Foto Astwonomi Jounen an: 22 fevriye 2026
Eksplikasyon: E si ou te wè lonbray ou sou Mas epi li pa t parèt sanble ak yon moun? Nan ka sa a, ou te ka tankou rover Opportunity k ap eksplore Mas. Opportunity te eksplore Planèt Wouj la soti 2004 rive 2018, li te jwenn prèv dlo ansyen, epi li te voye imaj mayifik atravè Sistèm Solè enteryè a. Foto isit la an 2004, Opportunity gade anfas Solèy la nan Kratè Andirans lan epi li wè pwòp lonbray li. Ou ka
wè 2 wou vizib anba agoch ak anba adwat, tandiske ou ka wè atè a
ak arebò kratè etranj sa parèt nan dèyè. Pran nan yon tanpèt pousyè an 2018, Opportunity te sispann reponn, epi NASA te sispann eseye kontakte li an 2019 epi li te deklare misyon inovatè a, ki te orijinèlman planifye pou sèlman 92 jou, fini.
Se Madam Ruth MAXOMIN ki prepare rubrik sa pou Société Haïtienne d’Astronomie.



Commentaires
Enregistrer un commentaire