Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Konstelasyon SANTÒ (Centaure) se yon konstelasyon ostral #15

SANTÒ se yon konstelasyon emisfè sid, li se youn nan konstelasyon ki pi vas nan syèl la. Li gen yon bon kantite zetwal briyan ladann, 10 ladan yo depase mayitid aparan 3. konstelasyon SANTÒ fè pati 48 konstelasyon Ptolémé te idantifye yo nan almajès li an. (Eudoxe te gentan mansyonel) Nan mitoloji grèk la, santò se yon kreyati mwatye moun mwatye cheval. kreyati sa, se ta Chiron, pi saj nan santò yo, se li ki te leve Jason ak Hercule depi yo tou piti. gen sous ki makònen l ak Sajitè. Byenke santò yo plis makònen ak Sajitè se Pholos ak Crotos.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune