Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Non Ayiti ap nan lespas anko an 2023

Non Ayisyen ap yon lòt fwa ankò nan lespas.

#HaitianExoworlds #HaitiInSpace #HaitiInSpaceAgain #AyitiNanLespas #NameExoworlds2022 #IAUoutreach
Konpatryòt myen yo, tande: Menmjan sa te fèt an 2019, yon lòt okazyon rive pou nou bay yon zetwal ak tout egzoplanèt li yon non natif natal. Ann rasanble an gwoup zanmi oswa yon lekòl, yon legliz, yon lakou oswa kòlèg nan yon ensitisyon,; chak gwoup sa yo ap chwazi non ki mache nan san yo pou nou bay objè sa yo nan lespas. Société Haitienne d'Astronomie la pou ede nou nan konprann kisa ki yon egzoplanèt e kijan pou'n ta fè chwa non pou'n bali. Se Union Astronomique Internationale kap resevwa non sa yo direkteman jouk nan dat 11 Novembre 2022 sou Internet nan adrès sa: https://bit.ly/2022NameExoWorlds . Société Haitienne d'Astronomie ap asiste'l nan chwa definitif la kap sòti jou kap 20 Mars 2023. Se konsa ke Ayiti ak gwoup Ayisyen ki te bay non sa ap chanpyon nan konkou entènasyonal sa.

Pa blye, avan dat 11 Novembre 2022 an, ki se dat limit pou kominote kap patisipe yo voye non yo chwazi yo ale sou Internet, Société Haitienne d'Astronomie la pou rankontre nou pou chak gwoup òganize kijan e kòman yap chwazi non pou Ayiti. Pa bliye nonplis, se yon konkou entènasyonal, e fòk Ayiti jwen plas li ankò nan lespas, menm jan ak zetwal Citadelle ak egzoplanèt li Indépendance nan lane 2019.


Pou plis infòmasyon kontakte Comité ExoWorlds Haiti nan nimewo sa yo, swa dirèkteman, swa sou WhatsApp oswa Telegram: 38407775 , 43290691 https://haitiastronomie.blogspot.com/p/exoworlds-haiti-2022.html



Tout #Ayisyen gen dwa chwazi non pou #planèt, depi ou chwazi fèl an kominote, ansanm ansanm.

Pwopoze non natif natal pou yon #egzoplanèt ak tout zetwal li. https://youtu.be/D3FcK05eyCg

Se Union Astronomique Internationale kap resevwa non sa yo direkteman jouk nan dat 11 Novembre 2022 sou Internet nan adrès sa: https://bit.ly/2022NameExoWorlds . Société Haitienne d'Astronomie ap asiste'l nan chwa definitif la kap sòti jou kap 20 Mars 2023. Se konsa ke Ayiti ak gwoup Ayisyen ki te bay non sa ap chanpyon nan konkou entènasyonal sa.

Pa blye, avan dat 11 Novembre 2022 an, ki se dat limit pou kominote kap patisipe yo voye non yo chwazi yo ale sou Internet, Société #Haitienne d'#Astronomie la pou rankontre nou pou chak gwoup òganize kijan e kòman yap chwazi non pou Ayiti. Pa bliye nonplis, se yon konkou entènasyonal, e fòk Ayiti jwen plas li ankò nan lespas, menm jan ak zetwal #Citadelle ak egzoplanèt li #Indépendance nan lane 2019. #Haiti #HaitianExoworlds #HaitiInSpace #HaitiInSpaceAgain #AyitiNanLespas #NameExoworlds2022 #IAUoutreach


Pou plis infòmasyon kontakte Comité #ExoWorlds Haiti nan nimewo sa yo, swa dirèkteman, swa sou WhatsApp oswa Telegram: 38407775 , 43290691 https://haitiastronomie.blogspot.com/p/exoworlds-haiti-2022.html

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune