Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Konstelasyon Colonb, Epizòd 21


 Konstelasyon Kolonb

Non laten : Columba

Asansyon dwat : ant 75 degre e 98,75 degre

Deklinezon : ant -45 degrés e 27,25 degre

Kolonb se yon ti konstelasyon nan emisfè sid ki twouve l nan sid gran chen an e lyèv

Istwa mitolojik 

Kolonb se yon konstelasyon yo dekouvri sa pa gen twò lontan, se Johann Bayer nan lane 1603 ki te entwodui l pami konstelasyon yo. Li reprezante kolonb oswa pijon Noye te voye a,  poul te konnen si dlo delij la t ap diminye. Sandout se raprochman  l ak ansyen konstelasyon Navi Ago a ki alorijin de non sa.

Reperaj konstelasyon an

Kolonb sitiye l nan sidwès gran Chen an e nan Nòdwès  Canopus.

Fòm konstelasyon an 

Konstelasyon an briye yon tikras piti, e l pa degaje yon fòm presi . Lè w ap obsève konstelasyon an, ou dwe travay imajinasyon w, epi apati zetwal ki pi klere yo, ou trase yon zwazo k ap vole 

Etwal prensipal 

Zetwal ki pi briyan nan konstelasyon an se  Phakt (alpha col). Se yon sou jeyant Ble, ki gen yon mayitid aparan 2,6. Li gen yon tanperati apeprè 31000k

Sous: https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Colombe_(constellation)

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune