kad 100e anivèsè UAI.


Te gen plizyè lòt sistèm egzoplanèt ki te jwenn non ofisyèlman tou nan okasyon sa a pati de lòt nasyon ki te patisipe tou nan selebrasyon 100e anivèsè UAI la.


An Ayiti, nan mwa Dawout 2019 la, pliblik Aysyen ak nan dyaspora te jwen posibilite pou yo te pwopoze non ke yo renmen ki sòti nan kilti ak listwa Dayiti. Komite ExoWorlds Haiti a, jan yo te rele komite Ayiti a, te evalye non piblik la te bay yo pou wè si yo respekte kritè entenasyonal ke IAU te bay yo. Konsa, nou te resevwa 29 non pou sistèm egzoplanetè HD 1502 ke UAI te bay Ayiti responsabilite bay non an.


Preske tout non nou te resevwa yo te enteresan anpil anpil nan kad kilti ak istwa nou ; men aprè evalyasyon ak kritè UAI te bay yo, se selman 9 ki te rive nan final e komite a te mete yo an vòt sou entenet nan mwa septanm 2019. Youn nan kritè ki te enpotan anpil sete ke patisipan yo dwe bay lòt non an back up o ka ou a laveni astwonòm yo ta va dekouvri lòt egzoplanèt otou zetwal HD 1502 a, oubyen menm yon lòt zetwal ki ta ka akonpaye HD 1502 ; paske gen sistèm stelè ki gen 2 zetwal !


Men 9 non sistèm ki te rive nan final nan eleksyon sa yo :

  • Citadelle / Indépendance [Historic Site / Historic Event]

  • Dantor / Erzulie [Haitian Mythology]

  • Egalité / Firmin [Haitian Littérature]

  • La-Vigie / Thomazeau [Haitian Geologic Sites]

  • Loa / Papa-Loko [Haitian Mythology]

  • Macaya / Tapion [Haitian Montaign]

  • Rara / Lakou [Haitian Folklore]

  • Vertières / Grenadye [Historic Sitee]

  • Xaragua / Anacaona [Caciquat & Cacique Tainos of Haïti]


Aprè anpil mobilizasyon chak moun nan nivo pa yo, se Citadelle ak Indépendance ki te loreya ak 41.17% vòt yo. Se konsa, jou ki te 17 desanm 2019 la, UAI, nan yon konferans de près nan Observatoire de Paris, te anonse nouvel sa pou Ayiti, ak pou lòt 109 nasyon tou ki te patisipe tou nan gran mouvman entenasyonal pou te bay kèk nan egzoplanèt ki konfime yo non pwòp an plis de nimewo katalòg yo. SHA te remèt tou yon plak donè jou ki te 22 desanm 2019 a adolesan Ayisyen sa nan yon seremoni ofisyèl ki te fèt nan sièj sosyal li a kote kèk manm komite a ak kèk manm asyasyon an te rasanble pou fete evenman sa a.


Citadelle se yon zetwal de mayitid vizyèl 8.36, ki 1.4 x pi masif ke Soley nou an e ki a 626 ane - limye de Latè. Ou ka wè li apati de sol Ayisyen an si ou obseve syèl la avek yon ti teleskòp nan konstelasyon Pwason.


Indépendance se yon egzoplanèt ke astwonòm yo te dekouvri e konfime egzistans li nan lane 2011 nan Obsevatwa Keck gras ak metòd velosite radyal la. Li tankou Jipitè men li 2X pi masif. Lap òbite otou Citadelle a yon distans de 1.2 UA nan 428 jou. Yon jou, yo ka petet dekouvri lòt egzoplanèt kap òbite anplis otou Citadelle e nan kad evenman selebrasyon 100e anivèsè UAI la, Dimitri Daanly Pierre te bay lòt non nan menm kategori ak Citadelle ak Indépendance pou yo ta bay lòt egzoplanèt oswa zetwal nan sistèm sa.


Komite ExoWorlds Haiti a ki te mennen a byen pwojè UAI sa an Ayiti te gen 10 manm : pami menm sa yo, te gen 2 fanm vanyan : madan Daniel Mathurin ak manzè Eloise Dorléans. Lòt manm yo, se te yon seri potorik gason tankou Emmanuel Stéphane Laurent. Johnsky Augustin, Charley Paya, Nelson Inosias, Samuel Fleuranvil, Quimelin Max, Eliode Pierre, ak mwen menm Rulx Narcisse ki tap koòdone yo.


Citadelle ak Indépendance se premye objè ofisyèl ke Ayiti bay non nan lespas, men gen lòt pwojè toujou. Dayè Dimitri Daanly Pierre ki gen 13 zan gen kòm anbisyon ale nan lespas. Nou swete li menm ak tout jenès Aysyènn nan, kouraj, pa dekouraje malgre difikilte nout tout konnen ke peyi ap travèse. Nou tout anba yon sèl syèl e lespas se pou tout nasyon.


Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune