Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Konstelasyon Kouwòn Boreyal (Corona Borealis), Epizòd 22


 

Konstelasyon Corona Borealis lan gen yon fòm ak-de-sèk oswa yon kouwòn .  Se pou rezon sa menm ki fè ansyen astwonòm yo te rele l Konsa. Nan mitoloji grèk la Konstelasyon sa reprezante kouwòn Ariane te resevwa kòm kado nan moman maryaj li ak Dionysos.


Youn nan mwayen nou ka repere l nan syèl la leswa se lokalize gwo lous la (grande Ourse)  epi suiv pwolonjman manch gwo kaswòl la (Grande Casserole)  ki chita anndan gwo lous la, lè w pwonlonje l, w ap vin tonbe sou kouwòn nan. Fòm li fasil pou obsève ak Je , kontrèman ak yon parèy li ki nan sid yo rele kouwòn Ostral. Zetwa l ki pi briyan nan konstelasyon sa se Alpha Coronae Boralis ki gen yon non pwòp ak li ki se Alphecca.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune