Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Kopènik: Poukisa li te mete Solèy la nan sant sistèm planetè a?

 

 

SÈN 1. OUVÈTI : YON KESYON KI CHANJE ASTWONOMI

CAPTAIN ASTRO :

Bonjou tout moun!

Byenvini nan ASTRO-ENGA, espas kote nou pran tan pou nou obsève syèl la, poze kesyon epi chèche konprann Linivè a avèk lasyans.

Mwen se Captain Astro, yon astwonòm pwofesyonel nan Société Haitienne d’Astronomie (SHA), epi tou pwofesè astwonomi nan ENGA : École Nationale de Géologie Appliquée.

Jodi a, mwen avek Dadson METHESIER, etidyan 3yèm ane nan ENGA. Nou pral pale de yon lide ki te chanje fason moun konprann plas Latè nan sistèm planetè a.

Dadson, si ou leve je w nan syèl la, kisa ou wè Solèy la ap fè pandan jounen an?

DADSON : Mwen wè l leve nan lès, li monte nan syèl la, epi li desann nan lwès. Sa fè moun panse se Solèy la k ap deplase toutotou Latè.

CAPTAIN ASTRO : Egzakteman! Epi se pa yon konklizyon ki te san sans. Se sa obsèvasyon chak jou te sanble montre. Men, èske sa nou wè toujou reprezante egzakteman sa k ap pase? Di m non !

DADSON : Non. Pa egzanp, lè m chita nan yon machin k ap deplase, mwen ka wè peyizaj la tankou se li k ap deplase nan sans kontrè a.

CAPTAIN ASTRO : Trè byen! Ou sot bay yon egzanp mouvman relatif. Se yon bon pwen depa pou nou konprann istwa Kopènik la.

SÈN 2. POUKISA LATÈ TE NAN SANT LAN?

CAPTAIN ASTRO : Pandan anpil syèk, anpil astwonòm te sèvi ak yon modèl kote Latè te nan sant sistèm syèl la. Modèl sa a asosye sitou ak lide Aristòt ak sistèm matematik Klod Ptoleme a. Dapre modèl jeyosantrik la, Solèy la, Lalin nan ak planèt yo te deplase toutotou Latè.

DADSON : Donk, se pa paske moun yo pa t konn reflechi. Yo t ap eseye esplike sa yo te obsève ak zouti yo te genyen.

CAPTAIN ASTRO : Se sa menm. Sistèm Ptoleme a te gen mekanis matematik konplike, tankou ti sèk yo rele episik. Yo te ede astwonòm yo kalkile pozisyon planèt yo, sitou lè planèt yo te sanble fè bak sou chemen yo nan syèl la.

DADSON : Men si modèl la te ka predi pozisyon planèt yo, poukisa li te nesesè pou chanje l?

CAPTAIN ASTRO : Paske yon modèl pa sèlman sèvi pou predi. Syantifik yo vle konprann tou ki aranjman ki esplike fenomèn yo pi byen, avèk mwens konplikasyon epi avèk plis koerans. Yon modèl ka itil san li pa bay pi bon eksplikasyon fizik la.

SÈN 3. KIMOUN KOPÈNIK TE YE?

DADSON : Captain Astro, pale m de Kopènik. Kimoun Kopènik te ye ?

CAPTAIN ASTRO : Nikola Kopènik te yon astwonòm polonè ki te viv ant 1473 ak 1543. Li te etidye matematik, astwonomi ak lòt disiplin. Li te travay pandan plizyè ane sou yon lòt fason pou òganize sistèm planetè a.

DADSON : Epi li te mete Solèy la nan sant la?

CAPTAIN ASTRO : Nan modèl li a, Solèy la te toupre sant sistèm planetè a, epi Latè te youn nan planèt ki t ap vire toutotou l. Kopènik te pwopoze tou Latè ap vire sou aks li chak jou.

DADSON : Sa vle di, mouvman nou wè Solèy la ap fè pandan jounen an pa nesesèman vle di Solèy la ap vire toutotou Latè. Se vire Latè sou aks li ki esplike mouvman aparan sa a.

CAPTAIN ASTRO : Se sa menm. Latè fè yon wotasyon sou aks li nan anviwon 24 èdtan. An menm tan, li fè yon revolisyon toutotou Solèy la nan anviwon 365 jou ak yon ka.

DADSON : Men, ecoute, èske Kopènik te pwouve Solèy la nan sant tout Linivè a?

CAPTAIN ASTRO : Non! Sa enpòtan anpil. Li te pwopoze yon modèl pou esplike aranjman sistèm planetè a. Li pa t demontre Solèy la se sant tout Linivè a. Jodi a, nou konnen Solèy la se yon etwal pami plizyè milya lòt nan galaksi nou an.

SÈN 4. YON PWOBLÈM : MOUVMAN RETROGRAD PLANÈT YO

CAPTAIN ASTRO : Ann pran Mas kòm egzanp. Pandan plizyè semèn oswa plizyè mwa, lè nou suiv pozisyon planèt Mas sou fon zetwal yo, pafwa li sanble chanje sans epi fè bak.

DADSON : Men, èske Mas vrèman kanpe epi vire nan lòt sans?

CAPTAIN ASTRO : Se pa sa k ap pase nan sans òbit li non ! Mouvman sa a se yon mouvman aparan ki soti nan mouvman relatif Latè ak Mas. Latè pi pre Solèy la epi li fè yon revolisyon pi rapid, pi rapid pase planèt Mas

Lè Latè depase Mas nan kous òbit li, pou noumenm ki abò Latè, tankou nou te nan yon voiture, Mas ka sanble fè bak sou fon zetwal yo , savledi jan nou wè l lè n ap obsève syèl la.

DADSON : Ho ! Menm jan lè yon machin depase yon lòt machin sou wout la. Pandan depasman an, machin ki pi dousman an ka sanble deplase bak parapò ak machin k ap depase l la, menm si toude ap avanse.

CAPTAIN ASTRO : Bèl egzanp! Modèl elyosantrik la te bay yon fason kp pi senp pou konprann mouvman aparan sa a. Men, sonje, modèl Kopènik la te toujou sèvi ak òbit sikilè. Li pa t fin rezoud tout difikilte yo.

SÈN 5. YON TRAVAY KI TE KONTINYE APRE KOPÈNIK

DADSON : Kidonk, Kopènik te louvri yon chemen, men lòt syantifik te oblije kontinye travay la. Se sa ?

CAPTAIN ASTRO : Wi. Johannes Kepler te montre òbit planèt yo se elips, pa sèk pafè. Galileo te sèvi ak teleskòp pou fè obsèvasyon ki te bay modèl tradisyonèl la gwo defi, tankou faz Venis ak satelit Jipitè yo.

Apre sa, Isaac Newton te esplike kijan gravite ak mouvman kapab bay òbit sa yo.

DADSON : OK. Sa montre syans pa mache tankou yon sèl moun ki jwenn tout repons yo yon sèl kou. Se yon seri obsèvasyon, modèl, tès ak koreksyon.

CAPTAIN ASTRO : Egzakteman. Liv Kopènik la, De revolutionibus orbium coelestium, te parèt an 1543, ane li mouri a. Lide li yo pa t aksepte toupatou tousuit.

Syans pran tan, sitou lè yon nouvo modèl mande pou nou chanje fason nou te abitye konprann mond lan.

SÈN 6. DEF I VULGARIZASYON POU DADSON

CAPTAIN ASTRO : Dadson, imajine yon timoun mande w : « Poukisa nou di Latè vire toutotou Solèy la, alòske se Solèy la nou wè k ap deplase nan syèl la? » Di m non, Dadson, Kijan w ap reponn li?

DADSON : M ap di l : « Sa je nou wè a se mouvman aparan Solèy la. Latè vire sou aks li, e se sa ki fè Solèy la sanble ap travèse syèl la chak jou. Anplis, Latè ap fè yon vwayaj toutotou Solèy la pandan ane a. Kopènik te ede astwonòm yo konprann sa lè li te pwopoze yon nouvo modèl sistèm planetè a. »

CAPTAIN ASTRO : Epi ki leson nou ka tire nan istwa sa a?

DADSON : Nou dwe obsève, poze kesyon epi konpare eksplikasyon yo ak prèv yo. Sa ki parèt evidan nan premye kout je a pa toujou esplike reyalite a nèt.

SÈN 7. KONKLIZYON

CAPTAIN ASTRO : Kopènik pa t jwenn tout repons yo, men li te ede chanje kesyon astwonòm yo t ap poze. Se youn nan gwo fòs syans : kapasite pou revize yon modèl lè nouvo prèv ak pi bon eksplikasyon parèt.

DADSON : Mèsi paske nou te suiv epizòd sa a. Kontinye obsève syèl la, poze kesyon epi chèche prèv.

CAPTAIN ASTRO : N ap rankontre ankò nan ASTRO-ENGA 2026!


Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune