Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Foto Astwonomi Jounen an: 11 fevriye 2025


Yon Ane Tach Solè
Kredi Imaj: NASA, SDO; Pwosesis & Copyright: Şenol Şanli & Uğur İkizler; Tèks: Cecilia Chirenti (NASA GSFC, UMCP, CRESST II)



Eksplikasyon: Konbyen tach solè ou ka wè? Imaj santral la montre anpil tach solè ki te fèt an 2025, mwa pa mwa otou sèk la, epi tout ansanm nan gwo imaj santral la. Chak tach solè refwadi mayetikman e se konsa li parèt nwa -- e li ka dire plizyè jou rive plizyè mwa. Malgre ke imaj yo ki prezante la soti nan Solar Dynamics Observatory (Observatwa Dinamik Solè) laNASA , tach solè yo ka fasil pou wè ak yon ti teleskòp oswa longvi ki ekipe ak yon filtè solè. Gwoup tach solè ki trè gwo tankou AR 4366 ki fèk fèt la, ou ka menm wè yo ak linèt eklips. Yo toujou konte tach solè yo ak je, men yo pa konsidere kantite total la kòm egzak paske yo chanje epi yo kraze souvan. Ane pase a, 2025, te koresponn ak yon maksimòm solè, peryòd aktivite mayetik ki pi entans pandan sik solè 11 ane li a. Solèy nou an rete enprevizib toutjan, tankou lè li emèt erupsyon solè ki pral gen enpak sou Latè, ak tou kijan pwochen sik solè a pral aktif.

Se Manzè Ruth Maximen ki prepare dokimantasyon sa apati tradiksyon ki fèt ak paj sa: https://apod.nasa.gov/apod/


Foto Astwonomi Jounen an: 11 fevriye 2025

Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune