Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

KOTE LALIN NAN SOTI? (orijin Lalin nan)

 

Èske Lalin nan se sè Latè? Pitit fi li? Madanm li? Oswa èske yon kolizyon cosmic ki te fòme li?

https://youtu.be/gXLV22heo5g

Nan epizòd sa a, Captain Astro (Dr Rulx Narcisse) ap mennen Marie Sulfise Elisma ak Kenold Hyppolite, etidyan ENGA, nan yon ti ankèt syantifik sou youn nan pi gwo kesyon astwonomi yo:


 Kijan Lalin nan te vin la?


Ansamm, yo eksplore 4 gwo senaryo ki te pwopoze pou eksplike orijin Lalin nan:


🔭 Lalin kòm sè Latè : hypothèse de la co-accrétion

🌍 Lalin kòm pitit fi Latè : hypothèse de la fission

💫 Lalin kòm “madanm” Latè : capture gravitationnelle

💥 Theia ak l’impact géant : senaryo ki domine rechèch syantifik aktyèl la


Men videyo a pa sèlman rakonte istwa Lalin nan.


Li montre kijan syans fonksyone.


Kijan syantifik yo teste yon ipotèz?

Ki sa wòch Lalin yo revele nou?

Poukisa misyon Apollo ak Luna te enpòtan?

Epi, èske nou ka vrèman di nou konnen egzakteman sa ki te pase plis pase 4.5 milya ane de sa?


Avèk Marie ak Kenold, Captain Astro ap montre nou yon bagay fondamantal:


> Nan linivè a, istwa yo ka ekstraòdinè... men se prèv yo ki deside.


🌕 Gade videyo a, epi pwochen fwa ou gade Lalin nan, eseye imajine istwa li ap rakonte nou.


 Nan videyo sa a


Captain Astro – Dr Rulx Narcisse

Professeur, animateur ak gid syantifik


Marie Sulfise Elisma

Etidyan ENGA


Kenold Hyppolite

Etidyan ENGA


🎓 ENGA – École Normale de GGéologie Appliquée  / Université d'État d'Haïti

🔭 Société Haïtienne d'Astronomie (SHA)

🌎 IAU OAO Office of Astronomy Outreach  – National Outreach Coordination NOC HAITI 

🌎 IAU Office of Astronomy for Education – National Astronomy Education Coordination, Haiti



🌕 Pa sèlman gade Lalin nan. Aprann li.**


Commentaires

Phases de la Lune actuellement

La Lune