Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

kijan sistèm solè nou an te fòme?




Jodia, nou pral pale de kijan sistèm solè nou an te fòme

Medam, mesye, bonjour, bonsoir. Mwen kontan la avèk nou jodia pou nou fè yon ti pale sous syans astwonomi. Si ou pat ko fèl, abone kounyea a chanèl nou an pou pa rate lòt epizòd yo, pa bliye liker ak pataje ak lòt moun ou konnen ki ka enterese a astwonomi. Pwoche pi pre pou tande ak wè sa nou pote pou ou jodia.

Sistèm Solè nou an gen yon zetwal ke nou rele Solèy, ak 8 planèt kap gravite otou de li, ak lalin yo, pou planèt ki genyen. Sistèm Solè a gen tou planèt nèn, astewoyid, komèt, meteowoyid ak pousyè tou.

Fò nou pa konfonn orijin Sistèm Solè a ak orijin Linivè, yo pa fèt men lè, Linivè te la byen avan, savledi depi 13,8 milya ane. Sistèm Solè a, se sèlman 4.6 milya dane li genyen, e se gras ak eleman lou ke lòt zetwal ki te la avan te lage nan lespas ke Sistèm Solè Solè a pral fòme. Okòmansman Linivè, pat ko gen eleman lou sa yo, se pito idwojèn (H), elyòm (He) ak anpe lityòm (Li) ki te genyen sèlman.


Kidonk, gen 4.6 milya dane, te gen yon gwo nyaj ki tap vire, vire, vire sou limenm. Nyaj sa te vin aplati, tèlman li tap vire, e li te gen ladann gaz, glas ak pousyè. Astwonòm yo rele'l “nebilez solè”. Se gras ak gaz, glas ak pousyè ki te nan nebilez sa ke planèt yo ak lòt bagay ki nan Sistèm Solè a te fòme, pandan you tap vire otou yon zetwal ki tap fòme tou, sa ke astwonòm yo rele “pwoto-Solèy”


Sistèm Solè a gen 2 kategori planèt: 1o, telirik yo ki gen Mercure, Venus, Terre e Mars; epi 2o, gen jeyant yo ki fèt ak gaz sitou, tankou Jupiter ak Saturne; gen tou, pami jeyant yo, Uranus ak Neptune ki fèt sitou ak glas. Yon bann ak yon pakèt ti kò yo rele astewoyid ap òbite nan mitan 2 kategori planèt sa yo. Zòn ki pi lwen astewoyid yo, astwonòm yo rele'l tou Sistèm Solè externe, e limit ki separe'l de Sistèm Solè entèn nan, yo rele'l “ligne de glace”.


Nan zòn sou anndan liy de glas la, pwoto-Solèy la te vaporize e pouse gaz yo sòti al nan rejyon externe nan. Kidonk nan rejyon externe nan, te gen a la fwa gaz yo ak pousyè yo. Pa bliye, gaz yo, se te sitou idwojèn ak elyòm.


Se konsa ke Jupiter ak Saturne, jeyant gazez yo, aprè yo fòme nwayo yo ak wòch ak metal, te rale sou yo anpil nan gaz sa yo ak yon bon valè dlo tou.


Kanta pou planèt Uranus ak Neptune, yo te fèt dabò tou ak wòch ak metal, men aprè sa, yo atire plis dlo ak mwens idwojèn ak elyòm ke lòt planèt jeyant yo.


Selon yon modelizasyon numérique ke astwonòm yo rele “Modèle de Nice”, pami planèt jeyant yo se Jupiter ki ta fèt an premye, epi Saturne, Neptune ak Uranus. Se ta fòs gravitationnelle planèt Jupiter ak Saturne ki ta pouse Neptune ak Uranus nan pozisyon yo ye kounyea.


Pou planèt entèn yo, savledi planèt telirik yo, ki fèt sitou ak metal ak wòch, yo ta fèt aprè ke 4 jeyant yo te fèt. Se yon seri de kolizyon san rete ak yon pakèt ti kò ki te ka gen gwosè Lalin nou an ki te fini pa fòme planèt sa yo.


Astwonòm yo pral konprann tou ke Jupiter sitou, ak Saturne tou, te gen yon òbit ki te pi eksantrik, sa ta pral pèmèt yo pran wout pou antre anndan rejyon entèn Sistèm Solè a; sa te gen anpil enpak sou kwasans planèt Mars ak yon lòt planèt ki te komanse ramase matyè poul te fòme tou. Men dènyè planèt sa pat rive fòme vre paske presans Jupiter te fè matyè yo gaye al pi lwen. Gras ak atraksyon Saturne ki tap swiv li nan migration interne sa, planèt Jupiter te kanpe wout li e te fè bak pou li te rale kò'l nan rejyon entèn la.


Pandansetan menm, fòmasyon Solèy la ap kontinye nan mitan nebilez la. Aprè anviron 100 milyon ane, tanperati nan nwayo pwoto-Solèy la vin tèlman wo jiskaske reyaksyon fizyon nikleè resi rive kòmanse.


Pandan 800 milyon ane aprèsa, se te enpak astewoyid ki tap pede fèt sou planèt ki te fèk fòme yo.


Se konsa ke planèt yo pral pran plas yo au fur et à mesure le temps ap pase pou nou vin jwenn yo jan yo ye jodia, avèk tout lòt konpozan Sistèm Solè a.


Mèsi dèske ou te rete tandem jiskalafen. Nom pam, se Captain Astro, yon astwonom pwofesyonèl nan Société Haitienne d'Astronomie. Depi ou gen kestyon sou sa ou sòt tande la, oswa sou lòt sijè astwonomi, pa ezite kite kòmantè, ekrim sou rezo sosio yo oswa email. Ou ka telefonem tou nan 50938407775. Wap jwen detay nan deskripsyon epozòd sa, anba. Si ou apresye epizòd sa e ou ta vle ede nou, ou ka fèl pa MonCash sou menm nimewo a: 50938407775. Pa blie abone, liker ak pataje pou nou fè astwonomi an kreyòl jwenn plis moun lakay. A byento.

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune