Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Spektwoskopi


Jodia nou pral pale de spektwoskopi, yon teknik ki pèmèt astwonòm yo konn tanperati sifas zetwal yo, yon bagay yo te ka fè tou ak fotometri ak koub kò nwa, men jodia nou pral pale de spektwoskopi.


Se nan lane 1814 ke yon fizisyen ki te rele Joseph von Fraunhofer te dekouvri yon pakèt ti band nwa nan re-analiz spectre limyè ke Newton te fe lontan avan l. Li anplifye liminozite spectre la e se konsa li rive fè dekouvèt sa, ke yo rele rè oswa liy spektral.


Pou nou ka byen konprann spektwoskopi, fòk dabò ou konnen ke nan yon atòm, ki gen elektwon kap vire otou nwayo li, ebyen, elektwon an ka chanje nivo pa rapò a kote li te ye a. Li ka al nan yon nivo ki pi wo si li jwen enèji pou li absòbe, konsa tou si se li ki bay enèji, kidonk li emèt limyè, elektwon a al nan yon nivo ki pi ba.


Selon ke gen limyè ki sòti oswa antre nan mouvman elektwon an, astwonòm yo pral detekte yon seri de tras ki klere oswa ki nwa, e se teknik sa yo rele spektwskopi, ki pral ede nou eksplike dinamik koule limyè ki parèt nan yon gaz, selon tanperati gaz la.


Limyè ki sòti nan lespas pou rive jwen nou sou Latè pote yon seri de enfòmasyon ke nou ka jwenn nan analyz seri de tras sa yo ki mache avèl; yo rele tras sa yo rè oswa liy spektral. Ansanm limyè a ak rè yo, astwonòm yo rele li spectre.


Ann dil ankò : liy spektral kreye swa lè yon gaz absòbe oswa emèt limyè. Se nan pase a travè gaz ki nan atmosfè zetwal la, ke limyè a tou vin gen liy spektral yo;


Konsa tou, se nan voyaje nan lespas, nan sa astwonòm yo rele milieu interstellaire, ak menm nan pase a travè atmosfè Latè, ke tout liy spektral yo pral ajoute youn aprè lòt nan limyè kap vin jwen nou sou Latè.


Kidonk, pou ou vrèman analize liy spektral yon zetwal, fòk ou konprann sa, pou retire tout liy ki pa sòti nan zetwal la. Konsa, liy spektral ki rete yo ap bay astwonòm yo bon jan enfòmasyon sou konpozisyon chimik ak tanperati atmosfè zetwal li tap etidye a.


Nou ka konprann donk gen yon bann ak yon pakèt spectre stelè. Gen kèk spectre stelè ki di a klè ke se rè absòbsyon idwojèn, konsa tou gen lòt ki bay enfòmasyon sou Ca ak Fe; gen lòt spectre toujou ki parèt ak liy byen laj, spectre sa yo, se molekil ki fè yo parèt, molekil tankou oxyde de titane.


Se apati de spectre sa yo ke astwonòm yo jwen tout enfòmasyon sou zetwal kote limyè a sòti, sitou enfòmasyon sou tanperati sifas yo.


Si nap gade ka idwojèn nan ki se gaz ki pi abondan nan yon zetwal, liy spektral li pa klèman vizib nan spectre chak zetwal, kidonk, li pa parèt tankou yon liy ki nwa anpil.


Tout bagay sa yo, se paske fòs yon rè oswa yon liy spektral depann de tanperati zetwal la, an patikilye de tanperati sifas li. Se depi nan lane 1920 ke yon seri gran save tankou Cecilia Payne ak Meghna Saha te rive eksplike poukisa liy spektral idwojen nan varye konsa selon tanperati sifas zetwal yo.


Sonje, mwen te di nou talèa ke lè elektwon an jwen enèji, li absòbel e li pase a yon nivo ki pi wo nan atòm nan; e plis li jwen enèji, plis li absòbe, kidonk plis li bay gwo liy absòbsyon ki parèt laj e nwa nan spektwoskopi a. Liy ki visib nan spectre idwojèn yo, yo rele yo liy de Balmer, sitou apati de nivo 2 nan pozisyon elektwon nan atòm nan; bon nap pale de liy de Balmer spesyalman nan yon lòt videyo.


Sam vle fè nou wè la, seke selon tanperati yon zetwal liy spektral idwojèn li diferan. A 10 000 K, li jwen enèji pou li bay gwo liy nwa sou spectre la. Men konsa tou, si enèji a tròp pou li, elektwon an tou rache sòti nèt nan atòm nan ki tou vin sa yo rele yon ion, sa vle di li pa absòbe enèji ankò, kidonk pa gen liy spektral ankò.


Konsa tou, si tanperati a pi ba ke 10 000 k, pa gen ase enèji pou absòbe, e se konsa ke se ti liy spektral ki kreye, yo pa laj.


Sa nou di la, se sitou pou idwojèn ki se eleman chimik ki pi prezan nan yon zetwal, men fenomèn liy spektral sa fèt sou tout atòm ki nan atmosfè zetwal yo, paske yo tout ap sibi efè tanperati li. Biensur, pozisyon ak gwosè liy spektal chak atòm diferan nan rezilta analiz spektwoskopik la.


Jan nou sot wèl la, spektwskopi a pèmèt ou gen enfòmasyon sou tanperati sifas zetwal la, selon jan liy spektral la parèt, sitou liy spektral idwojèn ki se matyè ki pi abondan nan zetwal yo.


Mèsi anpil.

Non pam se Captain Astro.

Ou ka jwenn mwen sou nimewo sa: 38407775

Ou ka ede nou tou sou MonCash ak menm nimewo sa.

Nou di ou Mèsi deja.

A bientot.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune