Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Message de support de la SHA pour ses compatriotes du Grand Sud Haitien

Société Haitienne d'Astronomie ap renouvle senpati li pou tout moun nan Gran Sid la, nan okazyon gwo lapèn sa, swit a tranblemandetè 14 Dawout 2021 an.


Se tout zantray nou nou santi ki an apezantè, kap rache, lè nou pran nouvèl tout dega sou moun ak materyèl ki rive yo. Tout peyi a avèk nou e nou pataje soufrans nou d'une manière ou d'une autre.


Men se okazyon, pou nou menm, otorite yo, ak tout rès peyi a, poun pa bliye ankò yon lòt fwa ke ap gen lòt katastwòf natirèl ankò. Mwen pa divinò, ni profèt, mwen pa konn ki lè sa ap fèt, men an tan ke astwonòn, kidonk syantifik, apati de prèv egzistans fay ki travèse teritwa nasyonal la, nou konnen sa ap fèt ankò: tranblemandetè, se yon fenomèn natirel, men ann bat poul pa katastwof natirèl ankò, pa jan li ye dabitud nan peyi nou Haiti.


E, nou swete tou ke strikti sanitè nou ta pi byen prepare pou ede viktim yo alavni, poun pi byen prepare jan nap konstwi, jan nap plase kay yo tou. Nan peyi nou, nou gen plizyè risk de katastwòf natirèl, tankou siklòn, inondasyon, tranblemandetè, epidemi, ak lòt ankò...


Nou swete tou ke, anplis de sektè teknik la, sektè politik la ta ede nou plis nan preparasyon n, paske lasante ak lavi Haitien enpòtan anpil.


Dr Rulx Narcisse, Prezidan Société Haitienne d'Astronomie, nou ka jwenn nou sou WhatsApp nan nimewo 38407775.




Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune