Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Konstelasyon Koche, Epizòd 20




Koche an laten Auriga, se yon konstelasyon emisfè nò, pafwa yo rele l Erichton, (Erichthanios en grec). Koche fè pati 48 konstelasyon Ptolémé te idantifye nan Almageste li an. Se yon Charyo tradisyonèlman ki reprezante konstelasyon sa avèk yon moun k ap pouse l ,detanzantan li pote sou do l yon kabrit epi sa k vin apre yo se ti kabrit li yo. Li posib pou denominasyon Koche a sòti nan peyi babilòn, ki te nonmen l anvan Rubiki ki vle di Charyo. Konstelasyon sa ou ka lokalize nan pozisyon capella zetwal ki pi klere nan konstelasyon an. Si Gwo Lous la vizib, Capella ap sitiye nan direksyon ki pwente sou gwo Charyo a, a yon ventèn degre. Capella fè pati gwo dyagonal Andwomèd la, gen yon long aliyeman zetwal ki pèmèt moun repere konstelasyon an. Sòti nan gwo Kare Pegaz la, pase pran Algol, Capella, Castor, Pollux e Alphard. Figi jewometrik ki reprezante konstelasyon sa se yon pentagòn.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune