Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Istwa mitolojik ki dèyè Konstelasyon Cheve Berenis.

Konstelasyon Cheve Berenis se yon asterism nan syèl emisfè nò ki te defini kòm youn nan 88 konstelasyon yo.
Imaj kredi :Wikipedia Li lokalize ant Lyon nan lwès e Bouvye nan lès. Konstelasyon Cheve Berenis vizib nan tou 2 emisfè yo. Non an fè referans ak Rèn Berenis II ki te sakrifye long cheve li yo, pou l te ka bay Afwodit yon ofrann votif. Nan mitoloji grèk la Afwodit se deyès lanmou, pafwa yo di li te marye ak Efaytòs, dye dife, fòj ak metaliji. Lejann yo fè konnen li te gen relasyon ak lòt dye tou, pami ladan yo nou genyen: Arès, Dyoniso epi Hèmès. Sanble se nan twazyèm syèk anvan Jezi, Conon moun peyi Samòs yon astwonòm e matematisyen grèk, zanmi Achimèd te prezante l nan astwonomi oksidantal la. Byenke li pa vizib sou Atlas Fanèz lan, se jis nan sèzyèm syèk la yon matemasyen, jewograf moun peyiba ki rele Gérard Mercator ak Tycho Brahe te defini kòm yon konstelasyon. Cheve Berenis se youn nan konstelasyon modèn yo. Prensipal zetwal ki gen nan konstelasyon sa se Alpha Comae Berenice, Bêta comae Berenices ak gama coma Berenices. Zetwal sa yo fòme yon triyang rektang. Se apati de triyang sa, très imajinè ki fòme ama zetwal Cheve Berenis yo pandye. Zetwal ki pi klere nan konstelasyon Cheve Berenis lan se Bêta Comae Berenice. Se yon zetwal ki nan menm kategori ak ak solèy la ki gen yon mayitid aparan 4,2. Konstelasyon sa abrite youn nan ama galaksi ki pi rich yo, se Ama Cheve Berenis ki li menm Chita anndan Sipè ama Cheve Berenis. Atik kredi:wikipedi

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune