Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Sefe (Cepheus) se yon konstelasyon sikoumpolè nan nò

Sefe (Cepheus) se yon konstelasyon sikoumpolè nan emisfè nò. Moun ka rekonèt li gras a yon fòm penntagòn iregilye, oswa yon ti kay ki gen twati pwenti. Sefe (Cepheus) sitiye ant konstelasyon Siyn (Cygne), Dragon e Kasyope. Konstelasyon sa fè pati yon gwoup konstelasyon ki atache ak istwa mitolojik Andwomèd ekspoze a yon mons maren an.
[Imaj kredi:wikipédia] Konstelasyon Sefe (Cepheus) sitiye nan nò aks Kasyope a. Sefe se yon konstelasyon fèb, madanm li kasyope pi briyan ke li. Nan kondisyon vizibilite nòmal ou ka wè tout fòm li, se yon sòt de rektang ki gen yon chapo pwenti nan direksyon Alpha Ursae Minoris. Pwent chapo a ka repere pa aliyeman ki pèmèt ou jwenn zetwal polè apati Gwo lous la ( la grande Ourse). Zetwal ki pi briyan nan konstelasyon sa se Alderamen (Alderamin en fransè) li sitiye nan pye ti kay la nan lwès. Alderamen non sa vle di bra dwat nan lang arab la, se yon zetwal blanch ki 2 fwa pi gwo ke solèy la. Li fè yon mouvman wotasyon rapid, aperyè 250 kilomèt pa segonn. Avèk fenomèn presesyon ekinòks yo, Alderamen ( Alderamin en fransè ) pral vin zetwal ki pi pwòch pòl nò selès la nan 5 500 zan a mwens twa (3) degre. Istwa mitolojik ki dèyè konstelasyon Sefe. Non konstelasyon Sefe (Cepheus) a byen tonbe pou yon Sefe (Cepheus) ki te wa Etyopi, mari Kasyope e papa Andwomèd. Jèn fi sa te ekspoze a yon mons maren, se Pèse ki te delivre l. Kòm rekonpans Andwomèd te marye ak Pèse (Perseus) . Pou moun ki t ap obsève e reflechi sou konstelasyon sa te ka sonje l, yo te oblije pase anplil tan ap obsève l. Ansyen kat yo prezante Sefe (Cepheus) avèk bra l louvri kòmsi l ap eksprime doulè l ak santiman l yo ankò. Li plase dèyè Ti Lous (la petite Ourse) epi sèk aktik la fèmen l depi nan pye pou rive nan pwatrin. Li bay pli dragon an yon ti distans. Se egzakteman aparans astwonomik sa menm ki fè istwa mitolojik "Andwomèd ekspoze a yon mons maren" an pi enteresan . Toujou pou menm rezon an, nan jou ki vin aprè yo, lè Andwomèd leve, Balèn nan disparèt. Men ou wè Pèse ki vin avan Andwomèd e k ap mennen Prensès nan orizon. [Redaktè atik la : John Masken LAROSE, Jewològ pwofesyonèl e Astwonòm amatè].

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune