Lalin ak Mèki
Lalin ap òbite Latè; Mèki se planèt ki pi prè Solèy la. Tou lè 2, kel te Lalin oswa Mèki, yo pa gen gaz sou yo, yo se mond ki vityèlman pap chanje e ki gen tanperati ekstrèm sou yo. Mèki pa gen atmosfè pèmanan sou li, menmsi li gen yon ti kouvèti fen ki fèt ak gaz ki sòti nan van solè a, ke li tou kenbe pwovizwaman. Tou 2 kò sa yo (Lalin ak Mèki) pi piti e mwen masif ke Latè, e yo gen yon gravite ki pi fèb ke sa Latè a. Lefèke yo pa gen kouvèti gaz atmosfè vin fè yo gen tanperati lajounen yo cho anpil, e tanperati leswa frèt anpil. Limyè Solèy la frape rive sou rejyon polè yo, sou Lalin ak Mèki, a yon angle oblik ki rann tanperati a ba anpil, e se sak pral fè 2 kò sa yo gen yon bon ti kantite glas ki fèt ak dlo tou prè pol yo.
Bagay ki pi parèt sou sifas Lalin, se maria fonse yo ak kolin yo ki pa twò gen koulè. Wòch ki nan kolin yo mwen dans ke wòch ki nan maria yo, e se yo ki reprezante kwout Lalin nan. Pou wòch maria yo, yo panse pou orijin yo se nan manto Lalin nan a yo sòti. Sifas Lalin ak Mèki kouvri ak kratè tout gwosè, kratè ke meteorid ki sòti nan lespas te lakoz lè yo touche sifas Lalin nan. Pousyè ki sou sifas Lalin nan, sa nou rele regolit yo, li kreye gras ak pi fo wòch kraze, mele ak yon ti kantite materyo ki sòti nan meteorit ki te tonbe yo.
Se enteaksyon tidal ant Latè ak Lalin ki responsab òbit senkron Lalin nan, kote se menm fas Lalin nan ki toujou ap gade planèt nou an.Gen yon gwo ranfleman sou ekwatè Lalin nan ki ta endike ke pwobableman te gen yon lè Lalin nan tap vire pi vit e òbit li te pi prè Latè. Efè tidal Solèy la enfliyanse anpil òbit Mèki. Akoz òbit eksantrik Mèki, planèt la pa fè wotasyon senkwon, men li fè sa egzateman 3 fwa chak fwa li fè 2 ronn otou Solèy la. Kondisyon kote wotasyon yon kò tou senpleman an rapò ak peryòd òbital li otou yon lòt kò, yo rele sa rezonans spin-òbit.
Empak meteorit yo se sous prensipal ewozyon sou sifas Mèki ak Lalin. Kolin ki sou Lalin yo pi ansyen ke maria yo, e yo gen plis kratè.Plis kratè yo gwo, plis vitès yo te fòme yo ap diminye. Lè astwonòm yo mezire laj wòch linè astronot Apollo yo te pote tounen, yo te dedwi vitès fòmasyon kratè yo nan tan lontan. Yo te itilize kantite kraterizasyon an pou yo te dedwi laj rejyon yo sou Lalin nan (ak lòt kote tou) apati de echantiyon ki disponib.
Se nan rilles yo, ki se yon seri de kanal lav ki vin sèch e ki di, ak tou nan chèn kratè yo, ke yo pral jwenn prèv aktivite volkan nan tan lontan sou Lalin. Strikti bagay nou jwenn sou sifas Mèki gen anpil resanblans ak sa nou ka jwen sou Lalin. Planèt la gen anpil kratè sou li, tankou sou kolin ki sou Lalin nan. Pami sa ki fè diferans ant Mèki ak Lalin, nou jwenn lefèke Mèki pa gen ase maria takou Lalin genyen; pami diferans yo, gen tou, sou kwout Mèki, plèn ki ouvè kò yo nan mitan kratè yo (plèn entèkratè), ak gwo fay (cracks), oswa falèz (scarps). Plèn sa yo, se lè nan tan lontan prèske lè Mèki tap fèt, te gen anpil lav ki tap koule. Li ta sanbke ke falèz yo (scarps) te fòme lè ke planèt la te vin frèt e te efondre, sa ki te lakoz sifas planèt la krake. Mèki gen yo gwo kratè enpak ki pote non Caloris Bassin, e diamèt li menmjan ak reyon planèt la. Empak ki te kreye kratè sa te tou voye yon onn de chòk vyolan sou tout planèt la, e sa te tou fè kwout sou lòt bò planèt la bonbe sòti.
Dansite mwayèn Lalin nan pa plis pase sa, pase dansite wòch ki a la sifas, e se pwobableman paske Lalin nan refwadi pi vit ke Latè ki pi gwo pase l; Lalin nan vin solid pi bonè tou ke Latè, kidonk pat gen ase tan pou diferansysyon te fèt, menm si Lalin nan ta sanble gen yon ti kè ki rich ak fè. Kwout lalin nan pwès anpil, e manto l twò frèt pou plak tektonik ta parèt. Mèki gen yon gwo dansite mwayèn, tankou Latè; sa ta vledi Mèki gen yon gwo nwayo ki dans anpil e ki pwobableman gen fè sitou ladann. Lalin nan pa gen yon gwo chan mayetik ke w te ka mezire, e sa ta sanble se yon konsekans ti vitès wotasyon l ak absans yo kè ki fèt ak metal mou. Chan mayetik fèb Mèki a sanble li te “friz”depi lontan lontan, lè kè an fè planèt la te vin solid.
Youn nan fason yo pi ka eksplike fòmasyon Lalin se lè Latè te fèk fòme e li frape pa yon gwo objè (gwosè planèt Mas). You pati nan kò ki te antre an kolizyon tou rete nèt nan planèt nou an. Rès yo rete an òbit otou Latè, e yo pral fini pa fòme Lalin nan.
Pa gen atmosfè sou Lalin, ni pa gen aktivite volkanik aktyèlman; sa yo, se konsekans ti gwosè Lalin. Gravite linè a twò fèb pou kenbe gaz, e aktivite volkan sou Lalin te fini pa kanpe lè manto Lalin nan te vin frèt aprè ke lav ki te koule anpil te fòme maria yo sa gen 3 milya ane. Kwout ki nan fas kache Lalin nan pi pwès ke kwout ki nan fas vizib la. Sa pral fè ke pral prèske pa gen maria sou fas kache Lalin nan. Mèki evolye menm jan ak Lalin pandan mwatye yon milya ane, aprè yo te fèt. Peryòd volkanik Mèki pwobableman fini avan pa lalin nan.
Commentaires
Enregistrer un commentaire