Mayitid aparan
Ki jan astwonòm yo kontwole zetwal ki parèt pi briye nan syèl la
(Echèl mayitid)
Captain Astro:
Gen zetwal ki parèt pi klere ke lòt, e nou ka mezire kantite limyè ke nou wè nan syèl la. Se sa astwonòm yo rele mayitid. Captain Astro ak Larose pral prezante nou mayitid aparant jodia. Rete branche sou chèn Youtube Société Haïtienne d'Astronomie
Nan tan lontan, astwonòm yo te kwè ke tout zetwal yo te sou yon menm plan, savledi: a yon menm distans de sifas Latè. Kidonk, yo pat gen pou reflechi sou distans chak zetwal, menmsi yo te konstate ke chak zetwal te gen liminizite pal. Sa ta pral fè yo fè yon seri de klasifikasyon zetwal yo, selon jan yo parèt klere nan syèl la. Depi nan 2e syèk avan ère nou an, avèk astwonòm Hipparque, jous nan 2e syèk avèk astwonòm Ptolémée, yo tap mezire luminosité apparente zetwal yo pou yo devlope yon klasifikasyon.
Souple, Larose, bannou kèk ti detay sou jan yo exprimer mesure luminosité apparente nan.
Larose:
Justement, Captain Astro, fason jan zetwal la parèt briye, san pran distans li an konsiderasyon, rele mayitid aparan oswa mayitid vizyèl, e nou notel pa lèt m miniskil. Zetwal ki pi briye a pran premye plas sou echèl mayitid sa, nou di li gen mayitid aparan m = +1. 2e plas la pou zetwal ki pi briye aprèl, yo notel m = +2, epi aprè, nou jwen mayitid m=+3, jouska mayitid 6. Sistèm mayitid sa gen ladann tou chif a vigil tankou m = 3,6.
Se sitou nan mwatye 19e syèk la ke sistèm mayitid la pral pi byen devlope, Dayè nan tan lontan, astwonòm yo pat ka foure Solèy la nan klasifikasyon yo [2:23, Solèy la https://youtu.be/tfvDTIRsvPg ], paske li te twò briyan... men astwonòm yo pral konprann ke si gen zetwal ki briye jouska mayitid 0, tankou Vega ki se stantard nan klasifikasyon an, gen zetwal ki pi parèt pi briyan ke sa, pi briyan ke Vega; kidonk fòk gen chif negatif nan klasifikasyon an.
4\
Lè w pran yon zetwal tankou Sirius, ki se zetwal ki parèt pi briyan nan syèl la leswa, mayitid li se m = -1.44. Solèy nou an menm, se pa pale!: mayitid vizyèl li se -26.7. Dayè se pa sèl zetwal ki parèt klere nan syèl la: gen planèt, Lalin, [3:14, LALIN https://youtu.be/6ZkAz6BIDuk ] komèt...bon, yon lè konsa tou, san w pa atann, w ka pantan sou yon supernova ki se yon zetwal kap bay denye souf li nan yon eksplozyon. Paegzanp, mayitid vizyèl planèt Venus se m = -4.4 e Lalin nou an, mayitid vizyèl li se m = -12.6 [3:36, Planèt yo https://youtu.be/sB00YWZiHEs ]
Menmjan an tou, e gras ak teknoloji kap devlope, aussi bien sur Terre que pour déploiement dans l'espace, astwonòm yo rive wè zetwal ki pa briye anpil menm, konsa yo ka rive jouska mayitid m = +30 avek HST e avèk kèk gwo teleskòp ki sou Latè tou.Nou ka wè galaksi ki lwen tou.
Captain Astro:
Men, pa bliye, se mayitid aparan li ye, savledi: jan li parèt nan syèl la. Pa konfonn jan w wè zetwal la parèt briye nan syèl la ak jan li briye tout bon. Se diferans ki gen ant mayitid aparan ak mayitid absolue. Plizyè bagay ka fè jan li parèt la pa jan li ye vrè. Distans se youn ladan yo, tout zetwal pa gen men distans parapò ak Latè; men se pa distans sèlman: pa etone pou w wè ke zetwal ki pi briyan an ka pi lwen ke yon lòt ki pa briye anpil. Fòk nou konprann nosyon mayitid vizyèl ak mayitid absolue pou wè klè nan sa.
Nou envite w gade tou yon lòt videyo nou te fè deja sou mayitid vizyèl sou chanèl nou an: [5:00, Mayitid vizyèl
https://youtu.be/oimvm7rf70I ] https://youtu.be/oimvm7rf70I. E pa bliye abone w tou, peze ti pous bleu a, ak tout ti klòch la pou sa okouran de lòt videyo ki gen pou sòti sou astwonomi de baz an kreyol. E nou gen pou pale tou de mayitid absolue ki se vrè briyans zetwal la, ki se jan li ye tout bon, san sa pa depann de distans li parapò ak Latè.
A bientot, e pa bliye vizite chèn Youtube Bilove Bibi a tou https://www.youtube.com/channel/UCqs95mPf8t6cs-u2ppnkdTg , pou enfomasyon sou konstelasyon yo.
Commentaires
Enregistrer un commentaire