Recevez dans votre email les dernières info de la SHA

Ekips solè

 




Ekips solè, se lè Lalin nan pase devan Solèy la e tou bouche'l. Konsa nou pa wè Solèy la pou yon ti tan.

Mwe se Captain Astro. Suiv mwen byen: mwen pral eksplike'n.

Lè yon objè, oswa yon moun tou wi, bare yon lòt objè, oswa yon lòt moun, yo di ke objè a eklipse lòt objè a, kidonk li bare'l nèt, e pou pa ka wè'l. Mennm bagay la pou moun nan tou: yon moun bare lòt moun e anpeche ou wè'l, sitou si'l pi bèl, pi konpetan oswa pi malveyan tou, sa ka pèmèt li anpeche ou wè lòt moun nan.


Ann gade ka Lalin nan ak Solèy la pito, nan cadre syans astwonomik.


Gen lòt terme astwonòm yo konn itilize tou wi lè yon objè pase devan yon lòt parapò a jan nou wè'l apati de Latè. Yo pale de occultation, de tranzit; men enfliyans aksyon sa yo sou jan limyè a vinn jwenn nou sou Latè piti piti anpil. Yon egzanp se trazit planèt Mercure oswa Venus devan Solèy la. Nou konprann se pa menm enpak sou kantite limyè solè avèk lè gen yon eklips solè. Paske, gen yon konsèp pou konsidere: dyamèt angilè. Daymèt angilè se gwosè ou wè yon bagay parèt parapò ak si'l pre'w oswa lwen'w. Bagay ki pi pre'w la parèt pi gwo alòske lè'l pi lwen'w li parèt pi piti. Men nou konprann byen se pa gwosè bagay la ki chanje vre.


Se konsa Solèy la ak Lalin nan gen menm dyamèt angilè: 0.5 degré, alòske an reyalite, Solèy la mezire 1.4 milyon km de dyamèt e Lalin nan sèlman 3474 km. Men Solèy la tèlman pi lwen'n (150 milyon km) parapò ak Lalin nan (384400 km), li parèt piti jiskaske'l parèt gen menm gwosè ak Lalin nan, e se sa ki pèmèt eklips solè a: Lalin nan bouche Solèy la...pandan l'ap pase devan'l, jan nou wè'l apati sifas Latè.


Bon, fò'n konnen Lalin nou an ap vire otou Latè, se nòmal: li se yon satelit natirèl. Tou sa pandan Latè ap vire otou Solèy la. Tout mouvman sa yo, sa nou rele dinamism sistèm nan, pral gen enpak sou jan objè sa yo parèt nan syèl la pou nou menm ki sou Latè. Lalin nan pran 29 jou pou fin vire otou Latè achakfwa, kidonk ou ta panse chak mwa ta gen yon eklip solè ou byen menm yon eklip linè! Non monchè ! Tande... An mwayen gen 2 eklips solè pou yon ane. Pa ka gen plis ke 5 eklips solè nan yon ane, e menm la, se nan sitiyasyon esepsyonèl. Poukisa? Bèl kestyon! Se paske plan òbital Lalin nan otou Latè pa aliye li sou plan òbital Latè otou Solèy la. Plan Lalin nan enkline de 5 degré parapò ak plan Latè a. Kidonk, mwatye nan mouvman Lalin nan fèt anwo plan òbital Latè, lòt mwatye a fèt anba'l, savledi Lalin nan pa fasil trouve'l sou wout limyè Solèy la pou'l ta bare'l. Sa rive lè Lalin nan sou kwazman 2 plan yo, sa astwonòm yo rele “noeud”. Teknikman, astwonòm yo konn di 3 astres yo (Solèy, Lalin ak Latè) aliye yo. Se poutèt sa eklips solè oswa eklips linè pa ka fèt chak mwa, men an jeneral 2 fwa pa ane. Li pa plis ke 5 fwa pou yon sèl ane. Kidonk, eklips solè a konsidere kòm yon fenomèn ki rare, sitou ke kote lombraj Lalin nan rive sou Latè pa menm a chak fwa eklips solè a fèt.


Ann fè yon ti repriz: eklips solè a rive lè Lalin nan bare limyè Solèy la pou'l pa rive sou Latè. Kidonk sou Latè ou pa wè Solèy la nan okazyon sa, pou ti tan l'ap pase devan Solèy la, pandan li sou òbit li. Sa rive lè Lalin nan nan faz nouvèl Lin pou eklips solè a, savledi nan yon moman ou pa sipoze wè Lalin nan ditou paske fas vizib li pa resevwa limyè Solèy la; men nan moman eklips la, pandan Lalin nan pa vizib la, li pase devan Solèy la e nou tou wè fom won'l k'ap travèse devan Solèy la. Se sa ki eklips solè a.


Gen yon bagay an plis pou'm ekspline'n: Lalin nan pa oblije parèt bare tout Solèy la, e sa depann de varyasyon distans Lalin nan ak Latè e de pozisyon obsèvatè a sou planèt la. Se sa ki pral fè plizyè kategori eklips solè, tankou eklips solè total, eklip solè pasyèl, eklips solè anilè. Pa egzanp, nan dat 14 òktob 2023 a, te gen yon eklips solè anilè, menm lè li te parèt pasyèl nan syèl nou an Ayiti.


Mwen te eksplike'n talèa nosyon dyamèt angilè ki fè tou 2 astres yo parèt menm gwosè, sa ki pèmèt Lalin nan ka bare Solèy la. Gen tou fòm plan òbital Lalin nan: li pa yon cercle parfait, se pito yon elips tankou tout òbit planèt yo. Kidonk, òbit Lalin nan eliptik, savledi gen pozisyon li ye kote li pi pre planèt la, yo rele sa perije, konsa tou gen pozisyon li lwen planèt la, sa rele apoje. Nou ka konpran donk dyamèt angilè Lalin nan ap varye ak pozisyon'l: lè li pi pre, li parèt pi gwo, li kouvri tout Solèy la nèt, se sa yo rele sa eklip total. Konsa tou, lè Lalin nan lwen, dyamèt angilè'l vin pa ka kouvri tout Sifas Solèy la, gen yon ti pati arebò sifas Solèy la ki parèt kanmenm, li fòme yon sòt de zanno kreyòl, se poutèt sa astwonòm yo rele'l eklips solè anilè. Yo rele'l tou “ring of fire” an anglè, savledi cercle dife.


Jan'm te di nou an, kategori eklips la depann tou de ki kote obsèvatè a ap gade, apati de sifas Latè. Paske lonbraj Lalin nan an reyalite piti anpil parapò ak gwosè sifas Latè: pa bliye Latè pi gwo ke Lalin nan, kidonk lonbraj Lalin ki rive jwenn nou mezire sèlman 200 km nan lajè; e se si obsèvatè a nan pozisyon lonbraj sa egzateman, la rive wè eklips total la nèt, menmsi l'ap komanse wè'l an eklips pasyèl, nan moman premye kontak ant Lalin nan ak Solèy la; se sa yo rele eklips pasyèl. Lalin nan ap pwogrese jiskaske li bouche tout sifas Solèy la, epi l'ap debouche'l progressivement, l'ap repase nan kategori eklips pasyèl la ankò jiskaske li debare'l nèt. Lè sa, liminozite Solèy la retounen nan sa'l te sipoze ye pou moman an, si meteo a dakò, biensur.


Men gen yon lòt bagay ankò: nan voye limyè, ak lonbraj sou Latè, vin gen yon melanj ki fè gen 2 tip lonbraj. Premyèman bonjan lonbraj la kote fè nwa nèt, dezyèmman yon ti lonbraj yo rele pénombre. Alòske sou trajekta lonbraj total la, ou ka rive wè pénombre nan avan e aprè totalite eklips la, gen yon seri de rejyon ki entoure zòn totalite a kote se eklips pasyèl sèlman obsèvatè a ka wè.


Gen yon branch nan astwonomi ki rele mekanik selès ki pèmèt syatifik yo kalkile dat ak kategori eklips solè ak linè ki gen pou rive. Yo itilize anpil paramèt astwonomik ak nimerizasyon enfòmatik pou monte kalandriye eklips yo ak plis presizyon. Depi lontan wi astwonòm yo te konn fè sa. Bon, nan tan lontan gen moun ki te menm konn itilize kalandriye eklips yo pou fè moun pè, tankou Christophe Colomb à la Jamaique nan dat 1 mars 1504, se te yon eklips linè nan moman sa...bon n'a pale de sa yon lòt lè...


Bon, kalandrye mekanik selès la ban nou dat kèk eklip. Dènyèman la, jou ki te 14 oktòb 2023, m'te di'l talèa, nou te wè yon eklips solè pasyèl an Ayiyi, alòske totalite li te anilè sou yon ti rejyon de 300 km ki pase sou preske tout kontinan Ameriken an, soti nan nò pou rive bò Brezil.


Pwike se te yon eklips pasyèl an Ayiti, ou te ka wè limyè Solèy la pa twò desanm vre, ou te ka pat menm konnen te gen yon eklips. Men si'l te total sou Ayiti, tap fè nwa pou 5 min anviwon.


Prochen eklips kap total an Ayiti ap parèt nan dat 12 avril 2045, 30 mars 2052, 20 avril 2053, 30 août 2072, 14 août 2074. Bon mwen kanpe nan dat yo...nou rive lwen. Nan tan pase yo, te gen yon eklips total vizib nan syèl Ayiti nan lane 1998, nou sonje jan Captain Meteo tap eksplike popilasyon an sou kijan pou yo pwoteje je yo. Mwen te viv evenman sa, m'pa konn pou ou. Nan lane 1980 te gen yon eklips solè total an Ayiti tou. Bon, ann kanpe dat pase yo la.


M'ap tou di nou la, gade Solèy dirèkteman ap fè ou avèg, kidonk pa gade Solèy la, tanpri souple, ke gen eklips, ke pa gen eklips. Dayè, evolisyon biologik homo sapiens la fè nou gen je nou nan fas nou, pa anlè tèt nou. Kidonk natirèlman nou gade devan nou pandan n'ap profite de limyè Solèy la k'ap reflechi sou anviwonman nou. Nou pa fikse Solèy la dirèkteman, sof si ou ta baskile tèt ou dèyè pou w ta gade Solèy la. Bon, pou eklips la, si ou fè sa, l'ap detwi retin ou, l'ap abime kristalen ou, w'ap malad nan je'w, ou ka vin avèg.


Listwa rapòte ke se sa ki ta rive Galilée, astwonòm ki te itilize linèt astwonomik pou la premyè fwa pou obsèvasyon astwonomik. Nan obsève Solèy la dirèkteman, li abime zye'l. Gen kèk istoryen ki pa dakò ak tèz sa e, selon yo, se laj avanse Galilée ki ta rann li avèg, ak maladi dejenerativ granmoun konn genyen.


Mwen swete nou konprann fenomèn astwonomik sa ki se eklip solè a. Nou pa twò pale la de eklips linè a, menm lè nou site'l, men nou gen pou'n pale spesyalman sou sa nan yon lòt epizòd.


An atandan, si ou gen kestyon sou eklips solè oswa nenpòt lòt kestyon sou astwonomi, Captain Astro la pou ede ou sou rezo sosio yo oswa sou telefon WhatsApp na 38407775. Pataje a tout moun ki konprann kreyòl, like , e a byento.







Commentaires

Articles les plus consultés

Phases de la Lune actuellement

La Lune