Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Ann dekouvri syèl la ak Captain Astro

 






Ann gade ansanm kijan syèl la ye lè swa.

Yon ti koze sou syèl la lè swa


(Entwodiksyon)

Jodia nou pral gad ansanm, rapidman souple, kijan syèl la ye lè swa, lajounen tou wi...nou pral wè. Nou pap antre nan gwo detay...n'ap repale sou kèk detay nan yon lòt video spesyal. Nou pral wè, jodia, kèk mouvman peryodik nou rive konstate sou Latè ak nan syèl la e ki rapò youn gen ak lòt. Kidonk, nou pral pale de, anplis de syèl la dirèkteman, cyles terrestres yo, sezon yo, faz Lalin yo ak eklips yo, e finalman n'ap fe yon ti rale sou gwosè Linivè.


Mwen rele Captain Astro, abone'w a chanèl Sociétè Haitienne d'Astronomie a kounye a pou pa bliye, epi pwoche pi pre pou tande oswa wè sa nou pot' nan djakout nou pou ou jodia.


Pou bi byen eksplore syèl la, astwonòm yo divize'l an 88 rejyon oswa konstelasyon ki pa gen menm gwosè, sa pèmèt yo navige nan syèl la e lokalize zetwal yo pi fasilman. Se Union Astronomique Internationale ki te vinn ak sistèm rejyon sa yo nan syèl la depi nan lane 1930.

Limit rejyon sa yo apiye yo sou liy Asansyon Dwat yo ak Delinezon yo. Biensur, liy sa yo, ki nan sistèm de koòdone ekwatoryal sa ki sou sfe selès la, pa janm chanje, li pito deplase ak zetwal yo, kidonk frontyè rejyon konstelasyon yo toujou rete stab.


(Cycles terrestres)

Sfè selès la, sa vledi gwo boul transparan ki sanble vlope tout Latè, ap vire toutotou Latè selon yon cycle lajounen-nannwit. Se yon mouvman aparan paske anreyalite se Latè k'ap vire sou limenm, yon mouvman nou rele wotasyon, se mouvman sa ki fè rejyon konstelasyon yo parèt ap bouje pou fè tou Latè. Lajounen ou pa wè konstelasyon yo, akoz limyè Solèy la ki twò fò, men yo la.

Sfè selès sa gen pol nò ak sid tou menmjan ak Latè, dayè yo se pwojeksyon aks wotasyon planèt la. Menmjan tou, gen ekwatè selès, pwojeksyon ekwatè terès la sou syèl la, kidonk sou sfè selès la.


(Sezon)

Ann pale de sezon yo.

Pa rapò ak plan òbit terès la, ke astwonòm yo rele plan ekliptik, aks wotasyon Latè panche de 23.5o. Se panche sa, kidonk enklinezon li, ki pral lakoz gen sezon sou planèt nou an.


Solèy la ap mache sou sfè selès la pandan lajounen, e lè swa se konstelasyon yo ki parèt pito. Lajounen, konstelasyon yo la wi, men, jan'm sot di nou an, Solèy la tèlman klere syèl la, ou pa ka wè limyè zetwal yo ki fòme asterism yo, ki se desen de baz konstelasyon yo.

Wout Solèy la parèt fè nan syèl la, astwonòm yo rele'l ekliptik, paske li sou plan ekliptik la. Se akoz enklinezon aks wotasyon planèt la, jan nou te eksplike'l talèa, ke Solèy la parèt ap' mache konsa sou sfè selès la. Se konsa ekliptik la pral kwaze ak ekwatè selès la kote ki enpotan anpil pandan Latè sou òbit li outou Solèy la. Pwen kwazman sa yo rele Ekinòks ak Sòlstis, pandan peryòd planèt la ap travèse zòn sa yo sou òbit li, dire lajounen ak nannwit yo varye selon ke Solèy la parèt pi wo oswa pi ba nan syèl la. Fenomèn sa pral inflyanse sezon yo.


Direksyon aks wotasyon Latè pa fin fiks nèt. Li enkline de 23,5o, nou te di'l deja, Angulation inclinaison axe la pa chanje, men axe la globalman, ak tout planèt la biensur, chanje toudousman avèk letan. Anpil anpil tan. La fò byen konprann...se pa angle enkinezon planèt la ki chamje avèk lè tan, li toujou rete menmjan parapò ak ekliptik la, se direksyon aks wotasyon an ki chanje ti kras pa ti kras. Finalman, si ou ta fè yon similasyon akselere, ou tap wè aks wotasyon an k'ap vire tankou yon toupi. Men pou soti nan yon pozisyon, pou retounen nan menm pozisyon sa, li pran 26 000 lane. Astwonòm yo rele mouvman sa, ke yo te dekouvri depi Lantikite, preseswyon. Li fèt sou enfliyans fòs gravite Lalin nan ak Solèy la gen sou ranfleman ekwatoryal planèt nou an.

Yon jounen nèt dire an gwo 24 trè, se gras ak konbinezon wotasyon Latè ak tou revolisyon li outou Solèy la.


(Phases de la Lune)

Faz Lalin yo, se jan yo parèt pou nou sou Latè, lè ou ap' obsève syèl la.


Se pozisyon youn parapò ak lòt de Solèy la, Latè ak Lalin nan ki pral kreye yon seri de pwojeksyon limyè sou sifas Lalin nan.


E selon angle ou wè sifas lunaire a lè ou sou Latè, w'ap wè diferant faz, savledi bò kote Lalin nan ki klere alòske lòt bò ki pa klere a, ou pap wè'l. Lalin nan boukle faz yo sou yon mwa de 29, 5 jou, se sa yo rele mwa sinodik. Men si w'ap obsève pozisyon Lalin nan parapò ak yon zetwal nan syèl la kòm referans, w'ap jwenn cyle lunaire la dire an 27.3 jou pito; se sa astwonòm yo rele mwa sideral.


(Eklips)

Ann fe kounyea yon ti rale sou zafè eklips yo.


Souvan gen moun ki poze'm kestyon pou konnen si astwonomi ka eksplike fe nwa nèt sou Latè pandan lontan, des années même??! Si gen yon kouch pousyè ki rive monte nan nivo nwaj yo e anpeche reyon limyè Solèy la antre sou Latè, wi sa ka rive, tankou sa te fèt, gen 65 milyon dane, lè yon gwo meteorit te frape Latè, sa te lakoz anpil pousyè ak wòch ki soti nan enpak la te monte rive nan nyaj yo. Anpil dega te fèt e te fini pa touye rès donozò ki te siviv a enpak la. Pa gen limyè, pa gen fotosentèz, chèn alimantè a detwi, pa gen manje, prèske tout bagay mouri...se sa yo rele extinction de masse.

Men andeyò de sa, pa gen fè nwa pandan lajounen ki ka dire plis ke 6 minit. Menm la ankò, fò'w konprann ke sa ka fèt lè yon eklips solè sèlman, yon bagay ke ou ka obsève nan syèl la, lajounen, lè Lalin nan pase devan Solèy la e li bouche'l pandan ti tan sa.


Se pase Lalin nan a'p pase, li pa rete devan Solèy la, se poutèt sa yon eklip solè pa dire lontan, e gen kondisyon spesyal sou òbit Lalin nan pou fenomèn sa reyalize. Antouka, se yon fenomèn ki merite pou obsève nan syèl la lajounen, avèk prekosyon souple pou pa tou pete je'w. Fòk ou gen linèt sètifye ki fèt pou sa. Pandan Lalin nan ap pase devan Solèy la, savledi nan espas nan mitan Latè ak Solèy la, li bouche limyè Solèy la, sa se youn, men dezyèmman, aksyon sa fè ke lonbraj Lalin nan rive jwenn Latè; se lonbraj sa ki lakoz fè nwa sa sou Latè pandan ti tan m'te di nou an. Men gen plizyè kalite lonbraj! Gen lonbraj ki pwès, genyen ki pa fin twò pwès yo rele sa an Francais “pénombre”. Lonbraj ki pa fin twò pwès la, ou ka rive jwen li lè gen yon eklips solè ki pa fin bouche tout Solèy la nèt oswa youn ki bouche'l nèt men kote w'ap obsève a pa nan zòn ki reseva lombraj pwès la.


An gwo w'ap konprann ke eklips solè a fèt lè Solèy la, Lalin ak Latè aliye yo sou plan ekliptik la, kote Lalin nan trouve'l entre Solèy la ak Latè. Konsa tou, lè Lalin nan deplase, li vin nan pozisyon dyametralman opoze kote se Latè ki trouve'l pito entre Solèy la ak Lalin nan, ou vin gen yon lòt fenomèn ki rele eklips linè. Se yon fenomèn kote reyon Solèy la pa vrèman rive jwen Lalin nan alòske li an faz Pleine Lune kote li ta sipoze klere anpil. Se sèl limyè ki travèse atmosfè Latè ki rive sou Lalin nan, men nan travèse atmosfè Latè, limyè a tou vin wouj. Se konsa lè gen eklips linè, Lalin nan vin tou wouj! Nan tan lontan, yo te konn pè lè yo wè Lalin nan vin wouj konsa, men gras ak konesans astwonomik, lèzon vin deplizanpli konprann fenomèn natirèl sa.


(Astwonomi se yon bagay ki très astronomique!)

Nan obsève syèl la, nou wè anpil bagay sou Solèy la, Lalin nan, ak zetwal yo, men zetwal yo lwen anpil anpil. Linivè, ki gen tout bagay, gwo anpil anpil, anpil; yo konn di li enfini menm...Bon, yon spesyalizasyon nan astwonomi ki rele kosmoloji ap reflechi e travay sou kestyon grosè Linivè sa. Detoutfason, sa pou nou konprann depi kounyea, nan zafè mezire bagay ki dans le monde oswa Linivè, syantifik yo oblije itilize yon seri de mezi spesyal yo rele, biensur, mezi syantifik. Yo sèvi ak yon seri de chif ki gen pwisans 10, savledi miltipliye par 10 exposant yon lot chif, jan nou konn wè'l an matematik. Kidonk, pa zesi si ou wè yon seri de gwo chif ak yon pakèt zero aprè'l, oswa ki miltipliye pa 10 ak gwo exposant. Dèfwa menm, yo oblije itilize yon seri inite ki rasanble anpil gwo chif tankou Unité Astronomique (UA) ki koresponn a 150 milyon kilomèt, ou byen ankò année-lumière ki koresponn a 40 mil milya kilomèt. Galaksi nou an, poukont pa'l, mezire 100 000 année-lumière, e gen lòt galaksi ki pi gwo e pi lwen....Bon, ann kanpe la pou'n rale yon ti souf, paske dosye astwonomi se yon bagay ki très astronomique!


(Konklizyon)

Bon, m'espere entèvansyon Captain Astro a pat twò long kote nou tap gad ansanm kèk bagay ou ka rive wè nan syèl la leswa, e menm lajounen, ak kèk detay sou kijan fenomèn sa yo fèt.


Si ou gen kestyon, voye yo pou nou nan espas komantè yo oswa nan +50938407775. Gad nan deskripsyon an, anba pou detay.


Pwoteje sante w, liker, abone'w, pataje e n'ap kase randevou pou yon lòt lè sou chanèl Société Haitienne d'Astronomie a, swa an audio, swa an video.


A bientot.

èò

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune