Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Pèse (Perseus) ewo mitoloji grek la ki te sove Andwomèd.

Perseus (pèse) se yon konstelasyon emisfè nò, relativman gwo. Li gen plizyè zetwal klere tankou, zetwal Algol ( Bêta persei), Mirphak (Alpha persei ). Pèse (Perseus) se yon ansyen konstelasyon ki te deja nan lis Aratus de Soles la ak nan almajès Ptolémée an depi nan premye syèk la. Non Konstelasyon sa byen tonbe pou yon ewo nan mitoloji grèk la, ki te sove andwomèd anba men mons maren an. Konstelasyon sa fè pati yon sik ki dekri istwa Andwomèd eskpoze a yon mons maren an. Pèse (Perseus ) se yon konstelasyon trè klere ki chita nan yon anvironnman trè rich. Moun ka identifye pozisyon l, lè yo pran aliyeman ki sòti sou gran kare Pegaz la (Pegasus ) e monte arebò dyagonal Andwomèd la, pou rive nan Algol yon zetwal nan konstelasyon Cocher. Nan sans kontrè nou ka kòmanse, depi nan Capella, zetwal ki pi klere nan blòk li ye a, ak lokalize vwazen l yo Algol (Bêta Perseus ) ak Mirphak (Alpha Persei ) nan direksyon lwès.
Nou ka lokalize Perseus (Pèse) Pa rapò a Kasyope, lè n suiv aliyeman ki bare medyan Kasyope a nan direksyon lwès. Nou ka lozalize l tou pa rapò a Kasyope, lè n suiv aliyeman ki bare medyàn "w" Kasyope a nan diresyon Sid Est. Aligneman sa tonbe sou Mirphak (Alpha (Perseus). 2 premye zetwal ki pi klere yo se Mirphak (Alpha persei) e Algol (Bêta Persei). Mirphak gen mayitid aparan 1.79, li klase pami 35 ème zetwal ki pi klere nan syèl la, li sitiye a 600 ane limyè nan systèm solè. Se yon sipè jeyan ki 60 fwa pi gwo ke solèl la. Algol se dezyeme zetwal nan Konstelasyon nan rejyon an. Atik kredi : Futura-science Wikipédia, www.cosmovisions.com Redaktè prensipal : John Masken LAROSE

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune