Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Foto astwonomi jounen an: 12 Mars

 


Yon wotasyon prèske konplè de Uranus.

Pou la premyè fa, nou temwen planèt ekstèn Uranus ki vin yon vedèt devan sèn nan epi k’ap fè piwèt. Uranus se youn nan planet ki pi etranj nan Sistem sole a : li kouche sou yon boo’l tankou yon poul kap boukamnen sou yon bròch.


Video nou wè la fèt ak plis pase 1000 spèk ke yo te rive pran padan 15 zè san kanpe obsèvasyon gras ak yon zouti NIRSpec teleskòp James Webb genyen. Done yo bay enfòmasyon sou yonosfè Uranus ki se kouch yonize atmosfè’l k’ap entèaji anpil ak chan meyetik planèt la,


Koulè roz owò yo montre’n jan entèaksyon aks wotasyon Uranus ak aks mayetik li konplèks, yo pa aliye. Ou ka wè nyaj yo tankou ti pwen klere k’ap travèse jeyant glas la. Koulè soti nan ble pou rive nan wouj reprezante altitid soti depi nan pi ba pou rive nan pi wo, se konsa li rive montre yon vizyon tridimansyonèl tou nèf sou kijan enèji distribye nan atmosfè planèt la.


Nan imak ki sou bò goch la, ano Uranus la ankadre tout bagay nèt. Sa se rega ki pi detaye pou jous jounen jodia nou rive jwenn sou atmosfè Uranus.


Sous la, se paj sa: https://apod.nasa.gov/apod/




Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune