Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Poukisa moun nan tan lontan yo te panse Latè te nan sant Linivè a?

 


 SÈN 1. OUVÈTI

CAPTAIN ASTRO :

Bonjou tout moun!

Byenvini nan ASTRO-ENGA, espas kote nou pran tan pou nou obsève syèl la, poze kesyon epi chèche konprann Linivè a avèk lasyans.

Mwen se Captain Astro, yon astwonòm pwofesyonel nan Société Haitienne d’Astronomie (SHA), epi tou pwofesè astwonomi nan ENGA. École Nationale de Géologie Appliquée.

Jodi a, mwen gen avèk mwen yon lòt etidyan 3yèm ane, Berry LOUIS.

Berry, byenveni nan ASTRO-ENGA!

BERRY :

Mèsi anpil, Captain Astro. Se yon plezi pou mwen la a.

CAPTAIN ASTRO :

Jodi a, Berry,nou pral antre nan yon kesyon ki trè enteresan nan istwa astwonomi.

Poukisa moun nan tan lontan yo te panse Latè te nan sant Linivè a?

BERRY :

Paske yo pat gen teleskòp?

CAPTAIN ASTRO :

Se yon pati nan repons lan, men se pa tout repons lan.

E se la sijè a vin enteresan.

Paske si nou te viv nan tan lontan, san teleskòp, san satelit, san foto ki soti nan lespas...

petèt nou menm tou nou t ap panse Latè te nan sant Linivè a!


SÈN 2. SA JE NOU DI NOU

CAPTAIN ASTRO :

Berry, gade toutotou ou.

Lè ou kanpe deyò, èske ou santi Latè ap deplase?

BERRY :

Non, ditou!

Pou mwen menm, se tè a ki parèt imobil.

CAPTAIN ASTRO :

E syèl la menm?

BERRY :

Se syèl la ki sanble ap deplase.

Solèy la leve nan lès, li travèse syèl la, epi li kouche nan lwès.

Lalin nan fè menm kalite mouvman.

E zetwal yo sanble ap deplase tou.

CAPTAIN ASTRO :

Egzakteman.

Si ou pa gen okenn lòt enfòmasyon, ki konklizyon ki ta pi natirèl?

BERRY :

Mwen ta di se syèl la ki ap vire toutotou Latè.

CAPTAIN ASTRO :

E se te yon konklizyon ki te sanble trè rezonab.

Men gen yon pwoblèm.

Sa nou wè pa toujou di nou dirèkteman sa k ap pase toutbon.


SÈN 3. YON TI EGZANP

CAPTAIN ASTRO :

Ann pran yon egzanp ki pi fasil.

Lè ou chita nan yon machin ki ap deplase, epi yon lòt machin pase bò kote w, pafwa ou ka santi se ou menm ki ap deplase. Wi !

...Tande...bon yon lè sa te rive m. Mwen nan yon blokis...plizyè liy machm a dwat,a goch...liy machin...m bloke...epi liy sou kote a deplase...menmen m panse... machin nan ap fè bak avè m, m kouri peze fren wi ! Bon, se te yon enpresyon !

BERRY :

Wi! Sa rive souvan.

CAPTAIN ASTRO :

Poukisa?

BERRY :

Paske mouvman an depann de pwen kote n ap fè obsèvasyon an.

CAPTAIN ASTRO :

Bravo!

Sa rele mouvman relatif.

Nou pa toujou kapab detèmine mouvman yon bagay sèlman selon sa nou wè depi yon sèl pwen obsèvasyon.

Sa enpòtan anpil pou konprann pwoblèm Latè a.

Nou sou Latè.

Nou deplase avèk Latè.

Se poutèt sa mouvman Latè a pa fasil pou nou santi dirèkteman.


SÈN 4. MEN POUKISA YO TE CHWAZI LATÈ?

BERRY :

Men Captain Astro, si moun yo te wè Solèy la ap deplase, èske sa pat ase pou yo panse Solèy la t ap vire toutotou Latè?

CAPTAIN ASTRO :

Wi, e se egzakteman sa anpil moun te panse.

Men gen lòt rezon toujou.

Pou yon moun ki obsève syèl la chak jou, gen kèk bagay ki sanble konfime lide sa a.

Solèy la leve epi li kouche.

Lalin nan fè mouvman li.

Zetwal yo sanble fè yon gwo sèk chak jou toutotou nou.

Epi, nou pa santi Latè ap deplase.

BERRY :

Kidonk, si mwen sèlman sèvi ak eksperyans chak jou mwen, li vrèman difisil pou mwen imajine Latè ap kouri nan lespas.

CAPTAIN ASTRO :

Egzakteman.

E nou dwe fè yon lòt bagay enpòtan tou.

Nou pa dwe jije moun nan tan lontan yo avèk konesans nou genyen jodi a.

Yo te travay avèk enfòmasyon yo te genyen.


SÈN 5. ARISTOT AK MODÈL JEOSANTRIK LA

CAPTAIN ASTRO :

Nan Lagrès antik, filozòf tankou Aristòt te devlope yon modèl kosmolojik kote Latè te nan sant yon linivè ki te òganize an plizyè sphère.

BERRY :

Yo te panse tout bagay t ap vire toutotou Latè?

CAPTAIN ASTRO :

An gwo, wi.

Dapre modèl sa a, Lalin nan, Solèy la ak lòt "astre" yo te gen mouvman autour Latè.

Epi gen yon bagay ki te fè modèl sa a sanble trè « élégant » pou epòk la.

BERRY :

Koman sa te ye menm ?

CAPTAIN ASTRO :

Yo te panse mouvman selès yo te dwe regilye ak sikilè, paske yo te konsidere syèl la kòm yon domèn ki diferan de mond nou an.

Se konsa yo te konstwi yon imaj Linivè ki te parèt òdone, regilye epi lojik.


SÈN 6. PWOBLÈM NAN: PLANÈT YO PA TOUJOU KONPÒTE YO MENM JAN

CAPTAIN ASTRO :

Men te gen yon fenomèn ki te kreye yon gwo pwoblèm.

BERRY :

Ki fenomèn?

CAPTAIN ASTRO :

Mouvman retrograd planèt yo.

BERRY :

Retrograd?

CAPTAIN ASTRO :

Wi.

Imajine ou ap obsève Mas pandan plizyè semèn.

Nòmalman, ou wè l ap deplase piti piti nan yon direksyon parapò ak zetwal ki lwen yo.

Men pafwa, li sanble ralanti...

li kanpe...

epi li fè yon ti mouvman tounen nan direksyon opoze a.

Apre yon tan anko, li reprann mouvman nòmal li.

BERRY :

Men sa pa sanble lojik ditou si tout bagay ap vire regilyèman toutotou Latè.

CAPTAIN ASTRO :

Se te egzakteman pwoblèm lan.


SÈN 7. PTOLEMÉ AK EPISIK YO

CAPTAIN ASTRO :

Se la Ptolemée, yon astwonòm grèk ki te viv nan 2yèm syèk epòk nou an, antre nan istwa a.

Li te devlope yon modèl matematik trè sofistike pou dekri mouvman planèt yo nan kad yon sistèm jeosantrik.

Li te itilize sa nou rele episik.

BERRY :

Sa vle di planèt la t ap fè yon ti sèk pandan li t ap deplase sou yon pi gwo sèk?

CAPTAIN ASTRO :

Wi, nan yon fason senplifye, se sa.

Lè yo konbine plizyè mouvman sikilè konsa, yo te kapab repwodui mouvman konplike planèt yo te obsève nan syèl la.

BERRY :

Sa enteresan anpil.

Donk, menm si lide prensipal la pat kòrèk, modèl matematik la te kapab bay bon prediksyon sou pozisyon planèt yo.

CAPTAIN ASTRO :

Egzakteman!

E se yon pwen trè enpòtan nan istwa lasyans.

Yon modèl kapab itil pou fè prediksyon, menm lè entèpretasyon fizik ki dèyè l pa kòrèk.


SÈN 8. SA NOU KA APRANN NAN SA

BERRY :

Mwen wè yon bagay enpòtan la a.

Moun yo pat jis envante yon lide san okenn prèv.

Yo te gen obsèvasyon, yo te konstwi yon modèl, epi yo te eseye fè modèl la mache ak obsèvasyon yo.

CAPTAIN ASTRO :

Trè byen!

Se sa nou dwe konprann.

Geosantrism lan pat yon lide ki te parèt paske moun yo te « sòt ».

Se te yon modèl entèlektyèl ki te baze sou obsèvasyon ki te disponib nan epòk la.

Epi li te gen yon avantaj enpòtan:

Li te sanble ak eksperyans chak jou moun ka viv.

BERRY :

Men li te vin pi konplike toujou lè yo te bezwen eksplike tout mouvman planèt yo.

CAPTAIN ASTRO :

Se egzakteman sa.

Lè yon modèl bezwen anpil ajisteman pou li esplike nouvo obsèvasyon, syantifik yo ka kòmanse mande tèt yo:

Èske se modèl la ki bezwen chanje?


SÈN 9. KOPÈNIK CHANJE PERSPEKTIV LA

CAPTAIN ASTRO :

Nan 16yèm syèk la, Nicolas Copernic pwopoze yon lòt fason pou òganize sistèm nan.

Olye Latè rete nan sant sistèm planetè a, li mete Solèy la nan sant sistèm planetè a, epi li fè Latè vin yon planèt ki vire toutotou Solèy la.

BERRY :

Se sa nou rele modèl elyosantrik la?

CAPTAIN ASTRO :

Wi.

Elyosantrik vle di Solèy la nan sant sistèm planetè a. Alòske Jeosantrik vle di Latè nan sant la.

Men Copernic pat fini istwa a.

Apre sa, Johannes Kepler te montre òbit planèt yo pa bezwen sèk pafè.

Yo se elips.

Epi Galileo Galilei, avèk teleskòp li, te jwenn obsèvasyon ki te bay gwo sipò pou yon lòt fason pou nou konprann sistèm planetè a.


SÈN 10. OBSÈVASYON GALILEO YO

CAPTAIN ASTRO :

Kervens nan epizòd anvan an te montre nou kijan obsèvasyon enpòtan nan lasyans.

Berry, èske ou konnen yon obsèvasyon Galileo te fè ki te enpòtan anpil nan deba sa a?

BERRY :

Mwen panse se faz Venis yo.

CAPTAIN ASTRO :

Trè byen!

Galileo te obsève faz Venis.

Venis te montre faz ki sanble ak faz Lalin nan.

Obsèvasyon sa a pat fasil pou eksplike avèk ansyen vèsyon sistèm jeosantrik Ptolemée a.



Men li te vin pi natirèl nan yon modèl kote Venis ap vire toutotou Solèy la.

BERRY :

Kidonk, teleskòp la te bay syantifik yo nouvo enfòmasyon je moun poukont li pat kapab wè.

CAPTAIN ASTRO :

Egzakteman.

E se youn nan gwo leson nan istwa lasyans:

Lè nou jwenn nouvo obsèvasyon, nou dwe dispoze teste ansyen modèl nou yo.


SÈN 11. YON LESON POU YON ETIDYAN SYANS

CAPTAIN ASTRO :

Berry, ann fè yon ti rezime ansanm.

Si yon moun di:

« Moun lontan yo te panse Latè te nan sant Linivè a paske yo pat konprann lasyans. »

Èske ou dakò?

BERRY :

Non.

Mwen ta di se yon fason twò senp pou esplike bagay la.

Yo te fè obsèvasyon ki te reyèl.

Latè te sanble imobil.

Solèy la ak zetwal yo te sanble ap deplase toutotou nou.

Apre sa, yo te konstwi modèl pou esplike obsèvasyon sa yo.

Pwoblèm nan se te entèpretasyon yo.

CAPTAIN ASTRO :

Bravo!

E sa se yon leson ki gen anpil valè pou nou kòm etidyan lasyans.

Obsèvasyon ak entèpretasyon pa menm bagay.

Nou ka obsève yon fenomèn kòrèkteman epi bay li yon move entèpretasyon.

Se travay lasyans pou teste entèpretasyon sa yo avèk nouvo obsèvasyon, mezi ak modèl.


SÈN 12. DEFİ VULGARIZASYON POU BERRY

CAPTAIN ASTRO :

Bon, Kounye a, Berry, men defi pa w.

Imajine yon timoun mande w:

« Poukisa moun lontan yo te panse Latè te nan sant Linivè a? »

Eksplike l sa nan mwens pase yon minit. Jwet pou ou...

BERRY :

Mwen ta di li:

« Paske lè moun te gade syèl la, se pa Latè yo te wè k ap deplase. Latè te sanble rete trankil, pandan Solèy la, Lalin nan ak zetwal yo te sanble ap deplase toutotou li. Se poutèt sa li te lojik pou anpil moun panse Latè te nan sant la.

Men, apre anpil obsèvasyon, nouvo kalkil ak envansyon teleskòp la, syantifik yo te dekouvri gen yon pi bon fason pou esplike mouvman sa yo. Se konsa nou rive konprann Latè se yon planèt ki vire sou tèt li epi ki vire toutotou Solèy la. »

CAPTAIN ASTRO :

Ekselan!

Sa se yon eksplikasyon ki senp, men li pa sakrifye lasyans.

Se egzakteman sa nou chèche nan ASTRO-ENGA.


SÈN 13. KONKLIZYON

CAPTAIN ASTRO :

Jodi a, nou te fè yon ti vwayaj nan istwa panse syantifik.

Nou wè poukisa lide Latè nan sant la te sanble lojik pou anpil moun.

Nou wè kijan Aristòt ak Ptolemée te kontribye nan devlopman modèl jeosantrik la.

Nou wè tou kijan mouvman retrograd planèt yo te kreye yon defi pou modèl sa a.

Epi nou wè kijan Copernic, Kepler ak Galileo te ede chanje fason moun konprann sistèm planetè a.

BERRY :

Men pi gwo leson an pou mwen se ke lasyans pa vle di nou toujou gen repons final la.

Syans ap chanje lè nouvo prèv parèt.

CAPTAIN ASTRO :

Egzakteman.

E petèt nou ka kite telespektatè nou yo ak yon sèl lide:

Pa konfonn sa je nou wè ak eksplikasyon nou bay pou sa nou wè.

BERRY :

Paske pafwa, reyalite a pi etone pase aparans li.

CAPTAIN ASTRO :

Mwen se Captain Astro.

BERRY :

Mwen se Berry LOUIS.

ENSEMBLE :

N ap wè nan pwochen epizòd ASTRO-ENGA!





Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune