Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Mèki: Kisa kratè li yo ka aprann nou sou istwa Sistèm Solè a? ASTRO-ENGA 2026 | EPIZÒD 6

 


SÈN 1. YON PLANÈT KI KENBE TRAS TAN AN

Mèki (Mercure)
Captain Astro (Professeur Dr Rulx Narcisse)

CAPTAIN ASTRO:

Bonjou tout moun!

Byenvini nan ASTRO-ENGA, espas kote nou pran tan pou nou obsève syèl la, poze kestyon epi chèche konprann Linivè a avèk lasyans.

Mwen se Captain Astro, yon astwonòm pwofesyonel nan Société Haitienne d’Astronomie (SHA), epi tou pwofesè astwonomi nan École Nationale de Géologie Appliquée (ENGA).

Jodi a, mwen gen avèk mwen 2 lòt etidyan 3yèm ane, Percide DUCLAIR ak Freed Cruz FREGISTE.

Byenveni nan ASTRO-ENGA 2026, Freed !

Freed: Mèsi Captain Astro ! Nou kontan la anpil anpil wi, paske nou pral pale de lasyans !

CAPTAIN ASTRO: Byenveni nan ASTRO-ENGA 2026, Percide !

PERCIDE: Mèsi Captain Astro ! Bon, mwen menm, m pa ka kenbe kontantmanm, paske non sèlman nou pral pale de lasyans, nou pral itilize yon langaj ke tout moun ka konprann… !

CAPTAIN ASTRO: Voilà !! ASTRO-ENGA 2026, se yon seri kote nou mete astwonomi ak jewoloji ansanm pou nou dekouvri sekrè Linivè a.

Jodi a, nou pral pale de yon planèt ki pi pre Solèy la pase tout lòt planèt yo. Li piti, li gen anpil kratè, epi sifas li sanble yon liv ki konsève mak yon istwa ki trè ansyen.

M ap pale de planet Mèki!

Men, kite m poze nou yon kestyon: si nou jwenn yon sifas ki chaje ak kratè, èske nou kapab rekonstwi kèk evènman ki te pase sou li depi plizyè milya ane?

PERCIDE: Wi, pwofesè! Paske kratè yo se tras kolizyon. Lè yon astewoyid oswa yon lòt kò spasyal frape yon planèt, enpak la ka kite yon mak sou sifas la.

Freed: Mwen dakò, e men mwen ta renmen ajoute yon bagay. Si nou wè anpil kratè, nou pa kapab konnen laj sifas la sèlman lè nou konte yo. Fòk nou konprann kijan kratè yo fòme ak sa ki te pase sou sifas la apre sa.

CAPTAIN ASTRO: Bravo! Menm depi nan kòmansman an, nou deja mete dwèt sou 2 prensip enpòtan: kratè yo se prèv evènman ki pase, men entèpretasyon yo mande anpil analiz.

Jodi a, nou pral chèche konnen sa kratè Mèki yo kapab aprann nou sou istwa planèt la ak sou premye epòk Sistèm Solè a.


SÈN 2. KIJAN YON KRATÈ FÒME?

Yon ilistrasyon ki montre yon astewoyid k ap frape sifas yon planèt, epi materyèl k ap voye anlè.




PERCIDE: Pou nou konprann kratè Mèki yo, fòk nou kòmanse ak fòmasyon yo.

Lè yon astewoyid oswa yon lòt objè spasyal frape sifas yon planèt ak gwo vitès, li libere yon kantite enèji ki kapab kraze wòch, fouye tè a epi voye materyèl nan plizyè direksyon. Apre enpak la, nou ka jwenn yon twou ki gen fòm won, pafwa ak yon rebò ki leve.

Freed: Percide, èske gwosè kratè a depann sèlman de gwosè astewoyid la?

PERCIDE: Non. Vitès objè a, ang kote li frape a, mas li ak kalite materyèl ki sou sifas la gen enpòtans tou. Yon objè ki piti anpil men ki deplase ak yon gwo vitès kapab libere anpil enèji.

Freed: Sa vle di 2 kolizyon ki pa menm ka bay kratè ki diferan anpil. Epi, si nou jwenn yon gwo kratè, fòk nou analize tout kondisyon yo anvan nou eseye konprann kijan li te fòme.

CAPTAIN ASTRO: Egzakteman! Nan syans planetè, nou pa sipoze tout kratè gen menm orijin, menm laj oswa menm "structure".

Anpil kratè nou obsève sou Mèki se kratè enpak. Lè syantifik yo etidye dyamèt yo, pwofondè yo, rebò yo ak materyèl ki antoure yo, yo jwenn enfòmasyon sou enèji kolizyon an ak sou istwa jewolojik zòn nan.

Men, gen yon lòt kestyon: poukisa Mèki konsève anpil kratè konsa menm?


SÈN 3. POUKISA SIFAS MÈKI A GEN ANPIL KRATÈ?

Konparezon ant yon sifas ki gen anpil kratè sou Mèki ak yon peyizaj Latè ki gen dlo, vejetasyon ak mòn

Freed: Mwen ta di se paske Mèki pi pre Solèy la. Petèt se poutèt sa li resevwa plis objè spasyal ki vin frape l.

PERCIDE: Mwen pa fin dakò avè w, Freed. Lefètke yon planèt pi pre Solèy la pa vle di otomatikman li resevwa plis enpak. Mwen panse nou dwe konsidere sa k ap pase sou sifas li tou.

Freed: Ou gen rezon, Percide. Mwen te fè yon dediksyon twò rapid. Men, ki sa ki fè kratè yo rete vizib pandan anpil tan?

PERCIDE: Sou Latè, dlo, van, glas, ewozyon ak mouvman plak tektonik kapab transfòme sifas la. Gen kratè ki vin kouvri oswa efase. Sou Mèki, pwosesis sa yo pa aji menm jan.

CAPTAIN ASTRO: Trè byen! Mèki pa gen yon atmosfè epè tankou Latè. Li gen yon egzòsfè ki ekstrèmman mens, kidonk van ak lapli pa ka modifye sifas li menm jan yo fè sa sou Latè.

Mèki pa gen ni oseyan ni yon sistèm plak tektonik aktif tankou sa nou genyen sou Latè. Sa ede anpil kratè rete vizib pandan yon tan trè long, menm si aktivite jewolojik ak lòt enpak kapab modifye sifas la.

Men, ann korije yon lide ki ka parèt lojik, men ki pa nesesèman kòrèk: èske lefètke Mèki gen anpil kratè pwouve li resevwa plis enpak pase tout lòt planèt yo?

Freed: Non. Li ka gen anpil kratè paske gwo pati nan sifas li ansyen anpil, epi paske gen mwens pwosesis ki efase mak sa yo.

CAPTAIN ASTRO: Se sa menm wi! Nou dwe fè diferans ant kantite enpak yon planèt resevwa ak kantite kratè li konsève.


SÈN 4. KRATÈ YO, YON KALANDRIYE JEOLOJIK

Yon rejyon Mèki ki gen anpil ti kratè ak yon lòt rejyon ki gen mwens kratè.

CAPTAIN ASTRO: Kounye a, ann antre nan pati ki pi enteresan an. Imajine nou gen 2 zòn sou Mèki. Premye zòn nan gen anpil kratè, epi dezyèm nan gen mwens kratè.

Bon, Percide, dim non, ki ipotèz ou ta pwopoze la?

PERCIDE: Premye ipotèz mwen se premye zòn nan ka pi ansyen pase dezyèm nan, paske li te ekspoze pandan plis tan ak kolizyon ki t ap fèt nan Sistèm Solè a.

Freed: Men, èske sa toujou vre? Si yon gwo koule lav te kouvri yon ansyen zòn, li ta kapab efase kèk kratè. Zòn nan ta sanble pi jèn, menm si planèt la te deja la depi lontan.

PERCIDE: Wi, ou gen rezon! Yon sifas ki gen mwens kratè ka yon sifas ki te renouvle akoz aktivite vòlkanik oswa lòt pwosesis jewolojik.

CAPTAIN ASTRO: Ekselan analiz! syantifik yo rele metòd sa a datasyon relatif lè yo konpare evènman ak "structure" pou detèmine kiyès ki pi ansyen oswa pi resan.

Pa egzanp, si yon kratè fòme epi pita yon koule lav kouvri yon pati nan li, koule lav la pi resan pase kratè a. Syantifik yo sèvi ak kantite ak distribisyon kratè yo tou pou estime laj sifas yo, paske nou konnen frekans enpak yo te chanje pandan istwa Sistèm Solè a. Men, pou jwenn yon laj ki pi presi, yo bezwen lòt done, modèl ak pafwa analiz echantiyon wòch.

Freed: Kidonk, kratè yo pa sèlman montre kote yon kolizyon te fèt. Li montre nou pito relasyon ki genyen ant kratè yo ak lòt "structure" yo ede nou mete evènman yo nan yon lòd kwonolojik.

CAPTAIN ASTRO: Se sa menm, wi! Bon, nou pa annik konte twou, oh oh ! Nou ap rekonstwi yon istwa. Se sa wi n ap fè !


SÈN 5. YON GWO KRATÈ KI RELE BASEN CALORIS

Imaj Basen Caloris sou Mèki, yon gwo "structure" enpak ki mezire anviwon 1 550 kilomèt an dyamèt.

PERCIDE: Gen yon "structure" sou Mèki ki vrèman enpresyonan: Basen Caloris. Se youn nan pi gwo basen enpak nou konnen sou planèt la. Li mezire anviwon 1 550 kilomèt an dyamèt.

Freed: 1 550 kilomèt? Sa vle di li pi laj pase distans ant anpil vil nou konnen sou Latè! Ki kalite enpak ki ka kreye yon "structure" konsa?

PERCIDE: Se yon kolizyon ki te libere yon kantite enèji ekstraòdinè. Enpak la te transfòme yon gwo rejyon nan kwout Mèki a.

CAPTAIN ASTRO: Se vre. Basen Caloris la se yon temwen enpòtan nan istwa enpak Mèki. "Structure" sa a gen plizyè ano ak zòn ki te modifye apre kolizyon an.

Lè syantifik yo etidye gwo basen konsa, yo kapab konprann pi byen enèji kolizyon yo, fason kwout yon planèt reyaji, epi kijan materyèl yo deplase pandan yon evènman ki ekstrèm konsa.

Freed: Men, èske nou kapab di egzakteman ki dat enpak sa a te fèt sèlman apati foto basen an?

CAPTAIN ASTRO: Non. Imaj yo bay anpil enfòmasyon sou "structure" a, men pou detèmine laj li ak plis presizyon, nou bezwen mete obsèvasyon yo ansanm ak lòt done ak modèl jewolojik. Se youn nan defi syantifik yo genyen lè y ap etidye lòt planèt.

PERCIDE:P11
Sa montre menm yon gwo kratè kapab gen plizyè istwa pou nou dekouvri: istwa kolizyon an, istwa kwout la ak chanjman ki fèt apre enpak la.


SÈN 6. KI SA MÈKI KA APRANN NOU SOU SISTÈM SOLÈ A, LÈ L TE JÈN?

Yon ilistrasyon jèn Sistèm Solè a, avèk ti kò spasyal k ap deplase epi kèk k ap fè kolizyon ak planèt yo.

[VIZYÈL 6: ]Freed: Mwen gen yon kestyon. Si kratè Mèki yo konsève tras ansyen kolizyon, èske yo ka ede nou konprann sa ki te pase sou Latè lè Sistèm Solè a te jèn?

PERCIDE: Wi, an pati. Mèki ak Lalin nan konsève anpil tras ansyen enpak. Sa ede syantifik yo etidye istwa kolizyon nan Sistèm Solè a. Men nou dwe fè atansyon, paske tout planèt yo pa t sibi menm evolisyon an.

CAPTAIN ASTRO: Ekselan! Nan premye epòk Sistèm Solè a, anviwon 4.6 milya ane de sa, te gen anpil materyèl ki t ap rasanble, epi kolizyon te jwe yon gwo wòl nan fòmasyon planèt yo.

Pita, gwo enpak yo te kontinye fèt. Etid kratè sou Mèki, Lalin ak lòt kò san atmosfè epè ede nou konprann kijan frekans kolizyon yo te evolye.

Men, nou pa dwe imajine tout planèt yo te resevwa egzakteman menm kantite enpak. Òbit yo, anviwònman yo ak istwa jewolojik yo diferan.

Freed: Kidonk, Mèki se tankou yon achiv natirèl. Li pa konsève tout istwa a san okenn chanjman, men li konsève ase tras pou nou poze kestyon sou tan lontan an.

PERCIDE: E lè nou konpare sa nou wè sou Mèki ak sa nou jwenn sou Lalin, Mas ak Latè, nou ka konstwi yon istwa ki pi konplè sou evolisyon Sistèm Solè a.

CAPTAIN ASTRO: Se egzakteman sa syantifik yo fè: yo konpare mond diferan pou yo chèche konprann pwosesis ki te fòme yo. Chak planèt pote enfòmasyon pa l.


SÈN 7. KONKLIZYON: LI ISTWA KI EKRI NAN KRATÈ YO

Planèt yo nan Sistèm Solè a

CAPTAIN ASTRO: Ann rezime sa nou dekouvri jodi a. Percide, di m non, ki premye leson ou kenbe nan etid nou fè sou planèt Mèki?

PERCIDE: Kratè yo se tras kolizyon ki te fèt nan tan lontan. Lè nou etidye fòm yo, gwosè yo ak relasyon yo genyen ak lòt "structure", nou ka aprann anpil anoay sou istwa sifas la.

CAPTAIN ASTRO: Freed, e dezyèm leson an? Di m non !

Freed: Kantite kratè yo kapab ede nou estime laj yon sifas, men nou dwe konsidere lòt pwosesis ki ka modifye li. Yon zòn ki gen mwens kratè pa nesesèman vle di li te resevwa mwens enpak.

CAPTAIN ASTRO: Trè byen! E dènye leson an se sa: lè nou etidye Mèki, nou pa sèlman ap aprann istwa yon ti planèt ki toupre Solèy la. Nou ap chèche konprann tou yon pati nan istwa Sistèm Solè a.

Nou pa bezwen kanpe sou yon planèt pou nou kòmanse konprann li. Nou bezwen bonjan obsèvasyon, bon kestyon, bon metòd epi prèv syantifik.

PERCIDE: Pwofesè, kounye a lè m ap gade yon kratè, mwen pap wè yon senp twou ankò. M ap mande tèt mwen ki evènman ki te kreye l, ki laj li ka genyen, epi ki lòt chanjman ki fèt bò kote l.

Freed: E mwen menm, m ap sonje yon bon syantifik pa prese bay yon repons. Li konpare prèv yo, li teste lide li yo, epi li pare pou korije sa li te panse anvan.

CAPTAIN ASTRO: Se sa ki fè nou se syantifik an fòmasyon!

Zanmi k ap suiv ASTRO-ENGA 2026 yo, nou menm tou, ann poze kestyon. Si nou te kapab voye yon misyon syantifik sou Mèki, ki kratè oswa ki rejyon nou ta chwazi etidye, e poukisa?

Ekri repons nou nan kòmantè yo.

Ann kontinye dekouvri Linivè a ansanm.

PERCIDE: Mwen se Percide DUCLAIR

Freed: Mwen se Freed Clud FREGISTE

CAPTAIN ASTRO: Mwen se Captain Astro.

Mèsi ak Percide DUCLAIR ak Freed FREGISTE pou bèl refleksyon yo.

Mèsi ak nou tout ki te avèk nou.

Sonje byen: nan syans, menm yon mak ki rete sou yon wòch kapab louvri yon fenèt sou plizyè milya ane listwa.

N a wè nan pwochen epizòd ASTRO-ENGA 2026!

ASTRO-ENGA 2026

Syans • Espas • Ayiti


🚀 Starlink: Jwenn $40, fè zanmi w jwenn $40 tou!


Enskri atravè lyen parennaj mwen an. Dapre òf la, depi dezyèm mwa abònman an, ou menm ak mwen chak ka resevwa $40 an kredi sèvis Starlink, selon kondisyon pwogram nan.


👉 https://starlink.com?referral=RC-DF-6736920-46699-65


🌐 Pataje koneksyon an, pataje avantaj yo!



Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune