Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Yon ti pale ak yon astwonòm pwofesyonèl Ayisyen...

Text in English            Teks an Kreyol Aysyen

John Maksen Larose:

Bonsoir Dr Rulx

Nan okazyon 100èdtan Astwononi ane sa, nou kontan rejwenn ou pou fon ti pale de evènmant sa,

Toudabò di nouKijan ou ye?
Epi Eske ou ka fè Yon ti pale de ou e esperyans ou antake astwonòm pwofesyonèl


Captain Astro:
Mèsi anpil M. Larose dèske ou ede nou pwofite de okazyon sa, 100èdtan Astwononi, ke UAI pote pou nou. Eske mwen byen? Bon, ou konnen nan moman sa, pa gen Ayisyen, an Ayiti oswa nan diaspora a, ki ka di li byen, pou jan kriz sosyiopòlitik la ye lakay. Lilè pou bagay you chanje toutbon! E sa va pèmèt jèn yo devlope kiryozite santifik yo finalman. Paske mwen rankontre anpil Ayisyen parèy mwen ki enterese anpil anpil a la syans an jeneral, a astwonomi spesyalman, men yo bloke nan chèche bezwen fondamantal yo, savledi surviv, sekirite nan tout bagay. Li menm difisi pou yo fini yon ane akademik nòmalman. Tout bagay sa yo fèm pa ka byen...okenn nan nou pa ka byen...e sa pa bon pou devlope rèv mwen: devlope astwonomi an Ayiti.

Mwen se yon Expert en Astronomie diplomé de Bircham International University depi 2018, men m'ap fè astwonomi depi lè m'te gen 12 zan ak papa'm. Antan ke astwonòm pwofesyonèl kounyea, mwen evolye sitou nan sektè pwomosyon ak sansibilizasyon astwonomi nan antouraj mwen, kel te kominotè a, lekòl, media oswa inivèsite. Men, mwen sitou ap oryante'm vè yon strateji pou enplante fòmasyon inivèsitè pwofesyonèl pou fizisyen ak astwonòm an Ayiti ak sou kijan pou òganize sektè pwofesyonèl sa nan peyi a. Sa ta vle di tou pou'n ta pase nan wo nivo leta a pou'n ta enfliyanse pozitivman nan sans sa. Paske se ta sèl garanti ke sa n'ap eseye fè la pa ta rete sèlman pou yon ti gwoup moun, yon ti gwoup zanmi astwonòm. Antan ke astwonòm pwofesyonèl, vizyon'm, se pou nou gen yon gran kominote astwonòm “productive” assurant non seulement la relève mais aussi la permanence de la recherche fondamentale et appliquée en astronomie.

Se nan kad sa ke mwen komanse ak asosyasyon Soci
été Haitienne d'Astronomie k'ap eseye fè promosyon ak sansibilizasyon nan astwonimi ak tou fome yon rezo club astronomie pou fè menm travay sa. Union Astronomique Internationale bannou back-up teknik pou nou fè kèk aktivite. Club d'Astronomie de Tabarre se youn nan club ki pèfòman nan travay sa gras a ou M. Larose.



John Maksen Larose: Nou te kontan pou bèl ti rale sa, merci anpil Dr Rulx
Kounya Eske ka ede nou konprann poukisa nou selebre 100 èdtan astwonomi nan mond lan


Captain Astro:
100 èdtan astwonomi se yon aktivite UAI lanse chak ane pou mobilize kominotè astwonòm yo a travè lemond antye, paske noutout anba yon sèl syèl. Kominote astwonòm sa, se pa pwofesyonèl sèlman non, se astwonòm amatè, jèn gason ak jèn fanm ki ta renmen konnen sa kap pase anlèò a, nan syèl la, e menm sou Latè. Nap tann tout kategori moun, etidyan, profesè, travayè e latrye. Tout kategori pwofesyonèl ladann, depi ou gen kiryozite.


Epi, se okazyon tou pou'n fè moun yo konnen ke nou pa poukont nou, nan jan aktivite sa: lemond antye ap obsève syèl , nou tout anba yon sèl syèl, noumenm Ayisyen, nou anba menm syèl sa tou menmsi nou chache ak pwoblèm. Astwonomi se pou tout moun, menm Aysyen! Menmsi nou poko gen obsèvatwa, menmsi nou poko gen depatman inivesitè pou astwonomi, memsi nou poko voye anyen nan lespas, noumenm Aysyen, kelte timoun, jèn oswa granmoun, nou vle la paske astwonomi se pou tout moun!


Nap raple nou, nan lane 2019, malgre tout pwoblèm sosyopolitik ke peyi a t'ap travèse (e ke'n kontinye ap travèse jiskanojou), jèn Ayisyen yo te rive mobilize pou bay e chwazi pami plizyè non ki sòti nan kilti nou ak listwa nou pou'n te bay yon zetwal (HD1502) ak yon egzoplanèt (HD1502b). Depi lèsa, e UAI rekonèt li, zetwal la rele “Citadelle” & egzoplanèt li rele “Indépendance”. An 2022, UAI fèk lanse yon edisyon tou nèf ki rele NameExoworlds 2022


John Maksen Larose: Nou byen kontan ou vini sou NameExoWorlds 2022.
Eske w ka fè Yon ti rapèl sou kijan nou ka aplike pou konkou NameExoworlds 2022 an.


Captain Astro:
Nan edisyon NameExoworlds 2022, gen yon aspè kominotè pou nou konprann byen: se pa yon sèl moun k'ap aplike, men yon gwoup ki met ansanm pou chwazi yon non ki sòti nan kilti ak listwa nou ankò. Nan pwosesis pou'l chwazi non sa yo, fò gwoup la rasanble'l ak kominote ki pre'l yo pou'l ekplike kisa ki egzoplanèt e poukisa se non sa yo pra'l voye nan konkou a. Tout etap sa yo enpòtan pou fè Biwo Sansibilizasyon UAI konnen a travè videyo ak lòt media. Tout dokiman sa yo fèt pou rive jwenn UAI avan dat 11 novanm 2022, swa pa email, swa pa fòmilè an liy. Gen yon komite Nasyonal ki la pou ede nenpòt ki gwoup ki ta deside ede Ayiti reyisi yon fwan ankò, tankou an 2019, nan konkou entènasyonal sa. Se nan dat 20 Mars 2023 ke UAI ap bay rezilta final la.

Li enpòtan pou'n sonje ke se yon konkou entènasyonal e se 20 sistèm egzoplanetè ki disponib. Si nou pa mache prese e si nou pa chwazi bonjan non ki sòti nan kilti ak listwa nou, e sitou nan lang natif natal nou, nou ka pa menm asiste tiraj. Mwen konnen nou menm Aysyen nou kapab montre sa nou ka fè, depi yo bann opòtinite! Mwen konnen ke entelijans ak lespri nou pa gen fwontyè, paske nou gen “l'Univers pour Frontière!”


Merci anpil Captain Astwo
Nou te kontan Akeyi w sou platfòm nou nan okazyon evènmant 100 èdtan astwonomi an

-----------------------------


Yon ti pale ak yon astwonòm pwofesyonèl Ayisyen...

 https://youtu.be/vfRKtjjq02w

Realisé par l'Équipe NOC Haiti, Club d'Astronomie de Tabarre et la Société Haitienne d'Astronomie.

Octobre 2022.


Musique: Catalyst, Epic Music Orchestra CC – par Scott Buckley

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune