Poukisa planèt yo vire toutotou Solèy la? ☀️ | ASTRO-ENGA 2026 #01
SÈN 1. OUVÈTI AK PREZANTASYON
CAPTAIN ASTRO :
Bonjou tout moun! Byenvini nan ASTRO-ENGA, espas kote n ap dekouvri Linivè a ansanm, atravè syans, obsèvasyon ak kiryozite.
Mwen se Captain Astro, pwofesè astwonomi nan École Nouvelle de Géologie Appliquée, ENGA.
Jodi a, nou pral lanse premye epizòd nan yon seri konvèsasyon syantifik avèk etidyan twazyèm ane yo.
E pou premye epizòd sa a, mwen kontan resevwa Alexandro AMILCA.
Bonjou Alexandro!
ALEXANDRO :
Bonjou Captain Astro! Bonjou bonswa tout moun k ap swiv nou yo! Se yon plezi pou mwen patisipe nan premye emisyon ASTRO-ENGA sa a.
CAPTAIN ASTRO :
Alexandro, jodi a nou pral pale sou yon kesyon ki sanble senp, men ki kache youn nan pi gwo prensip fizik ki esplike mouvman planèt yo.
Poukisa planèt yo vire toutotou Solèy la?
Poukisa Latè pa kontinye ale dwat nan lespas? Epi, si Solèy la ap rale Latè, poukisa Latè pa tonbe sou li?
ALEXANDRO :
Se yon bèl kesyon, Captain Astro! E se sa menm nou pral eseye konprann ansanm jodi a.
SÈN 2. SOLÈY LA, YON GWO SANT GRAVITASYONÈL
CAPTAIN ASTRO :
Alexandro, ann kòmanse ak yon premye kesyon. Ki sa ki fè planèt yo rete nan òbit yo toutotou Solèy la?
ALEXANDRO :
Ebyen, Se gravite a, pwofesè!
Solèy la egzèse yon fòs gravitasyonèl sou planèt yo. Fòs sa a rale planèt yo nan direksyon Solèy la.
CAPTAIN ASTRO :
Trè byen!
Gravite se yon fenomèn fizik ki fè tout kò ki gen mas atire youn lòt.
Solèy la gen yon mas ki reprezante anviwon 99.86 pousan mas total sistèm solè a. Se poutèt sa li jwe yon wòl dominan nan mouvman planèt yo.
Men, Alexandro, tande, èske se planèt yo sèlman Solèy la atire?
ALEXANDRO :
Non, pwofesè! Li atire astewoyid, komèt, satelit natirèl, e menm veso espasyal nou voye nan lespas.
CAPTAIN ASTRO :
Ekselan!
Newton te dekri fenomèn sa a nan lwa gravitasyon inivèsèl la.
Fòmil la se :
F= G (Mm/r2)
Sa se ekwasyon gravite universelle NEWTON te ekri a ; li kalkile fòs atraksyon gravitasyon ant 2 kò. F reprezante fòs atraksyon an, G se konstant gravitasyonèl la, gran M ak ti m se mas 2 objè yo, epi r se distans ant 2 objè sa yo. Sa vle di fòs gravitasyonèl la depann de mas 2 kò yo ak distans ki separe yo.
Plis mas yo gwo, se plis atraksyon an fò. Men, plis distans lan ogmante, se plis fòs la diminye.
Par exemple, cette force permet à la Terre de maintenir la Lune en orbite autour d’elle.
ALEXANDRO :
Kidonk, Solèy la toujou ap rale Latè. Men, sa pa esplike poukont li poukisa Latè pa tonbe sou Solèy la.
CAPTAIN ASTRO :
Bon, Se la menm mistè a kòmanse!
SÈN 3. POUKISA LATÈ PA TONBE SOU SOLÈY LA?
CAPTAIN ASTRO :
Kounea menm Alexandro, ann imajine yon ti eksperyans.
Si yon moun voye yon boul dwat devan li, ki sa k ap rive boul la?
ALEXANDRO :
Boul la ap avanse, men gravite Latè ap fè l desann jouk li touche tè a.
CAPTAIN ASTRO :
Trè byen. Men, si boul la te kapab deplase ak yon gran vitès ekstrèm, epi pa t gen okenn rezistans lè, èske li t ap toujou tonbe menm jan an?
ALEXANDRO :
Nan ka sa a, li t ap kontinye avanse pi lwen. Men, mwen ta di gravite a t ap toujou eseye fè l desann.
CAPTAIN ASTRO :
Ou gen rezon!
Kounye a, ann pale de Latè.
Latè gen yon mouvman li ta kontinye fè natirèlman nan yon liy dwat si pa t gen okenn fòs ki t ap chanje direksyon li.
Prensip sa a rele prensip inèsi.
Men, Solèy la ap egzèse yon fòs gravitasyonèl sou Latè. Fòs sa a toujou ap chanje direksyon mouvman Latè.
Se la nou jwenn sa nou rele vitès tanjansyèl la.
ALEXANDRO :
Vitès tanjansyèl? Sa vle di kisa egzakteman?
CAPTAIN ASTRO :
Bonne question !
Imajine yon machin k ap fè wonn nan yon sèk. Nan chak pwen, direksyon machin nan ap deplase a diferan.
Vitès tanjansyèl la se vitès ki oryante sou liy tanjant òbit la nan yon pwen presi.
Nan ka Latè, li gen yon vitès òbital ki anviwon 29.8 km/s.
ALEXANDRO :
Ah bon ! 29.8 kilomèt pa segonn? Sa vle di nan yon sèl segonn, Latè fè prèske 30 kilomèt!
CAPTAIN ASTRO :
Egzakteman!
Latè kontinye avanse akoz inèsi li, pandan gravite Solèy la ap koube trajektwa li.
ALEXANDRO :
Mwen konprann kounye a!
Latè pa bezwen yon fòs k ap pouse l devan toutan. Li deja gen mouvman pa li. Gravite a sèlman chanje direksyon mouvman sa a.
CAPTAIN ASTRO :
Bravo, Alexandro! Se sa menm!
Nou ka di Latè ap tonbe nan direksyon Solèy la toutan, men vitès tanjansyèl li fè li kontinye rate Solèy la.
ALEXANDRO :
Kidonk, yon òbit se tankou yon tonbe ki pa janm fini!
CAPTAIN ASTRO :
Bon, sa, de yon bèl fason pou eksplike sa bay piblik la wi! Très important.
SÈN 4. KANON NEWTON NAN: YON EKSPERYANS NAN LESPRI NOU
CAPTAIN ASTRO :
Pou nou konprann sa pi byen, ann sèvi ak yon eksperyans Isaac Newton te imajine.
Imajine nou mete yon gwo kanon sou tèt yon mòn ki byen wo.
Nou tire yon boul kanon orizontal.
Si vitès la piti, boul la ap tonbe sou tè a.
Si nou ogmante vitès la, boul la ap ale pi lwen anvan li tonbe.
Men, si nou bay boul la yon vitès orizontal ki ase gwo, epi nou neglije rezistans lè a, sa k ap pase menm? Sak pral pase ?
ALEXANDRO :
Boul la ap kontinye tonbe anba efè gravite a, men akoz koub Latè, sifas la ap bese anba boul la pandan l ap avanse.
Si vitès li ase gwo, li kapab kontinye tonbe san li pa janm touche tè a.
Li antre nan òbit!
CAPTAIN ASTRO :
Egzakteman! Se sa menm wi !
E se menm prensip sa a ki esplike poukisa Lalin nan vire toutotou Latè, epi poukisa Latè vire toutotou Solèy la.
ALEXANDRO :
Sa vle di gravite pa yon bagay ki anpeche òbit egziste. Okontrè, se gravite ki fè mouvman òbital la posib!
CAPTAIN ASTRO :
Trè byen di! O wi, très bien dit !
SÈN 5. ÈSKE ÒBIT PLANÈT YO SE SÈK PAFE?
CAPTAIN ASTRO :
Alexandro, ann pase nan yon lòt kesyon.
Èske tout planèt yo vire toutotou Solèy la sou yon sèk ki parfait?
ALEXANDRO :
Non, pwofesè!
Dapre premye lwa Kepler la, planèt yo deplase sou òbit eliptik, kote Solèy la chita nan youn nan fokis elips la.
CAPTAIN ASTRO :
Ekselan!
Nan kòmansman 17yèm syèk la, Johannes Kepler te etabli twa lwa ki dekri mouvman planèt yo.
Premye lwa a pale sou fòm òbit yo.
Dezyèm lwa a di liy imajinè ki konekte yon planèt ak Solèy la bale menm kantite sifas nan menm kantite tan.
Twazyèm lwa a montre relasyon ki genyen ant peryòd revolisyon yon planèt ak dimansyon òbit li.
ALEXANDRO :
Kidonk, planèt yo pa deplase ak menm vitès nan tout pwen òbit yo, jan n te ka panse.
Lè Latè pi pre Solèy la, li deplase pi vit. Lè li pi lwen Solèy la, li deplase pi dousman.
CAPTAIN ASTRO :
Se sa menm!
Pwen kote Latè pi pre Solèy la rele periheli, epi pwen kote li pi lwen an rele afeli.
Men, fòk nou presize òbit Latè a prèske sikilè. Se poutèt sa diferans distans sa yo pa ekstrèm.
SÈN 6. ALEXANDRO VIN YON VULGARIZATÈ
CAPTAIN ASTRO :
Alexandro, nou sot pale de gravite, inèsi, vitès tanjansyèl ak lwa Kepler yo.
Men, objektif ASTRO-ENGA pa sèlman pou nou aprann syans.
Nou vle aprann esplike syans tou.
Mwen pral ba ou yon ti defi. Tande byen :
Imajine yon timoun vin mande w :
« Alexandro, poukisa planèt Latè pa tonbe sou Solèy la? »
Kijan ou ta reponn li san w pa itilize gwo mo syantifik?
Ale,,,jwèt oiu ou...
ALEXANDRO :
Ebyen ann fe l simple. Mwen ta di li :
« Solèy la ap rale Latè ak yon fòs nou rele gravite. Men, Latè ap deplase trè vit sou kote tou. Se poutèt sa, olye li tonbe dirèkteman sou Solèy la, li kontinye vire toutotou li. Se tankou Latè ap tonbe, men li pa janm rive touche Solèy la! »
CAPTAIN ASTRO :
Ekselan, Alexandro!
Ou sot fè yon bagay ki enpòtan anpil anpil nan syans.
Ou pran yon konsèp fizik ki kapab parèt konplike, epi ou esplike l nan yon fason yon timoun kapab konprann.
Sa, se sa nou rele vulgarizasyon syantifik.
ALEXANDRO :
Mwen konprann. Se pa sèlman konnen syans lan, men se kapab pataje l ak lòt moun.
CAPTAIN ASTRO :
Egzakteman!
E se youn nan misyon nou nan ENGA: fòme jèn moun ki kapab konprann syans, sèvi ak li, epi kontribye nan difizyon konesans syantifik nan peyi nou.
Bon, se sa menm nou bezwen !
SÈN 7. KONKLIZYON
CAPTAIN ASTRO :
Bon OK. Bon, la, ann fè yon ti rezime.
Poukisa planèt yo vire toutotou Solèy la?
Ebyen, se paske yo gen yon vitès ki fè yo kontinye deplase, pandan atraksyon gravitasyonèl Solèy la ap chanje direksyon mouvman yo.
Se konbinezon inèsi ak gravite ki pwodui mouvman òbital la.
ALEXANDRO :
E kounye a, nou konprann yon bagay ki vrèman enteresan.
Planèt yo pa rete nan espas la paske yo pa gen lòt kote pou yo ale. Yo kontinye deplase, men gravite a fè yo swiv yon trajektwa ki fè yo rete nan sistèm solè a.
CAPTAIN ASTRO :
Mèsi anpil, Alexandro, paske ou te patisipe nan premye epizòd ASTRO-ENGA sa a.
ALEXANDRO :
Mèsi Captain Astro! Se te yon bèl eksperyans pou mwen. Mwen espere konvèsasyon sa a ap ankouraje plis jèn moun enterese nan astwonomi ak nan syans an jeneral.
CAPTAIN ASTRO :
E nou menm ki te avèk nou, pa janm sispann poze kesyon ! Tande wi : pa janm sispann poze kesyon , obsève lanati epi chèche konprann Linivè a.
Mwen se Captain Astro, n ap rankontre ankò nan yon lòt epizòd ASTRO-ENGA.



Commentaires
Enregistrer un commentaire