A ki distans zetwal yo ye nan syèl la?
Teks An Kreyol Aysyen Text In English
A ki distans zetwal yo ye nan syèl la? Lè n'ap gade syèl la leswa, nou wè jan zetwal yo bèl...yo tout parèt komsi yo kroke sou yonsèl plan, yon sèl plafon! Men an reyalite, yo chak gen distans pa yo, e yo lwen anpil anpil anpil...Dayè pa gen anyen nan lavi chak jou nou ki ka pèmèt nou konpare ou byen konprann distans zetwal yo tèlman yo lwen. Sou Latè, pi gwo distans nou ka parcourir se 40000 km ki se circonférence Latè nou an; e poutan, anreyalite, zetwal ki pi prè nou, aprè Solèy la, li sitiye'l a 40000 milya km. Limyè ki sot nan zetwal sa, ki rele Proxima du Centaure, pran plis ke 4 tran pou rive jwenn nou sou Latè...
Men kijan nou fè konnen a ki distans yon zetwal ye parapò ak nou, sou Latè?
En fait, gen plizyè metòd, men nap pale jodia de metòd ki pi simple la: parallaxe stellaire.
Pa bliye ke Latè ap deplase nan lespas, l'ap vire otou Solèy la. Deplasman sa fè ke moun ki á la surface li ap chanje de perspective de tanzantan, tankou lè ou abò you machin k'ap deplase avèk ou e ou wè pyebwa yo a deplase. Kidonk konsa tou ou ka wè bagay ki pa lwen Latè yo ap deplase pi vit e menm a lanvè ke dabitud nan syèl la parapò a bagay ki pi lwen yo. Se sa ki ekplike mouvman aparan retwograd planèt Mars nan syèl la, e se konsa mouvman parallaxe la ye. Konsa tou, pou zetwal yo, sa ki pi prè Latè yo, yo gen yon deplasman aparan yo fè nan syèl la, lè Latè deplase sou òbit li otou Solèy la. Se deplasman aparan sa ke astwonòm yo rele parallaxe stellaire.
Pou w konprann teknik sa pi byen, ann gade kijan natirèlman je moun itilize parallaxe tou. Lè wap gade yon liv ki devan w, ou konsantre vizyon w, kidonk tou 2 je w, sou liv la, men si ou t'ap gad yon pye bwa ki lwen vizyon tou 2 je w pa tap ka konsantre'l sou pyebwa a. Se angle kwazman vizyon de 2 je w ki pral pèmèt sèvo estime distans liv la oswa pyebwa a.
Se sou menm prensip sa ke parallaxe stellaire la fonksyone: lè Latè ap fè mouvman otou Solèy la, soti sou yon pozisyon sou òbit li pou al nan yon lòt pozisyon opoze, si w'ap gade syèl la, sou 6 mwa w'ap remake pozisyon zetwal ki pi prè yo deplase parapò ak lòt zetwal ki pi lwen yo. Se yon astwonòm alman, ki te rele Friedrich Wilhem Bessel, ki te pou lapremyèfwa itilize teknik sa nan lane 1838 pou kalkile distans zetwal 21 Cygni.
Angle visuel, kidonk jan ou wè'l parèt nan syèl la, lè angle aparan sa separe 2 objè reyèlman de 1 UA de distans youn de lòt, astwonòm yo rele'l “parsec”, parallax second, de manière standard,. Matematikman, ou ka kalkile distans yon zetwal si ou itilize parallaxe la ak fòmil sa: d=1/p kote d se distans lan, e p se angle parallaxe zetwal la an arc segond.
Se pou zetwal ki pi pwòch nou yo wi sèlman teknik sa itil, paske plis zetwal la lwen plis rezolisyon angilè yo vin pa ka sèvi ankò. Angle parallaxe la vin piti piti anpil, e odela de yon angle de 0.01 arcsecond pa gen presizyon ankò. Menm nan lespas, metòd sa gen limit li, alewè alasifas Latè! Erezman astwonòm yo gen lòt teknik pou lòt zetwal ki pi lwen. Proxima du Centaure se zetwal ki pi prè nou, aprè Solèy la, e parallaxe li se 0.769 arcsec. Aprè li, se Eloile de Barnard 0.547 arcsec. Bon, gen lòt toujou wi...ann kanpe la toujou.
Commentaires
Enregistrer un commentaire